BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 11
  • Anseye yon fason ki senp

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anseye yon fason ki senp
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi te fè
  • Ki sa nou aprann sou Jezi?
  • Imite Jezi
  • Ann ede etidyan nou yo vin kalifye pou yo batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Fason pou w sèvi ak Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an pou w kondui etid Labib
    Renmen moun, epi fè disip
  • Veye pou nou toujou gen ‘ ladrès nan fason nou anseye ’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Se pou nou byen prepare pou nou anseye moun yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 11

FASON POU W FÈ DISIP

Jezi k ap anseye yon foul moun bò yon dlo. Gen zwazo k ap vole nan syèl la e gen ti pye flè k ap pouse toupre a.

Mat. 6:​25-27

LESON 11

Anseye yon fason ki senp

Prensip: “Di pawòl ki fasil pou moun konprann.” — 1 Kor. 14:9.

Sa Jezi te fè

Jezi k ap anseye yon foul moun bò yon dlo. Gen zwazo k ap vole nan syèl la e gen ti pye flè k ap pouse toupre a.

VIDEYO: Jezi montre Papa nou an pran swen nou

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Matye 6:​25-27. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Ki jan Jezi te montre n Jewova pran swen nou?

  2. Byenke Jezi konnen anpil bagay sou zwazo, sou ki pwen tou senp li te mete aksan? Poukisa se yon bon fason pou yon moun anseye?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Lè nou anseye yon fason ki senp, moun yo ap sonje sa yo aprann nan e sa ap touche kè yo.

Imite Jezi

3. Pa pale twòp. Olye w rakonte tout sa w konnen sou yon sijè, ret konsantre sou enfòmasyon yo bay nan leson an. Apre w fin poze yon kesyon, bay etidyan an ase tan pou l reponn. Si l pa konn repons lan oswa si l di yon bagay ki kontrè ak sa Bib la anseye, poze l lòt kesyon pou w ede l rezone sou pwen an. Depi etidyan an fin konprann ide prensipal la, avanse nan yon lòt pwen.

4. Ede etidyan an sèvi ak sa l deja konnen pou l konprann bagay ki nouvo yo. Pa egzanp, anvan w kòmanse yon leson sou rezirèksyon, ou ka fè yon ti pale tou kout sou sa etidyan an deja aprann sou kondisyon mò yo.

5. Byen sèvi ak egzanp. Anvan w bay yon egzanp, mande tèt ou:

  1. ‘Èske egzanp lan senp?’

  2. ‘Èske etidyan m nan ap konprann li byen fasil?’

  3. ‘Èske l ap ede etidyan m nan sonje ide kle a, oubyen jis egzanp lan?’

GADE TOU

Mat. 11:25; Jan 16:12; 1 Kor. 2:1

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje