BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • brwp120501
  • Labib chanje lavi moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Labib chanje lavi moun
  • “Lavi m te sanble bèl”— John Ricketts
  • Sou menm sijè a
  • Labib gen pouvwa pou l chanje lavi moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Labib chanje lavi moun
    “Mwen vin yon pi bon mari.” — Rigobert Houeto
  • Labib chanje lavi moun
    “Mwen te brital, mwen te awogan e m te agresif.” — Dennis O’Beirne
  • Labib chanje lavi moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
“Lavi m te sanble bèl”— John Ricketts
brwp120501

Labib chanje lavi moun

KI SA yon mesye ki moun peyi Ekòs te twouve ki pi bon pase yon bèl karyè nan domèn biznis? Ki sa k te ede yon mesye nan peyi Brezil vire do bay fason imoral li t ap viv la e sispann fimen kokayin? Ki jan yon mesye nan peyi Sloveni te rive sispann bwè depase limit? Gade ki sa moun sa yo di.

“Lavi m te sanble bèl”— JOHN RICKETTS

ANE LI FÈT: 1958

PEYI KOTE LI SOTI: Ekòs

ANVAN: YON GWO BIZNISMAN

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen t ap viv byen lè m t ap grandi. Papa m te yon sòlda ki te gen gwo grad nan lame Angletè, sa te fè fanmi an deplase anpil. Anplis Ekòs, nou te viv ann Angletè, ann Almay, nan peyi Kenya, Malezi, Ilann ak Chip. Lè m te gen uitan, yo te mete m nan pansyon nan peyi Ekòs. Finalman, mwen te gradye nan inivèsite Cambridge.

Lè m te gen 20 an, mwen te antre nan biznis petwòl e m te fè uitan ladan l. Okòmansman, mwen te fè travay sa a ann Amerik disid, apre sa, mwen te fè l ann Afrik, e finalman nan lwès peyi Ostrali. Lè m te fin demenaje al viv Ostrali, mwen te fè yon antrepriz pou envestisman, e rive yon lè, m te vann li.

Kòb mwen te fè lè m te vann antrepriz sa a te pèmèt mwen pran retrèt a 40 an. Kòm mwen te gen tan kounye a, mwen te sèvi ak tan sa a pou m vwayaje. Mwen fè tout tou Ostrali sou moto an de fwa epi m te vwayaje toupatou sou tè a. Lavi m te sanble bèl.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Depi anvan m te pran retrèt mwen, mwen te vle jwenn yon fason pou m di Bondye mèsi pou lavi mwen te genyen an. Mwen te kòmanse al nan Legliz anglikan an, paske se la paran m te konn mennen m lè m te piti. Men, legliz pa t aprann mwen anpil bagay sou Bib la. Annapre, mwen te etidye ak Mòmon yo, men m te wè yo pa baze sa yo di yo sou Bib la, sa te fè m vin pa enterese.

Yon jou, Temwen Jewova yo te frape pòt mwen. Tousuit, mwen te ka wè se nan Bib la yo te jwenn tout sa yo t ap anseye yo. Youn nan pasaj yo te pataje avè m se 1 Timote 2:3, 4. Vèsè sa yo di Bondye vle pou “tout kalite moun sove e [pou] yo gen yon konesans egzak sou laverite”. Mwen te sezi wè jan Temwen yo pa t annik montre nou bezwen konesans, men, yo te montre nou bezwen konesans egzak sou Bib la.

Lefètke m te etidye Labib ak Temwen Jewova yo, sa te ede m vin gen konesans egzak sa a. Pa egzanp, mwen te aprann Bondye ak Jezi pa fè pati yon Trinite, men yo se de moun apa (Jan 14:28; 1 Korentyen 11:3). Se pa ti kontan m te kontan aprann verite senp sa a. Mwen pa t kontan piske m te fè yon pakèt efò lontan pou m te eseye konprann yon fo doktrin moun pa ka konprann!

Nan yon ti tan, mwen te kòmanse asiste reyinyon Temwen Jewova yo. Mwen te sezi wè jan yo janti ak jan yo gen bon prensip nan domèn moral. Se kòmsi se te yon pakèt sen. Bonjan lanmou yo genyen te fè m gen konviksyon mwen jwenn vrè relijyon an. — Jan 13:35.

BYENFÈ MWEN JWENN: Lè m te fin batize, mwen te rankontre ak yon fi estrawòdinè ki rele Diane. Li te grandi antanke Temwen Jewova e li te gen yon pakèt bèl kalite mwen te twouve ki atiran. Apre yon tan nou te marye. Amitye Diane ak fason li soutni m se yon benediksyon Jewova ban mwen.

Mwen menm ak Diane te vin vrèman anvi deplase al viv yon kote yo bezwen plis moun k ap preche bon nouvèl ki nan Bib la. An 2010, nou te deplase al viv Beliz, ann Amerik santral. Nan peyi sa a, nou preche moun ki renmen Bondye e ki vrèman swaf aprann Bib la.

Mwen santi lespri m anpè lefètke m resi konn laverite sou Bondye e sou Labib, Pawòl li a. Antanke sèvitè aplentan, mwen te kontan ede anpil moun aprann Bib la. Pa gen anyen ki pi bon pase wè ki jan Bib la amelyore lavi yon moun, menm jan l te fè sa pou mwen. Finalman mwen jwenn pi bon fason pou m di Bondye mèsi pou lavi mwen genyen an.

“Yo te trete m avèk bonte” — MAURÍCIO ARAÚJO

ANE LI FÈT: 1967

PEYI KOTE LI SOTI: BREZIL

ANVAN: LI T AP VIV YON FASON KI IMORAL

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen te grandi nan yon ti vil ki rele Avare, yon ti vil kalm, ki nan Sawo Polo. Pifò moun k ap viv ladan l se ouvriye yo ye.

Papa m mouri lè manman m te ansent mwen. Lè m te timoun, mwen te konn mete rad manman m sou mwen lè manman m pa la. Mwen te vin kòmanse aji tankou fi, e moun te kòmanse konsidere m kòm yon omoseksyèl. Rive yon lè, mwen te kòmanse fè sèks ak lòt tigason e ak gason ki granmoun.

Distans mwen rive nan fen adolesans mwen, se toutan mwen te konn ap chèche moun pou fè sèks avè m (ni gason, ni fi), kèlkeswa kote m te ka jwenn yo, nan ba, nan nayklèb e menm nan legliz. Nan epòk kanaval, mwen te konn abiye tankou fi e m te konn al danse nan parad lekòl ki aprann moun danse samba. Anpil moun te konnen m.

Pami zanmi m yo, te gen omoseksyèl, pwostitye ak moun ki pran dwòg. Gen nan yo ki te fè m antre nan fimen kokayin, e nan yon ti tan, mwen te vin depann de sa. Pafwa, nou konn fè tout yon nuit ap fimen. Gen lòt fwa, mwen te konn ret poukont mwen epi m fè tout yon jounen ap fimen. Mwen te tèlman vin mèg, bri te kouri m gen sida.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Se apeprè nan menm epòk sa a Temwen Jewova yo te kontakte m. Yo te trete m avèk bonte. Youn nan vèsè yo te li pou mwen se Women 10:13 ki di: “Tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove.” Pawòl sa yo te fè m konprann enpòtans pou m sèvi ak non Jewova. Anpil fwa, apre m fin fimen kokayin pandan tout yon nuit, m konn ouvri fenèt la, m gade syèl la epi m priye Jewova ak dlo nan je toutpandan m ap sipliye l pou l ede m.

Mwen te enkyete pou manman m ki te pè e ki t ap soufri anpil pou l wè jan m ap fini ak lavi m nan pran dwòg, se sa k fè mwen te deside sispann pran dwòg. Yon ti tan apre sa, mwen te aksepte etid Labib Temwen Jewova yo te ofri m nan. Yo te ban m asirans etid la t ap ranfòse detèminasyon m pou m kite dwòg la, e se sa k te fèt vre!

Tank mwen t ap kontinye etidye Labib, mwen te vin konprann mwen bezwen chanje fason m ap viv. Li te vrèman difisil pou m kite pratik omoseksyèl mwen te ladan yo, paske sa te fè pati lavi m depi lontan. Sepandan, yon bagay ki te ede m se chanje anviwònman m. Mwen te sispann frekante zanmi m te genyen yo e m te sispann al nan ba ak nan nayklèb.

Menm lè li pa t fasil pou m te fè chanjman sa yo, mwen te jwenn konsolasyon lè m te aprann Jewova renmen m e li konprann jan sa difisil pou mwen (1 Jan 3:19, 20). Rive ane 2002, mwen te kite tout abitid omoseksyèl mwen te genyen yo, e nan menm ane sa a, mwen te batize antanke Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN: Manman m te tèlman sezi wè gwo chanjman m te fè yo, li te kòmanse etidye Labib tou. Malerezman, li te vin fè yon stwok. Men, li te kontinye gen plis lanmou pou Jewova e pou verite ki nan Bib la.

Sa gen uitan depi m antre nan sèvis aplentan, e m pase pifò tan m ap preche e ap anseye lòt moun sa k nan Bib la. Mwen dwe admèt pafwa mwen oblije lite kont move dezi. Men, mwen pran kouraj lè m konnen mwen fè Jewova plezi lè m chwazi pa aji selon dezi sa yo.

Lefètke m vin pwòch Jewova e m ap viv yon fason ki fè l plezi, sa fè m gen plis respè pou tèt mwen. Jodi a, mwen gen kè kontan.

“Mwen te yon barik san fon”— LUKA ŠUC

ANE LI FÈT: 1975

PEYI KOTE LI SOTI: SLOVENI

ANVAN: LI TE KONN BWÈ SAN KONTWÒL

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen fèt Ljubljana, nan kapital peyi Sloveni. Mwen te gen yon bèl anfans pou jis lè m te gen katran. Lè sa a, papa m te touye tèt li. Apre trajedi sa a, manman m te oblije travay di pou l bay de tigason ki t ap grandi, anpalan de mwen menm ak gran frè m nan, manje.

Lè m te vin gen 15 an, mwen t al viv ak grann mwen. Mwen te renmen viv avèk li, paske gen anpil nan zanmi m yo ki te ret toupre lakay li a. Epitou, mwen gen plis libète pase lè m lakay manman m. Lè m te gen 16 an, mwen te vin zanmi ak yon seri moun ki te renmen al bwè lè wikenn. M te kite cheve m pouse, mwen te kòmanse abiye tankou yon rebèl, e annapre, m te vin kòmanse fimen.

Byenke m te eseye plizyè dwòg, se alkòl mwen te pi renmen e se ladan l mwen te rete. Nan yon ti kras tan, mwen soti nan bwè kèk vè diven pou m tonbe nan plis pase yon boutèy diven yon sèl kou. Mwen te vrèman vin fò nan pa kite moun wè jan m sou. Byen souvan se sèl sant alkòl la yon moun te ka pran nan bouch mwen ki t ap fè yo konnen mwen te bwè. Men, pèsonn pa t ap ka imajine m sot bwè plizyè lit diven, oswa byè, melanje ak vòdka.

Plizyè fwa, se mwen menm ki konn ap soutni zanmi m yo apre yo fin pase yon nuit nan disko, malgre mwen gendwa te bwè de fwa plis alkòl pase yo. Yon jou, mwen te tande youn nan zanmi m yo k ap di mwen se yon barik san fon, yon jouman nan lang slovèn pou montre yon moun ka bwè plis pase lòt moun. Lè m tande sa, sa te fè m mal anpil.

Mwen te kòmanse reflechi sou sa m ap fè ak lavi m. Mwen te santi m pa vo anyen ditou. Se kòmsi tout sa m te fè nan lavi a pa t gen sans.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Se apeprè nan epòk sa a mwen te remake gen youn nan kamarad lekòl mwen yo ki chanje. Li te vin pi dou. Mwen te vle konnen rezon ki fè l chanje konsa, se sa k fè m te envite l nan yon ti restoran. Pandan nou t ap pale, li te esplike m li kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Li te pataje kèk nan bagay li t ap aprann yo avè m, e tout sa te nouvo pou mwen nèt, paske yo pa t konn pale m de Bib la lè m t ap grandi. Mwen te kòmanse asiste reyinyon Temwen Jewova yo e m te kòmanse etidye Labib avèk yo.

Lefètke m t ap etidye Bib la, mwen te vin aprann anpil verite ki gen anpil fòs pou pouse moun aji. Pa egzanp, mwen te aprann n ap viv nan epòk Bib la rele “dènye jou yo”. (2 Timote 3:1-5.) Mete sou sa, mwen te aprann talè konsa Bondye pral elimine moun ki mechan yo sou tè a e li pral bay bon moun yo posiblite pou yo viv pou toutan nan Paradi a (Sòm 37:29). Mwen te santi m vrèman bezwen ranje lavi m yon fason pou m ka pami bon moun sa yo.

Mwen te kòmanse pale zanmi m yo de verite mwen t ap aprann nan Bib la. Pifò nan yo te pase m nan rizib. Fason yo te reyaji a te ede m yon fason m pa t ap atann. Sa te ede m wè yo pa t bon zanmi vre. Mwen te vin konprann pwoblèm mwen te genyen ak alkòl la gen rapò ak moun mwen chwazi kòm zanmi yo. Yo te fè tout semèn nan ap tann wikenn nan rive pou yo ka al bwè pou yo sou ankò.

Mwen te sispann byen ak moun sa yo e m te pase plis tan ak Temwen Jewova yo, sa ki te fòtifye m. Lefètke m te konn pase tan avèk yo, sa te ankouraje m anpil, paske yo se moun ki renmen Bondye ak tout kè yo e ki vrèman ap fè efò pou yo viv selon prensip li yo. Tikras pa tikras, mwen te vin kapab kite abitid pou m bwè depase limit la.

BYENFÈ MWEN JWENN: Mwen di Jewova mèsi dèske m pa bezwen bwè bwason ki gen alkòl ankò pou m santi m gen kè kontan. Mwen vrèman pa konn ki sa k t ap rive m si m te kontinye jan m te pati a. Men, m sèten lavi m pi bon kounye a!

Depi setan, mwen gen privilèj pou m travay nan biwo filyal Temwen Jewova yo nan Sloveni. Lavi m vin gen sans toutbon, paske m konnen Jewova epi m ap sèvi l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje