BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • brwp110801 p. 18-21
  • Labib chanje lavi moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Labib chanje lavi moun
  • “Mwen vin yon pi bon mari.” — Rigobert Houeto
  • Sou menm sijè a
  • Labib chanje lavi moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Labib chanje lavi moun
    “Mwen te brital, mwen te awogan e m te agresif.” — Dennis O’Beirne
  • Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Labib chanje lavi moun
    “Lavi m te sanble bèl”— John Ricketts
Gade plis
“Mwen vin yon pi bon mari.” — Rigobert Houeto
brwp110801 p. 18-21

LABIB CHANJE LAVI MOUN

SA K fè yon mesye ki te gen plizyè madanm e ki te opoze ak Temwen Jewova yo te deside vin Temwen? Ki sa k te pouse yon pastè nan Legliz Pannkotis chanje kwayans li te genyen yo? Ki sa k te ede yon dam ki te leve nan yon sitiyasyon ki te difisil sispann rayi tèt li epi pwoche bò kote Bondye? Sa k fè yon moun ki te fanatik yon kalite mizik wòk (heavy-metal) te vin Temwen Jewova? W ap jwenn repons la nan istwa ki vin apre yo.

“Mwen vin yon pi bon mari.” — RIGOBERT HOUETO

  • ANE LI FÈT: 1941

  • PEYI KOTE LI SOTI: BENEN

  • ANVAN: LI TE GEN PLIZYÈ MADANM, LI TE OPOZE AK TEMWEN JEWOVA YO

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen se moun Kotonou, yon gwo vil nan peyi Benen. Mwen te leve nan yon fanmi katolik, men m pa t konn al legliz regilyèman. Anpil katolik kote m t ap viv la te gen plizyè madanm, paske Leta te rekonèt poligami nan epòk la. Rive yon lè, mwen te marye ak kat fi.

Te vin gen yon revolisyon nan ane 1970 yo, e m te panse revolisyon an t ap bon pou peyi m. Mwen te soutni revolisyon an nèt e m te vin antre nan politik. Moun ki te pou revolisyon an pa t renmen Temwen Jewova yo paske Temwen yo pa t antre nan politik. Mwen te pami moun ki te konn pèsekite Temwen Jewova yo. Lè yo te mete misyonè Temwen Jewova yo deyò nan peyi a nan ane 1976, mwen te sèten yo pa t ap janm retounen.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Revolisyon an te fini an 1990. Mwen te sezi wè misyonè Temwen yo retounen nan yon tikras tan. Lè sa a, mwen te di tèt mwen genlè Bondye ak moun sa yo. Nan menm epòk la, mwen te chanje travay. Youn nan kòlèg travay mwen yo te Temwen e li pa t pran tan pou l pale m de kwayans li. Li te montre m vèsè nan Bib la ki montre Jewova se yon Bondye ki gen lanmou ak jistis (Detewonòm 32:4; 1 Jan 4:8). Kalite sa yo te atire m. Mwen te vle aprann plis bagay sou Jewova, se sa k fè mwen te aksepte yon etid Labib.

Nan yon tikras tan, mwen te kòmanse asiste reyinyon Temwen Jewova yo. Mwen te sezi wè jan yo gen vrè lanmou an, yo pa t konsidere okenn ras oswa klas sosyal gen plis valè pase lòt yo. Plis mwen te pase tan ak Temwen yo, se plis mwen te vin byen klè yo se disip Jezi toutbon. — Jan 13:35.

Mwen te wè si m vle sèvi Jewova, m ap bezwen kite Legliz katolik. Sa pa t fasil paske m te pè sa lòt moun te ka panse. Apre yon bon tan e grasa èd Jewova, mwen te ranmase kouraj mwen, e m te kite legliz la.

Men, mwen te dwe fè yon lòt gwo chanjman. Selon sa m te aprann nan Bib la, Bondye pa dakò pou yon gason gen plizyè madanm (Jenèz 2:18-24; Matye 19:4-6). Nan je Bondye, se sèl premye maryaj mwen an ki te bon. Donk, mwen te anrejistre maryaj sa a devan Leta e m te voye lòt madanm mwen yo ale. Epi m te pran dispozisyon pou yo jwenn sa yo bezwen nan domèn materyèl. Avèk letan, gen de nan ansyen madanm mwen yo ki te vin Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Byenke madanm mwen ret nan relijyon katolik, li respekte desizyon m pran pou m sèvi Jewova. Nou toule de santi mwen vin yon pi bon mari.

Mwen te konn panse m te ka fè kominote kote m ap viv la vin pi bon grasa politik, men tout efò m te fè yo pa t itil anyen. Kounye a, mwen wè sèl sa k ka rezoud pwoblèm lèzòm se Wayòm Bondye a (Matye 6:9, 10). Mwen di Jewova mèsi paske l montre m ki sa pou m fè pou m viv ak kè kontan toutbon.

“Li pa t fasil pou m fè chanjman m te dwe fè yo.” — ALEX LEMOS SILVA

  • ANE LI FÈT: 1977

  • PEYI KOTE LI SOTI: BREZIL

  • ANVAN: PASTÈ PANNKOTIS

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen te fèt nan yon ti pwovens, yon vil ki rele Itou nan eta Sawo Polo. Nan vil sa a, te gen anpil krim.

Mwen te vyolan anpil e m te imoral. Mete sou sa, mwen te konn nan trafik dwòg. Rive yon lè, mwen te konprann yon vi konsa ap fè m swa al nan prizon, swa al anba tè, donk, mwen te kite sa. Lè sa a, mwen te antre nan yon legliz Pannkotis, epi annapre, mwen te vin pastè.

Mwen te santi mwen te vrèman kapab ede lòt moun pa mwayen travay mwen t ap fè nan legliz la. Mwen te menm konn fè yo pase yon pwogram relijye nan radyo zòn nan, e se konsa anpil moun te vin konnen m nan zòn nan. Poutan, tikras pa tikras, mwen te vin kòmanse kwè legliz an jeneral pa enterese nan byennèt fidèl yo, e yo pa menm enterese nan onore Bondye. Mwen te santi sèl sa ki enterese legliz se jwenn lajan. Mwen te deside kite legliz la.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Lè m te kòmanse etidye Bib la ak Temwen Jewova yo, byen vit mwen te ka wè yo diferan ak lòt relijyon yo. Gen de bagay ki fè efè sou mwen. Premyèman, Temwen Jewova yo pa annik pale de lanmou yo gen pou Bondye e pou lòt moun, yo aji yon fason ki montre sa. Dezyèmman, yo pa mele nan zafè politik monn nan ni yo pa al nan lagè (Ezayi 2:4). De bagay sa yo te fè m sèten mwen jwenn vrè relijyon an, wout jennen ki mennen nan lavi ki pap janm fini an. — Matye 7:13, 14.

Mwen te vin konprann si m te vle fè Bondye plezi, mwen t ap bezwen fè gwo chanjman. Mwen te dwe bay fanmi m plis atansyon. Mete sou sa, mwen te bezwen gen plis imilite. Li pa t fasil pou m fè chanjman sa yo, men avèk èd Jewova, mwen te rive fè yo. Madanm mwen te sezi wè chanjman m te fè yo. Li te kòmanse etidye Labib anvan m, men lè l te wè chanjman m te fè yo, li te vin fè pwogrè pi vit nan etid la. Sa pa t pran anpil tan pou n wè nou toule de te vle vin Temwen Jewova. Nou te batize menm jou.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Madanm mwen avè m te kontan ede twa pitit nou yo vin gen bon relasyon ak Jewova. Fanmi an gen kè kontan. Mwen di Jewova mèsi paske li te atire m pou m aprann verite ki nan Bib la, Pawòl li a. Li chanje lavi moun toutbon! Mwen se yon prèv ki montre sa.

“Mwen santi m pwòp, mwen santi m ap viv e kè m kontan.” — VICTORIA TONG

  • ANE LI FÈT: 1957

  • PEYI KOTE LI SOTI: OSTRALI

  • ANVAN: LI TE SOUFRI ANPIL LÈ L TE TIMOUN

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen grandi Newcastle, nan Nouvèl Gal disid. Se mwen ki pi gran nan sèt timoun. Papa nou te yon tafyatè ki vyolan e manman nou te vyolan tou. Manman m te konn fè m soufri ni fizikman, ni ak pawòl li. Se toutan li te konn di m mwen pa bon e mwen pral nan lanfè. Menas sa yo te konn fè m pè anpil.

Akoz fason manman m te konn maltrete m yo, m te konn pran yon seri chòk ki konn lakòz mwen pa ka al lekòl. Lè m te gen 11 an, otorite yo te retire m nan menm paran m e yo te mete m yon kote gouvènman an ap jere e pi devan, yo te mete m nan yon kouvan. Lè m vin gen 14 an, mwen te sove kite kouvan an. Mwen pa t vle tounen lakay mwen, donk mwen te vin ap viv nan lari nan yon zòn popilè ki rele Kings Cross nan Sidne.

Pandan m t ap viv nan lari, mwen te vin ap pran dwòg, alkòl, mwen te konn gade pònografi e m tonbe nan pwostitisyon. Mwen te viv yon bagay ki te fè m pè anpil. Mwen te ret nan apatman mèt yon nayklèb. Gen yon jou swa, de mesye te vin wè l. Li te voye m nan chanm nan, men mwen te ka tande sa yo t ap di yo. Mèt nayklèb la t ap negosye ak mesye yo pou l vann mwen ba yo. Yo t ap fè m kache nan yon bato ki transpòte machandiz pou yo mennen m nan peyi Japon pou m ka travay nan yon ba. Mwen te panike, mwen soti deyò sou balkon an m lage kò m anba epi m kouri al chèche èd.

Mwen jwenn yon mesye ki t ap vizite Sidne epi m esplike l sitiyasyon m. Mwen te espere li t ap ban m lajan. Men, li te envite m vin kote l te rete a pou m te ka benyen e pou m te ka manje yon bagay. Finalman, mwen te tou ret avè l. Apre yon ane, nou te marye.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Lè m te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, mwen te gen tout kalite santiman k ap travèse m. Mwen te fache lè m te aprann se Satan ki lakòz tout mechanste ki genyen yo. Yo te toujou fè m konnen se Bondye k ap fè nou soufri. Mwen te soulaje lè m te aprann li pa pini moun nan dife lanfè, yon ansèyman ki te toujou fè m pè anpil.

Sa te touche m lè m te wè jan Temwen yo kite Bib la gen efè sou desizyon y ap pran. Yo te viv ann amoni ak sa yo kwè yo. Mwen te yon moun ki difisil, men Temwen yo te toujou trete m ak lanmou malgre kèlkeswa bagay mwen te di oubyen mwen te fè.

Sa k te pi difisil pou mwen se santiman m te genyen kòmkwa m pa vo anyen. Mwen te vrèman rayi tèt mwen, e m te kontinye gen santiman sa yo byen lontan apre m fin batize antanke Temwen Jewova. Mwen te konnen m renmen Jewova, men m te gen konviksyon li pa ka renmen yon moun tankou m.

Fason m panse te vin chanje anviwon 15 an apre m te fin batize. Pandan yon frè t ap fè yon diskou nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo, li te site Jak 1:23, 24. Vèsè sa yo te konpare Pawòl Bondye a ak yon glas kote nou ka wè tèt nou jan Jewova wè nou an. Mwen te kòmanse mande tèt mwen si jan m te wè tèt mwen pa t diferan ak fason Jewova wè m. Okòmansman, m pa t vle dakò ak ide sa a. Mwen pa t ka sispann panse li pa posib pou Jewova renmen m.

Kèk jou apre sa, mwen te li yon vèsè ki te chanje lavi m. Se te Ezayi 1:18, kote li montre Jewova ap di: “Kounye a, vini, annou ranje bagay yo. Menmsi peche nou yo tankou twal wouj, y ap vin blan kou nèj.” Mwen te santi se kòmsi Jewova t ap di: “Vini, Vicky, ann ranje bagay yo antre nou. Mwen konnen w, mwen konn peche w yo, mwen konnen kè w e m renmen w.”

Mwen pa t ka dòmi jou swa sa a. Mwen te toujou pa t ka kwè Jewova ka renmen m, men m te kòmanse reflechi sou sakrifis ranson Jezi te fè a. Yon sèl kou, m te vin konprann Jewova te pasyan avè m pandan lontan, li te montre m li renmen m divès fason. Poutan, se kòmsi m t ap di l: “Lanmou w lan pa ase gran pou l rive jwenn mwen. Sakrifis Pitit ou a pa ase pou l kouvri m.” Se kòmsi m te pouse ranson an tounen bay Jewova. Men kounye a, anfen, lefètke m te medite sou ranson an ki se yon kado, mwen te kòmanse santi Jewova renmen m.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Mwen santi m pwòp, mwen santi m ap viv e kè m kontan. Maryaj mwen amelyore, e m ge kè kontan paske m ka sèvi ak sa m te viv yo pou m ede lòt moun. Mwen vin santi m vrèman pwòch ak Jewova.

“Se te repons priyè m nan.” — SERGEY BOTANKIN

  • ANE LI FÈT: 1974

  • PEYI KOTE LI SOTI: LARISI

  • ANVAN: LI TE YON FANATIK MIZIK YO RELE HEAVY-METAL

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen fèt Votkinsk, menm kote ak yon gran konpozitè mizik ki rele Pyotr Ilich Tchaikovsky. Fanmi m te pòv. Papa m te gen anpil bèl kalite men li te yon tafyatè, donk, pa t gen kè kontan lakay la.

M pa t yon bon elèv, e tank ane yo t ap pase, mwen te plis santi mwen pa gen valè e m pap janm ka bon menm jan ak lòt timoun yo. Mwen te apa e m pa t fè moun konfyans. M pa t renmen al lekòl, sa te konn mete m sou anpil strès. Pa egzanp, lè m te dwe prezante yon devwa devan lòt moun, byen souvan, mwen pa t menm ka esplike bagay ki pi senp yo, yon seri bagay mwen pa t gen pwoblèm pou m esplike nan lòt moman. Lè m fini uityèm ane, men sa yo te di nan kanè m: “Li pa gen vokabilè, li pa ka di sa l panse.” Pawòl sa yo te kraze m nèt, e yo te fè m santi m plis pa vo anyen. Mwen te kòmanse ap mande tèt mwen poukisa m ap viv.

Pandan adolesans mwen, mwen te kòmanse bwè bwason ki gen alkòl. Okòmansman, sa te fè m santi m byen. Men, lè m te konn bwè twòp, konsyans mwen te konn toumante m. Lavi m te sanble pa gen sans. Mwen te kòmanse santi m plis deprime, pafwa m te konn ret lakay mwen pandan plizyè jou. Mwen te kòmanse anvi touye tèt mwen.

Lè m vin gen 20 an, mwen te jwenn yon bagay ki te soulaje m pou yon ti tan. Mwen te dekouvri mizik wók ki rele heavy-metal la. Mizik sa a te konn fè m santi m gen enèji e m te konn pase tan ak moun ki te konn koute l. Mwen te kite cheve m vin long, mwen te pèse zòrèy mwen e m te konn abiye menm jan ak mizisyen mwen te renmen yo. Ofiramezi, mwen te vin manke konsiderasyon e m te vin sovaj. Souvan, m te konn fè kont ak moun lakay mwen.

Mwen te panse lè m koute heavy-metal, sa t ap fè m gen kè kontan, men se lekontrè ki te rive. Mwen te kòmanse vin yon lòt moun! E lè m te aprann kèk move bagay sou vedèt mwen te renmen yo, mwen te konn santi yo trayi m.

Yon lòt fwa ankò, mwen te kòmanse panse touye tèt mwen, e fwa sa a, se te pou toutbon. Sèl bagay ki te rete m se paske m te konnen sa t ap fè manman m soufri. Li te renmen m anpil, e li te fè anpil pou mwen. Mwen te vrèman ap soufri. Mwen pa t vle viv ankò, men m pa t ka touye tèt mwen.

Pou m te ka chanje lide, mwen te kòmanse li literati klasik ris. Gen youn nan istwa yo kote youn nan pèsonaj prensipal yo te sèvi nan yon legliz. Mwen te vide kè m bay Bondye nan lapriyè, yon bagay m pa t janm fè anvan sa. Mwen te mande Bondye montre m ki jan pou m viv yon fason ki gen sans. Pandan m t ap priye a, mwen te santi m soulaje anpil. Sa te estrawòdinè! Men, yon bagay ki te pi estrawòdinè, se sa k te rive apre a. Dezèdtan apre, gen yon Temwen Jewova ki te frape pòt mwen e ki te ofri m yon etid Labib. Mwen sèten se te repons priyè m nan. M t apral kòmanse yon nouvo lavi ki t ap ban m kè kontan.

FASON LABIB TE CHANJE LAVI M:

Mwen te jete tout sa m te genyen ki te gen rapò ak mizik heavy-metal, byenke sa pa t fasil ditou. Men, mizik la te ret nan lespri m pandan lontan. Depi m ap pase yon kote y ap jwe mizik sa a, mwen te panse ak jan m te ye lontan. Mwen pa t vle pou move souvni sa yo vin mele ak bon bagay ki t ap pran rasin nan lespri m ak nan kè m yo. Donk, mwen te fè efò pou m evite kote sa yo. E depi m santi m anvi reflechi sou jan sa te ye lontan, mwen priye ak tout kè m. Sa te ede m santi “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann” nan. — Filipyen 4:7.

Toutpandan m t ap etidye Labib, mwen te aprann kretyen yo gen responsablite pou yo pataje sa yo konnen yo ak lòt moun (Matye 28:19, 20). Mwen te panse mwen pa t ap janm ka fè sa. Anmenmtan, nouvo bagay mwen t ap aprann yo te fè m gen anpil kè kontan ak lapè nan lespri m. Mwen te konnen lòt moun te bezwen konn bagay sa yo tou. Malgre m te pè, mwen te kòmanse pale ak lòt moun sou sa m t ap aprann yo. E lè m pale ak lòt moun sou Bib la, sa te ede m gen plis konfyans nan tèt mwen! Mete sou sa, sa te ede m pou nouvo kwayans sa yo pi byen chita nan kè m.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Kounye a, mwen marye e m gen kè kontan, epi m kontan ede plizyè moun aprann plis nan Bib la. Pami moun sa yo, gen sè m ak manman m. Lavi m vin gen sans toutbon lefètke m ap sèvi Bondye e m ap ede lòt moun aprann konnen l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje