BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • br-1 p. 8-12
  • Èske w ap soutni souvrènte Jewova ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w ap soutni souvrènte Jewova ?
  • Atik n ap etidye ki soti nan Toudegad anglè desanm 2007
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Satan atake souvrènte Jewova dirèkteman
  • “ Wayòm Bondye a vin pi pre ”
  • “ Sa reyalize ! ”
  • Yon modèl pou nou suiv
  • Lè Bondye ap vin “ tout bagay pou tout moun ”
  • Souvrènte Jewova ak Wayòm li an
    Atik n ap etidye ki soti nan Toudegad anglè desanm 2007
  • Fason Jezi fè jistis Bondye parèt pi klè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Ann defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Kite je w fikse sou kesyon ki pi enpòtan an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Atik n ap etidye ki soti nan Toudegad anglè desanm 2007
br-1 p. 8-12

Èske w ap soutni souvrènte Jewova ?

“ Fè konnen nan tout nasyon : ‘ Jewova li menm vin wa .’” — SÒM 96:10.

1, 2. a) Ki evènman estrawòdinè ki te rive nan zòn mwa oktòb ane 29 epòk nou an ? b) Ki siyifikasyon evènman sa a te genyen pou Jezi ?

NAN zòn mwa oktòb ane 29 epòk nou an, gen yon evènman estrawòdinè ki te rive. Evènman sa a, moun potko janm wè l sou tè a anvan sa. Men sa Matye, youn nan moun ki te ekri Evanjil yo, rapòte : “ Apre Jezi fin batize, tousuit li monte sot anba dlo a, epi, gade, syèl la ouvri, epi li [Jan Batis] wè lespri Bondye a k ap desann vin sou [Jezi] tankou yon pijon. Gade ! Epitou te gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di : ‘ Sa se Pitit Gason m, byenneme a, li menm mwen apwouve a ’.” Se youn nan kèk evènman toule kat evanjelis yo rapòte. — Matye 3:16, 17 ; Mak 1:9-11 ; Lik 3:21, 22 ; Jan 1:32-34.

2 Lefètke lespri sen te desann sou Jezi yon fason vizib, sa te idantifye Jezi antanke Moun Jewova wenn nan, yon ekspresyon ki vle di Mesi oswa Kris (Jan 1:33). Finalman, “ semans ” yo te pwomèt la te parèt ! Moun ki te kanpe devan Jan Batis la se li menm Satan t apral mètri nan talon an, e se li menm ki t apral kraze tèt Satan, pi gwo ènmi Jewova a, pi gwo opozan ak souvrènte l la (Jenèz 3:15). Apati de moman sa a, Jezi te byen konprann li te dwe fè tout efò l pou l akonpli objektif Jewova anrapò ak souvrènte L e anrapò ak Wayòm nan.

3. Ki jan Jezi te prepare l pou wòl li t apral gen pou l jwe nan kesyon soutni souvrènte Jewova a ?

3 Pou Jezi prepare l pou responsablite ki t ap tann li an, pandan li ‘ te ranpli ak lespri sen, li tounen sot bò Jouden an, epi lespri sen mennen l pasipala nan dezè a ’. (Lik 4:1 ; Mak 1:12.) Pandan 40 jou Jezi te pase nan dezè a, li te pran tan pou l medite an pwofondè sou kesyon souvrènte a, kesyon Satan te soulve a, e sou jan li t apral mennen lavi l dekwa pou l soutni souvrènte Jewova. Kesyon sa a konsène tout kreyati entèlijan Jewova yo, ni sa ki nan syèl la, ni sa ki sou tè a. Se sa k fè, li bon pou nou egzamine lavi Jezi, yon moun ki fidèl, pou nou wè ki sa nou dwe fè pou nou montre nou menm tou nou vle soutni souvrènte Jewova. — Jòb 1:6-12 ; 2:2-6.

Satan atake souvrènte Jewova dirèkteman

4. Ki sa Satan te fè ki montre aklè li te atake souvrènte Jewova dirèkteman ?

4 Natirèlman, pa gen youn nan evènman nou sot site la yo ki te pase inapèsi nan je Satan. Li pa t pran tan pou l atake prensipal “ semans ” “ madanm ” senbolik Bondye a (Jenèz 3:15). Pandan twa fwa, Satan tante Jezi, li pwopoze Jezi pou Jezi fè sa ki nan pwòp avantaj pa Jezi olye pou Jezi fè sa Papa l vle l fè. Nan twazyèm tantasyon an an patikilye, Satan atake souvrènte Jewova dirèkteman. Li montre Jezi “ tout wayòm monn nan ak glwa yo genyen, e li di l : ‘ Tout bagay sa yo, m ap ba ou yo si w tonbe devan m epi ou fè yon jès adorasyon pou mwen. ’ ” Piske Jezi te konnen trè byen se toutbon Dyab la gen kontwòl sou “ tout wayòm monn ” nan, Jezi te montre ki kote li kanpe nan kesyon souvrènte a. Men sa li reponn : “ Al fè wout ou, Satan, paske sa ekri : ‘ Se Jewova Dye w la ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre. ’ ” — Matye 4:8-10.

5. Ki misyon difisil Jezi te dwe akonpli ?

5 Fason Jezi te viv la te montre aklè prensipal objektif Jezi genyen se soutni souvrènte Jewova a. Piske Satan t apral lakòz Jezi mouri, Jezi te konnen byen li te dwe ret fidèl jiska lamò, yon fason pou l pwouve Jewova gen dwa pou l egzèse souvrènte l. Jan pwofesi a te gentan predi sa, se lanmò sa a ki t ap reprezante mètri yo t apral mètri “ semans ” madanm nan nan talon an (Matye 16:21 ; 17:12). Anplis de sa, li te gen pou l fè konnen Wayòm Bondye a se mwayen Jewova itilize pou l detwi Satan, rebèl la, e pou L retabli lapè ak lòd nan tout kreyasyon an. Ki sa Jezi te fè pou l akonpli misyon difisil sa a ?

“ Wayòm Bondye a vin pi pre ”

6. Ki jan Jezi te fè moun konnen Wayòm nan se mwayen Bondye pral itilize pou l “ kraze travay Dyab la ” ?

6 Pou kòmanse, “ Jezi t al Galile, li t ap preche bon nouvèl Bondye a. E li t ap di : ‘ Tan fikse a akonpli, e wayòm Bondye a vin pi pre. ’ ” ​(Mak 1:14, 15). Anfèt, men sa l te deklare : “ Fòk mwen al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a, paske se pou sa yo te voye m. ” ​(Lik 4:18-21, 43). Jezi te vwayaje nan kat kwen peyi a, “ li t ap preche e li t ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a ”. (Lik 8:1.) Li te fè anpil mirak tou, li te bay foul moun manje, li te kalme move tan, li te geri moun ki malad, li te leve moun mouri. Grasa mirak sa yo, Jezi te pwouve Bondye pral defèt tout mal e li pral elimine tout soufrans ki egziste jodi a akoz rebelyon ki te fèt ann Edenn nan e konsa, l ap “ kraze travay Dyab la ”. — 1 Jan 3:8.

7. Ki sa Jezi te òdone disip li yo pou yo fè, e ki rezilta yo te jwenn ?

7 Pou Jezi te ka asire l yo pral preche bon nouvèl Wayòm nan afon, li te rasanble yon gwoup disip fidèl, li ba yo fòmasyon pou yo fè travay sa a. Toudabò, li chwazi 12 apot li yo e “ li voye yo pou yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye a ”. (Lik 9:1, 2.) Apre sa, li voye 70 lòt disip anonse mesaj sa a : “ Wayòm Bondye a vin pre nou. ” ​(Lik 10:1, 8, 9). Lè disip sa yo te retounen e yo te di Jezi jan yo te jwenn siksè nan travay preche Wayòm nan, li te reponn yo : “ Mwen wè Satan deja sot tonbe nan syèl la tankou yon zèklè. ” — Lik 10:17, 18.

8. Ki sa fason Jezi te viv lè l te sou tè a demontre aklè ?

8 Jezi pa t janm menaje fòs li lè pou l bay temwayaj konsènan Wayòm nan ni li pa t janm kite okenn okazyon pase pou l pa fè sa. Li te travay san rete, lajounen kou lannuit, li te menm chwazi viv yon fason ki pa konfòtab. Men sa li te di : “ Rena yo gen twou e zwazo nan syèl yo gen nich, men Pitit lòm nan pa gen kote pou l poze tèt li. ” ​(Lik 9:58 ; Mak 6:31 ; Jan 4:31-34). Yon ti tan anvan lanmò Jezi, avèk kran, men sa l te di Pons Pilat : “ Se poutèt sa mwen vini nan monn nan : pou m rann temwayaj pou laverite. ” ​(Jan 18:37). Pandan tout lavi Jezi sou tè a, li te demontre li pa t vini sèlman pou l te anseye, pou l te fè mirak, oswa pou l te bay lavi l an sakrifis pou l sove limanite, men li te vini espesyalman pou l soutni souvrènte Jewova, pou l fè volonte L, e pou l fè konnen Jewova gen kapasite pou l akonpli volonte l grasa Wayòm li an. — Jan 14:6.

“ Sa reyalize ! ”

9. Finalman, ki jan Satan te reyisi mètri “ semans ” madanm senbolik Bondye a nan talon ?

9 Tout sa Jezi te akonpli anrapò ak Wayòm nan te fè advèsè a fache, anpalan de Satan Ledyab. Plizyè fwa, Satan sèvi ak pati terès “ semans ” li an, swa politik, swa relijye, pou l eseye detwi “ semans ” madanm senbolik Bondye a. Depi lè Jezi te fèt e jiskaske li rive nan fen lavi l sou tè a, se li ki te sib Satan ak akolit li yo. Finalman, nan prentan ane 33 epòk nou an, lè a te rive pou yo te livre Pitit lòm nan men advèsè a pou l mètri l nan talon (Matye 20:18, 19 ; Lik 18:31-33). Evanjil yo montre aklè ki jan Satan rive manipile moun — soti nan Jida Iskaryòt pase nan prèt an chèf yo, eskrib yo, pou rive nan Farizyen yo ak Women yo — pou l fè kondane Jezi e pou fè l sibi yon lanmò atwòs sou yon poto soufrans. — Travay 2:22, 23.

10. Ki sa prensipalman Jezi te reyalize grasa lanmò l sou poto soufrans lan ?

10 Lè w ap panse ak Jezi ki sou poto a, k ap soufri, k ap agoni e k ap mouri antife, ki sa k vin nan lespri w ? Petèt ou sonje sakrifis Jezi te bay kòm ranson an, sakrifis li te bay ak tout kè l pou lèzòm pechè (Matye 20:28 ; Jan 15:13). Petèt, ou emèveye devan kokenn lanmou Jewova te demontre lè li te aksepte bay sakrifis sa a (Jan 3:16). Oubyen, ou ka santi w menm jan ak ofisye Women an ki te santi l pouse pou l di : “ Vrèmanvre mesye sa a se te Pitit Bondye. ” ​(Matye 27:54). Se sèten, tout reyaksyon sa yo bon. Toutfwa, sonje dènye pawòl Jezi te di lè li te sou poto soufrans lan : “ Sa reyalize ! ” ​(Jan 19:30). Ki sa ki te reyalize a ? Byenke Jezi te reyalize anpil bagay pandan l t ap viv e li te reyalize anpil bagay grasa lanmò l tou, men èske prensipal rezon ki fè li te vin sou tè a se pa t pou l regle kesyon souvrènte Jewova a ? Èske yo pa t deja predi, antanke “ semans ” lan, li t apral soufri anba men Satan e Satan t apral teste l jis nan dènye limit, e konsa, Jezi t apral sangtifye non Jewova anba opwòb (Izayi 53:3-7) ? Responsablite sa yo te lou anpil, sepandan Jezi te akonpli yo alalèt. Ala yon bèl reyalizasyon !

11. Ki sa Jezi pral fè pou l akonpli pwofesi Bondye te bay ann Edenn nan totalman ?

11 Bondye te resisite Jezi pou fidelite l. Li pa t resisite l antanke imen, men antanke “ yon lespri ki bay lavi ”. (1 Korentyen 15:45 ; 1 Pyè 3:18.) Men pwomès Jewova te fè Pitit li a ki te resevwa laglwa : “ Chita adwat mwen jiskaske mwen plase ènmi w yo tankou yon tabourè anba pye w. ” ​(Sòm 110:1). Pami ènmi sa yo, gen Satan prensipal koupab la, ak tout lòt kreyati ki fòme semans li a. Antanke Wa nan Wayòm mesyanik Jewova a, Jezi Kris pral pran latèt pou l detwi rebèl yo ni nan zòn selès yo ni sou tè a (Revelasyon 12:7-9 ; 19:11-16 ; 20:1-3, 10). Se lè sa a pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan pral reyalize nèt. E se lè sa a tou priyè Jezi te montre disip li yo fè a pral reyalize nèt, priyè ki di : “ Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la. ” — Matye 6:10 ; Filipyen 2:8-11.

Yon modèl pou nou suiv

12, 13. a) Jodi a, ki jan moun yo reyaji devan mesaj konsènan bon nouvèl Wayòm nan ? b) Sou ki sa nou dwe reflechi si nou vle suiv tras Kris ?

12 Jodi a, yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye a nan anpil peyi, jan Jezi te pwofetize sa (Matye 24:14). Kòm rezilta, gen plizyè milyon moun ki vwe vi yo bay Bondye. Y ap tann ak kè kontan benediksyon Wayòm nan pral pote yo. Avèk enpasyans, y ap tann pou yo viv anpè e an sekirite nan yon paradi sou tè a pou toutan, e se avèk jwa yo pataje esperans sa a yo genyen an ak lòt moun (Sòm 37:11 ; 2 Pyè 3:13). Èske w se youn nan moun sa yo k ap pwoklame Wayòm nan ? Si repons lan se wi, ou merite felisitasyon. Sepandan, gen yon lòt bagay nou chak ta dwe reflechi sou li.

13 Men sa apot Pyè te ekri : “ Kris te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou ka suiv tras li fidèlman. ” ​(1 Pyè 2:21). Remake nan vèsè sa a, apot Pyè pa t pale ni sou zèl Jezi te genyen pou l preche ni sou abilite li te genyen pou l anseye, men li te pale pito sou soufrans Jezi te andire yo. Antanke moun ki te temwen soufrans sa yo, Pyè te byen konnen jis nan ki pwen Jezi te dispoze soufri, yon fason pou l ka soumèt devan souvrènte Jewova e pou l pwouve Satan se yon mantè. Nan ka sa a, nan ki domèn nou ka suiv tras Jezi fidèlman ? Nou ta dwe mande tèt nou : ‘ Jis nan ki pwen mwen dispoze soufri pou m soutni souvrènte Jewova e pou m onore l ? Èske mwen demontre nan fason m ap viv e nan fason mwen akonpli ministè m, bagay ki gen plis enpòtans nan lavi m se soutni souvrènte Jewova ? ’ — Kolosyen 3:17.

14, 15. a) Ki jan Jezi te reyaji devan sijesyon ak òf yo te fè l ki pa t bon, e poukisa li te reyaji konsa ? b) Ki sa nou dwe toujou gen nan lespri nou ? (Sèvi ak kare “ Pran pozisyon pou Jewova ” a.)

14 Chak jou, n ap fè fas ak difikilte e nou dwe pran yon seri desizyon, kit difikilte sa yo ak desizyon sa yo gwo kit yo piti. Ki sa k ta dwe detèmine fason n ap reyaji ? Pa egzanp, si nou ta devan yon tantasyon pou nou fè yon bagay ki t ap mete repitasyon nou antanke kretyen an danje, ki jan nou t ap reyaji ? Lè Pyè te di Jezi pou l bon ak tèt li, ki jan Jezi te reyaji ? Men sa l te reponn : “ Pase dèyè m, Satan ! [...] Sa w panse a se pa panse Bondye, men se panse lèzòm. ” ​(Matye 16:21-23). Oubyen, si yo ta ofri nou yon opòtinite nan domèn finansye oswa yo ta ofri yon opòtinite pou nou fè yon karyè k ap pèmèt nou avanse nan monn nan menmsi sa t ap lakòz nou neglije espirityalite nou, èske nou t ap reyaji menm jan ak Jezi ? Lè Jezi te rann li kont moun ki te wè mirak li te fè yo ‘ t apral vin met men sou li pou yo fè l wa ’, li te chape poul li. — Jan 6:15.

15 Poukisa Jezi te reyaji avèk fèmte konsa, ni nan okazyon sa a ni nan lòt okazyon ankò ? Se paske li te konnen te gen yon bagay ki pi enpòtan pase sekirite l oswa pwòp avantaj li ki te enplike. Li te vle fè volonte Papa l e li te vle soutni souvrènte l kèlkeswa sa sa t ap koute l (Matye 26:50-54). Se sa k fè, si kesyon souvrènte Jewova a pa byen klè nan lespri nou, jan li te byen klè nan lespri Jezi a, gen danje pou nou fè konpwomi oswa pou nou pa fè sa ki byen. Poukisa nou di sa ? Se paske li fasil pou nou tonbe nan pyèj Satan yo, li menm ki se ekspè nan fè sa ki mal parèt atiran, menm jan li te fè sa nan ka Èv. — 2 Korentyen 11:14 ; 1 Timote 2:14.

16. Ki sa ki ta dwe objektif prensipal nou lè n ap ede moun yo ?

16 Nan ministè nou, nou fè efò pou nou pale ak tout kalite moun sou sa ki preyokipe yo e nou montre yo repons Bib la bay sou sa. Se yon fason ki efikas pou nou eveye enterè yo pou yo etidye Labib. Sepandan, objektif prensipal nou se pa pou nou annik ede moun yo pou yo konnen sa Bib la di oswa pou nou annik pale yo de benediksyon Wayòm Bondye a pral pote. Nou dwe ede moun yo byen konprann vrè kesyon an, kesyon souvrènte Jewova a. Èske yo dispoze vin yon vrè kretyen e èske yo dispoze pran “ poto soufrans ” yo pou yo soufri pou Wayòm nan (Mak 8:34) ? Èske yo pare pou yo vin asosye ak moun k ap soutni souvrènte Jewova yo, e konsa yo pwouve Satan se yon mantè e li se yon blasfematè (Pwovèb 27:11) ? Nou gen privilèj pou nou soutni souvrènte Jewova e pou nou ede lòt moun fè menm jan an. — 1 Timote 4:16.

Lè Bondye ap vin “ tout bagay pou tout moun ”

17, 18. Ki epòk estrawòdinè n ap tann si nou montre n ap soutni souvrènte Jewova ?

17 Piske depi kounye a nou fè tout sa nou kapab pou nou demontre n ap soutni souvrènte Bondye ni nan konduit nou ni nan ministè nou, nou kapab tann avèk enpasyans epòk kote Jezi Kris pral “ remèt wayòm nan bay Bondye li a, Papa li ”. Ki lè sa pral fèt ? Men sa apot Pòl esplike : “ Lè l fin fè tout gouvènman, tout otorite ansanm ak tout pisans tounen anyen. Paske li dwe gouvène antanke wa jiskaske Bondye mete tout ènmi yo anba pye l [...], alò Pitit Gason an li menm tou pral soumèt tèt li devan Sila a ki te fè tout bagay soumèt devan l lan, pou Bondye ka tout bagay pou tout moun. ” — 1 Korentyen 15:24, 25, 28.

18 Lè Bondye ap vin “ tout bagay pou tout moun ”, ala yon bèl epòk sa pral ye ! Lè sa a, Wayòm nan ap deja fin akonpli misyon l. Tout kreyati ki opoze ak souvrènte Jewova yo ap deja elimine. Lapè ak lòd ap deja restore nan tout linivè. Tout kreyasyon an pral chante chan salmis lan ki di : “ Bay Jewova glwa ki pou non l [...]. Fè konnen nan tout nasyon : ‘ Jewova li menm vin wa ’. ” — Sòm 96:8, 10.

Èske w ka reponn ?

• Ki jan Jezi te montre se kesyon souvrènte Bondye a ki gen plis enpòtans nan je l ?

• Ki sa prensipalman Jezi te akonpli grasa ministè l e grasa lanmò l?

• Nan ki domèn nou ka suiv egzanp Jezi pou nou montre n ap soutni souvrènte Jewova ?

[Kare/Foto nan paj 11]

PRAN POZISYON POU JEWOVA

Jan anpil frè nan peyi Kore ak nan anpil lòt peyi konn sa, lè kretyen yo ap fè fas ak gwo eprèv, li bon pou yo pa janm bliye rezon ki fè yo rankontre eprèv sa yo.

Men sa youn nan Temwen Jewova ki te nan prizon sou ansyen rejim sovyetik la deklare : “ Sa ki te ede nou andire, se te bonjan konpreyansyon nou te genyen sou kesyon ki te soulve nan jaden Edenn nan, kesyon ki gen rapò ak dwa Bondye genyen pou l dirije. [...] Nou te konnen nou te gen opòtinite pou nou pran pozisyon pou dominasyon Jewova a. [...] Sa te fòtifye nou e sa te ede nou kenbe entegrite nou. ”

Gen yon lòt Temwen ki esplike sa k te ede li menm ansanm ak lòt Temwen parèy li yo nan yon kan travo fòse. Li di : “ Jewova te soutni nou. Malgre kondisyon difisil, nou te rete je klè espirityèlman. Youn te konn ankouraje lòt, lè youn te fè lòt sonje se pou Jewova nou pran pozisyon nan kesyon souvrènte inivèsèl la. ”

[Foto nan paj 8]

Ki jan Jezi te soutni souvrènte Jewova lè Satan te tante l ?

[Foto nan paj 10]

Ki sa Jezi te akonpli grasa lanmò l ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje