BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 15/12 p. 4-5
  • Jewova beni moun ki renmen bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova beni moun ki renmen bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Annou montre nou donan tankou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sa ki anplis la ap kouvri sa ki manke a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Ki jan nou ka ede lòt moun ki nan bezwen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 15/12 p. 4-5
Yon moun k ap fè ofrann.

Jewova beni moun ki renmen bay

KREYATÈ nou an onore lèzòm grasa yon kado ki san parèy, anpalan de libète yo genyen pou yo deside a. Anplis de sa, li vide anpil benediksyon sou moun ki sèvi ak libète yo genyen an pou soutni vrè adorasyon an e l beni moun k ap patisipe nan fè non l vin sen e k ap soutni objektif li yo. Jewova pa vle yon moun obeyi L paske yo menase l oswa yo fòse l. Olye de sa, li renmen lè se bonjan lanmou ak bonjan apresyasyon nou gen pou li ki pouse n sèvi l ak tout kè n.

Pa egzanp, lè Izrayelit yo te nan dezè Sinayi a, Jewova te mande yo pou yo bati yon kote pou yo adore l. Men sa l te di yo: “Se pou nou bay yon kontribisyon pou Jewova. Se pou tout moun pote yon kontribisyon pou Jewova depi kè l pouse l fè sa.” ​(Egz. 35:5, NW). Chak Izrayelit te ka bay nenpòt sa yo kapab e yo t ap sèvi ak ofrann volontè sa yo, kèlkeswa sa l te ye oswa kantite l te ye a, yon fason ki apwopriye pou akonpli objektif Bondye. Ki jan Izrayelit yo te reyaji?

“Tout moun kè yo te pouse yo” e ki te “byen dispoze yo” te fè yon ofrann volontè. Ni gason ni fi te kontan bay yon bagay pou travay Jewova a. Yo te pote bwòch, zanno, bag, lò, ajan, kuiv, fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif, bon fil len, plim kabrit, po mouton ki tenn ak tenti wouj, po fòk, bwa akasya, pyè presye ak luil. Finalman, “sa pèp la te pote yo te ase pou yo fè tout travay la. Yo te menm bay plis pase sa k te nesesè”. — Egz. 35:21-24, 27-29; 36:7, NW.

Se vre Jewova te apresye bagay materyèl yo te bay yo, men, li te pran plis plezi pou l wè jan moun ki te vle soutni adorasyon ki pwòp la te renmen bay. Moun sa yo te dispoze bay tan yo ak enèji yo tou. Istwa a fè konnen “tout fi ki te konn travay byen yo te file fil ak men yo”. Vrèmanvre, “tout fi ki te konn travay byen yo, e kè yo te pouse yo, te fè fil ak plim kabrit.” Anplis de sa, Jewova te bay Betsalèl “sajès, bon konprann ak konesans pou l [te] kapab fè tout kalite travay ak men l”. Anfèt, Bondye te bay Betsalèl ak Owolyab kapasite ki te nesesè pou yo te fè tout travay yo te ba yo fè yo. — Egz. 35:25, 26, 30-35, NW.

Lè Jewova te mande Izrayelit yo pou yo te fè ofrann nan, li te gen bonjan konfyans ‘tout moun kè yo te pouse yo fè sa’ t ap soutni vrè adorasyon an. Kòm rezilta, li te vide anpil benediksyon sou moun ki te bay ak tout kè yo lè l te ba yo direksyon e l te fè yo gen anpil jwa. Konsa, Jewova te montre lè l beni sèvitè ki renmen bay yo, li kapab asire l pap gen anyen ki manke pou volonte l fèt (Sòm 34:9). Toutpandan w ap sèvi Jewova ak tout kè w, ou mèt gen asirans l ap beni w paske w renmen bay.

FASON KÈK MOUN CHWAZI BAY OFRANN POU TRAVAY MONDYAL LA

Menm jan sa te konn fèt nan epòk apot Pòl la, jodi a anpil moun konn “mete yon ti bagay apa”, oswa yo konn sere yon ti kòb pou yo met nan bwat nan kongregasyon yo ki make “ofrann pou travay mondyal la” ​(1 Kor. 16:2). Chak mwa, kongregasyon yo voye ofrann sa yo nan biwo Temwen Jewova ki nan peyi kote yo ye a. Li posib tou pou n voye ofrann yo dirèkteman bay yon asosyasyon Temwen Jewova yo konn itilize nan peyi kote nou ye a. Pou n ka konn non prensipal asosyasyon Temwen Jewova yo konn itilize nan peyi kote nou ye a, tanpri, kontakte biwo filyal ki nan peyi a. Nou ka jwenn adrès biwo filyal la sou sit wèb www.jw.org la. Men kèk ofrann nou ka fè:

OFRANN NOU KA FÈ DIRÈKTEMAN

  • Nou ka fè ofrann pa mwayen transfè nan bank elektwonik oswa kat kredi. Nan kèk filyal, li posib pou n sèvi ak sit jw.org la oswa lòt sit wèb yo ban nou.

  • Nou ka bay kòb, bijou oswa lòt bagay nou genyen ki gen valè. Lè n ap fè sa, ekri yon lèt pou fè konnen kòb la oswa lòt bagay n ap bay yo se yon ofrann n ap fè dirèkteman.

ARANJMAN POU OFRANN AVÈK KONDISYON

  • Nou ka bay asosyasyon an kenbe lajan akondisyon pou l remèt nou li lè nou bezwen l.

  • Lè n ap fè sa, ekri yon lèt pou di n ap fè yon ofrann avèk kondisyon.

PLANIFIKASYON POU NOU FÈ OFRANN

Anplis lajan ak bagay ki gen valè nou ka bay kòm ofrann, gen lòt fason ankò nou ka fè ofrann k ap pèmèt travay Wayòm nan kontinye vanse toupatou sou tè a. N ap jwenn lòt fason sa yo nan lis ki pi ba a. Kèlkeswa fason nou ta renmen fè ofrann nan, tanpri kontakte biwo filyal ki nan peyi nou an anvan pou n ka konnen ki metòd nou ka itilize. Etandone lwa yo ak taks yo konn chanje, li enpòtan pou n pran kontak ak moun ki byen konnen lwa peyi a ak kantite taks Leta mande anvan nou chwazi pi bon fason pou n fè yon ofrann.

Asirans: Yon asosyasyon Temwen Jewova yo itilize kapab benefisye yon asirans vi oswa yon pansyon.

Kont an bank: Yon moun ki gen yon kont an bank, yon depo a tèm oswa yon kont retrèt ka fè aranjman pou yon asosyasyon Temwen Jewova resevwa kòb sa a lè l mouri, selon sa bank kote moun nan gen kòb la egzije.

Aksyon ak bon: Nou ka fè yon asosyasyon Temwen Jewova kado aksyon ak bon dirèkteman oswa nou ka ekri yon lèt pou n di nou dakò pou asosyasyon sa a benefisye yo lè n mouri.

Byen imobilye: Si nou gen byen imobilye, tè oswa kay ki ka vann, nou ka fè yon asosyasyon Temwen Jewova kado l. Si se yon mezon rezidansyèl, nou ka fè kado l toutpandan nou kontinye ret ladan l pandan tout vi nou.

Anuite: Yon moun ka transfere lajan li genyen sou non youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo. Li ka fè sa tou pou pyès li genyen ki montre l gen lajan an depo nan yon òganizasyon. Anretou, moun ki fè ofrann nan ap resevwa yon montan byen presi chak ane pandan tout vi l. Nan ane moun nan fè aranjman sa a, li posib pou yo diminye enpo li peye sou revni l.

Testaman ak lajan oswa byen yon moun bay lòt moun jere: Yon moun ka fè yon testaman legal yon fason pou lè l mouri youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo ka resevwa byen oswa lajan li te genyen, oswa li ka fè bonjan aranjman pou youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo resevwa lajan sa a oswa byen sa a lè l mouri. Aranjman sa a ka fè moun ki fè l la jwenn kèk avantaj lè l ap peye taks. Sepandan, si yon moun ta renmen fè yon testaman konsa, l ap bon pou l kontakte biwo filyal la anvan l fè sa.

Jan ekspresyon “planifikasyon pou fè ofrann” nan montre sa, lè yon moun ap fè ofrann fason sa yo li oblije planifye pou sa. Gen yon ti liv ki disponib ann anglè ak ann espayòl ki la pou ede moun ki ta renmen fè ofrann nan fason sa yo pou ede Temwen Jewova yo nan travay mondyal la. Men tit li ann anglè: Charitable Planning to Benefit Kingdom Service Worldwide. Yo te ekri ti liv sa a nan objektif pou bay enfòmasyon sou diferan fason yon moun ka bay òganizasyon an ofrann kounye a oswa pi devan ak sou fason li ka planifye sa pou si l ta mouri. Nou gendwa pa ka aplike enfòmasyon nou jwenn nan ti liv sa a nan tout sitiyasyon akoz taks oswa lòt lwa ki gen nan peyi kote nou ye a. Men, apre n fin li ti liv sa a, nou dwe pale ak moun nou genyen k ap konseye nou sou zafè lalwa ak taks. Gen anpil moun ki vin ap ede òganizasyon an nan travay predikasyon an ak nan travay imanitè l ap fè sou tout tè a paske yo itilize metòd sa yo pou yo fè ofrann. Moun sa yo jwenn anpil avantaj lè y ap peye taks. Si ti liv sa a disponib nan peyi kote n ye a, nou kapab jwenn yon kopi nan men sekretè kongregasyon ki nan zòn kote n ye a.

Pou plis enfòmasyon, nou ka kontakte biwo filyal ki nan peyi kote n ye a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje