Ann defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an!
“Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay.” — REV. 4:11.
1, 2. Ki konviksyon nou chak dwe genyen? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
JAN nou te aprann sa nan atik ki vin anvan an, Dyab la fè konprann Jewova mal sèvi ak dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an epi lèzòm t ap pi byen si se yo ki t ap dirije tèt yo. Èske Satan gen rezon? Ann sipoze moun ki chwazi dirije tèt yo te kapab viv pou toutan. Èske yo t ap viv pi byen san direksyon Bondye? Èske w t ap gen plis kè kontan si w te lib pou w fè sa w vle e si w t ap viv nètale?
2 Pèsonn pa ka reponn kesyon sa yo pou ou. Se chak moun ki dwe byen reflechi sou yo. Lè n fè sa, n ap vin wè aklè se Bondye ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren. Se pi bon dominasyon an, e l merite pou n soutni l ak tout kè n. Bib la ban nou bonjan rezon pou n gen konviksyon sa a. Pa egzanp, ann egzamine sa Ekriti yo di sou dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an.
JEWOVA GEN DWA POU L DIRIJE
3. Poukisa se Jewova sèl ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren?
3 Se Jewova sèl ki gen dwa pou l dirije linivè antanke Souvren paske li se Bondye toupisan an e li se Kreyatè a (1 Kwo. 29:11; Tra. 4:24). Nan yon vizyon nou jwenn nan Revelasyon 4:11, Bib la pale de 144 000 moun ki pral dirije ak Kris nan syèl la k ap di: “Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.” Wi, piske se Jewova ki kreye tout bagay, li gen tout dwa pou l dirije ni moun ni zanj.
4. Poukisa lè yon moun opoze ak dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an li mal sèvi ak libète l genyen pou l deside?
4 Satan pa kreye anyen. Donk, li pa gen okenn dwa pou l fè konnen li kapab dirije linivè. Lè li menm ak premye mesyedam yo te rebele kont dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an, yo te aji avèk awogans (Jer. 10:23). Se vre, antanke kreyati ki gen libète pou yo deside, yo te kapab chwazi pran endepandans yo parapò ak Bondye. Men, èske sa te ba yo dwa pou yo fè sa? Non. Libète moun genyen pou yo deside a pèmèt yo fè anpil chwa ki apwopriye nan lavi a chak jou. Men, li pa ba yo dwa pou yo rebele kont Sila a ki kreye yo a e ki ba yo lavi. Sa klè, lè yon moun opoze ak Jewova, li mal sèvi ak libète l genyen pou l deside a. Antanke moun, plas nou se anba dominasyon Jewova a ki jis li ye.
5. Sa k fè nou ka gen asirans desizyon Bondye pran yo jis?
5 Gen yon lòt rezon ki fè se Jewova sèl ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren. Li egzèse otorite l ann amoni ak jistis li ki pafè. Men sa l di: “Mwen se Jewova, Sila a ki demontre lanmou fidèl li genyen an, Sila a ki pratike sa ki jis e ki fè sa ki dwat sou tè a, paske se nan bagay sa yo mwen pran plezi.” (Jer. 9:24). Li pa gade nan okenn lwa lèzòm enpafè ekri pou l ka konnen sa ki dwat ak sa ki bon. Se li menm menm ki etabli sa ki jis, e se sou baz sa a, li fè ekri lwa pou lèzòm. “Dominasyon [l] lan chita sou jistis ak ladwati”, se sa k fè nou kapab gen konfyans tout lwa l yo, prensip li yo ak desizyon l yo jis (Sòm 89:14; 119:128). Yon lòt bò, malgre Satan fè konnen Jewova mal sèvi ak dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an, Satan pa kapab tabli yon monn kote toujou gen jistis.
6. Ki youn nan rezon ki fè Jewova gen dwa pou l gouvène monn nan?
6 Mete sou sa, se Jewova ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren paske l gen konesans ak sajès ki nesesè pou pran swen linivè. Pa egzanp, ann konsidere kapasite Bondye te bay Pitit Gason l lan pou l geri yon seri maladi doktè pa t kapab geri (Mat. 4:23, 24; Mak 5:25-29). Pou Jewova, se pa t mirak bagay sa yo te ye. Li konprann fason lèzòm fèt e l gen kapasite pou l repare tout dega kò lèzòm sibi. Se menm bagay la tou konsènan kapasite Jewova genyen pou l leve moun ki mouri e pou l anpeche katastwòf natirèl.
7. Nan ki sans sajès Jewova genyen an siperyè lontan parapò ak sajès monn ki anba dominasyon Satan an?
7 Monn ki anba enfliyans Satan an toujou ap chèche yon mwayen pou l rezoud konfli nasyonal yo ak konfli entènasyonal yo. Se Jewova sèl ki gen sajès pou fè gen lapè nan monn nan (Eza. 2:3, 4; 54:13). Tank n ap konprann konesans ak sajès Jewova genyen, nou santi n menm jan ak apot Pòl ki te di pawòl sa yo Bondye te enspire l pou l ekri: “Ala anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras chemen l yo!” — Wom. 11:33.
SE FASON JEWOVA DIRIJE A KI PI BON
8. Ki sa k touche kè w konsènan fason Jewova dirije a?
8 Bib la pa senpleman di Jewova gen dwa pou l dirije. Li montre rezon ki fè dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an siperyè lòt yo. Youn nan rezon yo sèke li dirije avèk lanmou. Vrèmanvre, fason l chwazi egzèse dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an touche kè nou. Li se yon Bondye “ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite”. (Egz. 34:6.) Li aji ak moun k ap sèvi l yo avèk diyite e avèk respè. Li pran swen nou pi byen pase fason nou kapab pran swen tèt nou. Kontrèman ak sa Dyab la fè konnen, Jewova pa anpeche adoratè l yo ki fidèl jwenn kèlkeswa bon bagay la. Rezon an se paske l te menm bay Pitit Gason l renmen anpil la pou nou pou n ka gen lavi ki pap janm fini an! — Li Sòm 84:11; Women 8:32.
9. Ki jan n fè konnen Bondye enterese nan chak moun?
9 Jewova pa enterese sèlman nan pèp li a antanke gwoup. Li montre bonjan enterè pou chak moun tou. Pa egzanp, ann konsidere twa syèk kote Jewova t ap nome jij e l te ba yo pouvwa pou yo delivre nasyon Izrayèl la anba men moun ki t ap toupizi yo. Pandan peryòd boulvès sa a, li te remake yon dam ki pa t Izrayelit ki te rele Rit. Dam sa a te fè gwo sakrifis pou l te ka vin nan vrè adorasyon an. Jewova te beni Rit lè l te pèmèt li gen yon mari ak yon pitit gason. Men se pa sa sèlman. Lè l resisite Rit, Rit pral aprann pitit gason l lan te fè pati liy fanmi kote Mesi a te soti. Epi, imajine jan sa pral touche l lè l pral aprann Bondye te fè yo prezève istwa lavi l nan yon liv nan Bib la ki pote non l! — Rit 4:13; Mat. 1:5, 16.
10. Poukisa Jewova pa egzèse dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an yon fason ki di?
10 Fason Jewova dirije a pa ni rèd ni strik. Li pèmèt nou gen libète e sa fè n gen kè kontan (2 Kor. 3:17). Men sa David te di nan sans sa a: “Kote [Bondye] ye a gen glwa e li bèl anpil, kote l rete a gen fòs ak lajwa.” (1 Kwo. 16:7, 27). Menm jan an tou, men sa Etan, youn nan moun ki te ekri sòm yo, te di: “Byennere moun k ap rele ak kè kontan lè y ap fè louwanj pou ou. O Jewova, yo kontinye mache avè w e yo gen favè w. Se tout lajounen y ap rejwi poutèt non w. Yo jwenn glwa grasa jistis ou.” — Sòm 89:15, 16.
11. Ki jan n ka vin gen plis konviksyon se fason Jewova dirije antanke Souvren an ki pi bon?
11 Lè n toujou medite sou jan Jewova bon sa ka fè n vin gen plis konviksyon se fason l dirije a ki pi bon. Nou vin santi n menm jan ak youn nan moun ki te ekri sòm yo ki te di: “Yon jou nan lakou w yo pi bon pase 1 000 jou nenpòt lòt kote.” (Sòm 84:10). Èske se pa sa n dwe atann? Antanke Achitèk e antanke Kreyatè nou ki renmen nou, Jewova konnen sa nou bezwen pou n gen kè kontan toutbon, e li byen konble bezwen sa a. Kèlkeswa sa l mande n fè se pou byen nou e sa fè n gen anpil kè kontan. Nou wè sa, menm lè n dwe fè kèk sakrifis pou n fè sa l mande yo. — Li Ezayi 48:17.
12. Ki prensipal rezon nou genyen pou n defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an?
12 Bib la fè konnen, apre Rèy mil an Kris la, gen kèk moun k ap chwazi rebele kont dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an (Rev. 20:7, 8). Ki sa k ka pouse yo fè yon bagay konsa? Pa gen dout, apre yo fin libere Dyab la nan prizon, li pral aji yon fason ki egoyis nan entansyon pou l twonpe lèzòm. Se konsa l toujou aji. Li ka eseye konvenk lèzòm pou l fè yo kwè gen yon fason yo ka viv pou toutan san yo pa bezwen obeyi Jewova. Nòmalman, sa pap janm ka fèt. Men, nou ta dwe mande tèt nou: Èske yon fo deklarasyon konsa ap janm atire nou? Si n renmen Jewova e n ap sèvi l paske li bon e paske l gen dwa pou l dirije linivè antanke Souvren, lè sa a n ap rejte vye deklarasyon Dyab la fè a. Se sèlman anba dominasyon Jewova, Souvren an, ki dirije avèk jistis e avèk lanmou, n ap vle viv.
ANN DEFANN DWA BONDYE GENYEN POU L DIRIJE A FIDÈLMAN
13. Lè n imite Bondye, ki jan sa montre n ap soutni l?
13 Pa gen dout, Jewova merite pou n defann dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an ak tout kè nou. Jan nou te wè sa, li gen dwa pou l dirije, e se fason l dirije a ki pi bon. Nou ka defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an lè n kenbe entegrite n e lè n sèvi l fidèlman. Ki lòt fason nou ka fè sa? Nou ka fè sa lè n fè bagay yo menm jan ak Jewova. Lè n wè bagay yo fason Jewova wè yo, nou montre nou renmen l e n ap soutni fason l dirije a. — Li Efezyen 5:1, 2.
14. Ki jan ansyen yo ak chèf fanmi yo ka imite Jewova?
14 Nan etid nou fè nan Bib la, nou aprann Jewova egzèse otorite l avèk lanmou. Ann amoni ak sa, chèf fanmi yo ak ansyen yo ki renmen fason Jewova dirije antanke Souvren an pap fè egzijans, kòmkwa yo se yon ti souvren. Okontrè, y ap imite Jewova. Pòl te konn imite Bondye ak Pitit Gason Bondye a nan fason sa a (1 Kor. 11:1). Pòl pa t konn fè moun wont oswa fè presyon sou yo pou yo aji jan l vle a. Olye de sa, li te konn sipliye yo (Wom. 12:1; Efe. 4:1; Flm. 8-10). Se konsa Jewova vle n aji. Kidonk, se konsa tout moun ki renmen fason Jewova dirije a e k ap soutni l ta dwe aji.
15. Lè n respekte otorite Jewova tabli, ki jan sa montre nou renmen fason l dirije?
15 Ki jan n reyaji devan moun Bondye tabli pou dirije yo? Lè n kowopere avèk respè, nou montre n ap defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an. Menmsi nou pa fin byen konprann yon desizyon oswa nou pa fin dakò avè l, n ap toujou vle soutni lòd Bondye tabli nan òganizasyon l lan. Se pa menm bagay ditou ak fason monn nan fonksyone, men se fason sa a nou dwe viv anba dominasyon Jewova (Efe. 5:22, 23; 6:1-3; Ebre 13:17). Nou jwenn byenfè lè n fè sa, paske Bondye vle sa ki pi bon an pou nou.
16. Ki jan moun k ap defann dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an pran desizyon?
16 Nou ka defann dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an tou nan desizyon n ap pran. Jewova pa bay yon kòmandman pou chak sitiyasyon. Okontrè, toutpandan l ap gide n, li fè n konnen fason l panse. Pa egzanp, li pa bay kretyen yo yon lis byen detaye sou fason pou yo abiye. Olye de sa, li fè n konnen li vle n chwazi stil rad ki senp e li vle nou gen yon aparans ki diy e ki apwopriye antanke kretyen (1 Tim. 2:9, 10). Epitou, li pa vle n fè lòt moun peche oswa pou n twouble yo akoz desizyon nou pran (1 Kor. 10:31-33). Lè n veye sou fason n ap mache, nonsèlman nan chwa n ap fè, men toudabò nan sa Jewova panse ak sa k fè l plezi, nou montre nou renmen l e n ap soutni fason l dirije a.
Ann defann dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an nan desizyon n ap pran ak nan aktivite n ap fè nan fanmi nou. (Gade paragraf 16-18.)
17, 18. Bay kèk fason moun ki marye yo ka montre yo defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an.
17 Ann egzamine yon domèn kote kretyen ki marye yo ka imite fason Jewova aji e konsa pou yo defann dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an. E si maryaj ou ta pi difisil pase sa w te atann? Ann sipoze sa ta menm fè w desi. Poukisa w pa pran yon ti tan pou w reflechi sou fason Jewova te konn aji ak nasyon Izrayèl la? Li te pale de tèt li antanke yon mari pou ansyen nasyon sa a (Eza. 54:5; 62:4). Se pa ti difikilte ki te gen nan “maryaj” sa a! Poutan, Jewova pa t kouri kite sa. Li pa t sispann fè nasyon an mizèrikòd e l pa t sispann montre l fidèl ak alyans li te fè avèk yo a. (Li Sòm 106:43-45.) Èske yon lanmou fidèl konsa pa fè n anvi vin pwòch ak Jewova?
18 Menm jan an tou, moun ki marye ki renmen fason Jewova aji yo chèche imite l. Yo pa chèche yon mwayen ki pa biblik pou yo soti nan pwoblèm yo jwenn nan maryaj yo. Yo rann yo kont Jewova mete yo anba menm jouk e li vle pou yo “atache” youn ak lòt. Sèl rezon Bib la bay pou yon moun divòse e pou l lib pou l remarye se imoralite seksyèl (Mat. 19:5, 6, 9). Lè kretyen yo fè tout sa yo kapab nan sitiyasyon yo ye a e yo menm chèche amelyore l, yo soutni fason Jewova dirije a ki jis.
19. Si n ta fè yon bagay ki montre n pa defann dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an, ki sa n dwe fè?
19 Piske n enpafè, pafwa n ka fè sa k pa fè Jewova plezi. Li konn sa e li pran dispozisyon pou nou avèk lanmou sou baz ranson Kris la. Kidonk, kèlkeswa peche n fè, nou dwe mande Jewova padon (1 Jan 2:1, 2). Olye pou n ap plede kondane tèt nou, nou dwe fè tout sa n kapab pou n pa refè menm erè a. Si n ret pwòch ak Jewova, l ap padone n, l ap ede n jwenn gerizon e l ap ede n byen aji si n ta jwenn lòt sitiyasyon konsa alavni. — Sòm 103:3.
20. Poukisa n dwe defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an depi kounye a?
20 Nan monn nouvo a, tout moun pral viv anba dominasyon Jewova, Souvren an, e yo pral aprann fason l aji ki jis (Eza. 11:9). Men, depi kounye a nou resevwa yon bon pati nan fòmasyon sa a. Epitou, kesyon ki gen rapò ak dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an sou wout pou l regle. Kounye a, se moman pou n defann dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an, lè n rete fidèl, lè n sèvi l, e lè n fè bonjan efò pou n imite l nan tout sa n ap fè.