BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w17 novanm p. 18-19
  • “Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Annou montre nou donan tankou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sa ki anplis la ap kouvri sa ki manke a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Jewova beni moun ki renmen bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Ki jan nou ka ede lòt moun ki nan bezwen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
w17 novanm p. 18-19
Ana mennen Samyèl, ki te timoun, nan tabènak la.

“Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”

DEPI byen lontan, sakrifis te toujou okipe yon plas enpòtan nan vrè adorasyon an. Izrayelit yo te konn ofri bèt kòm sakrifis, e moun te byen konnen kretyen yo kòm moun ki konn bay Bondye “louwanj kòm sakrifis”. Sepandan, Bondye pran plezi nan kèk lòt sakrifis tou (Ebre 13:15, 16). Sakrifis sa yo fè n jwenn lajwa ak benediksyon, jan egzanp ki vin apre yo montre sa.

Ana, yon dam ki t ap sèvi Bondye fidèlman nan tan lontan, te vrèman vle gen yon pitit gason, men l pa t ka fè pitit. Li te priye Jewova e l te fè l pwomès si l vin gen yon pitit gason, l ap ‘bay Jewova pitit la, pou l ka sèvi l pandan tout lavi l’. (1 Sam. 1:10, 11.) Rive yon lè, Ana te vin ansent, li te fè yon pitit gason e l te rele l Samyèl. Apre Ana te fin sevre Samyèl, li te mennen l nan Tabènak la jan l te pwomèt la. Jewova te beni Ana pou lespri sakrifis li te demontre a. Li te gen privilèj pou l vin gen senk lòt pitit, Samyèl te vin yon pwofèt e l te vin youn nan moun ki te ekri nan Bib la. — 1 Sam. 2:21.

Menm jan ak Ana ak Samyèl, jodi a, kretyen yo gen privilèj pou yo vwe Kreyatè yo a lavi yo pou fè sèvis li. Jezi te pwomèt n ap jwenn anpil rekonpans pou nenpòt sakrifis nou fè nan adorasyon n ap bay Jewova a. — Mak 10:28-30.

Nan premye syèk la, gen yon kretyèn ki te rele Dòkas yo te byen konnen kòm moun ki te “konn fè anpil bèl aksyon, e [ki] te konn ede moun ki nan nesesite yo anpil”. Men, malerezman “li [te] vin malad e li [te] mouri”, sa ki te fè tout moun nan kongregasyon an tris anpil. Lè disip yo aprann Pyè te nan zòn nan, yo te sipliye l pou l vin tousuit. Imajine jan yo te kontan lè Pyè te vini e l te resisite Dòkas, ki se premye moun Bib la di yon apot te resisite (Tra. 9:36-41)! Bondye pa t bliye sakrifis Dòkas te fè yo (Ebre 6:10). Bondye te fè konsève istwa Dòkas, antanke moun ki renmen bay, nan Pawòl li a kòm yon bèl egzanp pou n imite.

Menm jan an tou, apot Pòl kite yon bèl egzanp antanke moun ki te konn bay moun tan l ak atansyon l. Men sa Pòl te di pandan l t ap ekri frè ki te nan vil Korent yo: “Bò kote pa m, m ap byen kontan bay tout bagay, e m ap byen kontan bay tèt mwen nèt pou nou.” (2 Kor. 12:15). Grasa eksperyans Pòl te fè, li te aprann lè yon moun sakrifye tèt li pou byennèt lòt moun, nonsèlman sa fè l jwenn lajwa, men tou, sa k pi enpòtan an, sa fè l jwenn benediksyon ak apwobasyon Jewova. — Tra. 20:24, 35.

Sa klè, Jewova kontan lè n sèvi ak tan nou ak enèji nou pou n travay nan enterè Wayòm nan e pou n ede kwayan parèy nou yo. Men, èske gen lòt fason nou ka soutni travay predikasyon Wayòm nan? Wi! Mete sou sa, nou ka onore Bondye lè n fè ofrann volontè. Yo sèvi avè yo pou soutni travay predikasyon k ap fè sou tout tè a, sa ki gen ladan l ede misyonè yo ak lòt sèvitè espesyal aplentan yo. Anplis de sa, se grasa ofrann volontè nou fè yo nou rive prepare epi tradui piblikasyon ak videyo nou yo, nou ede moun lè gen katastwòf epi nou konstwi nouvo Sal Wayòm. Nou kapab gen asirans “moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”. Epitou, lè n bay Jewova bagay nou genyen ki gen valè yo, nou onore l. — Pwo. 3:9; 22:9.

Fason kèk moun chwazi bay ofrann pou travay mondyal la

Menm jan sa te konn fèt nan epòk apot Pòl la, jodi a, anpil moun konn “mete yon ti bagay apa” oswa yo konn sere yon ti kòb pou yo met nan bwat nan kongregasyon an ki make “Ofrann pou travay mondyal la”. (1 Kor. 16:2.) Chak mwa, kongregasyon yo voye ofrann sa yo nan biwo Temwen Jewova ki responsab tèritwa yo a. Li posib tou pou n voye yo dirèkteman bay yon asosyasyon Temwen Jewova yo konn itilize nan peyi kote n ap viv la. Pou n ka konn non asosyasyon Temwen Jewova yo konn itilize nan peyi kote n ap viv la, tanpri, kontakte biwo filyal la. Nou ka jwenn adrès la sou sit www.jw.org/ht. Men kèk ofrann nou ka fè selon jan bagay yo ye nan zòn kote n ap viv la:

OFRANN NOU KA FÈ DIRÈKTEMAN

  • Nou ka fè ofrann pa mwayen transfè elektwonik nan bank, pa mwayen kat debi oswa kat kredi. Nan kèk filyal, li posib tou pou n sèvi ak sit jw.org la oswa lòt sit wèb yo ban nou.

  • Nou ka bay kòb kach, bijou oswa lòt bagay nou genyen ki gen valè. Lè n ap fè sa, ekri yon lèt pou n fè konnen kòb oswa lòt bagay n ap bay yo se ofrann yo ye.

ARANJMAN POU OFRANN AVÈK KONDISYON

  • Nou ka bay asosyasyon an kenbe lajan akondisyon pou l remèt nou li lè n bezwen l.

  • Lè n ap fè sa, ekri yon lèt pou di n ap fè yon ofrann avèk kondisyon.

PLANIFIKASYON POU NOU FÈ OFRANN

Anplis lajan ak bagay ki gen valè nou ka bay kòm ofrann, gen lòt fason nou ka fè ofrann pou ede travay Wayòm nan kontinye vanse sou tout tè a. N ap jwenn lòt fason sa yo nan lis ki pi ba a. Kèlkeswa fason nou ta renmen fè ofrann, tanpri kontakte biwo filyal ki responsab tèritwa nou an anvan pou n ka konnen ki metòd nou ka itilize. Etandone lwa yo ak taks yo konn chanje, li enpòtan pou n pran kontak ak moun ki byen konnen lwa peyi a ak kantite taks Leta mande anvan nou chwazi pi bon fason pou n fè ofrann.

Asirans oswa pansyon: Yon asosyasyon Temwen Jewova yo itilize kapab benefisye yon asirans vi, yon kont asirans pèsonèl oswa yon pansyon.

Kont an bank: Yon moun ki gen yon kont labank ka fè aranjman pou yon asosyasyon Temwen Jewova resevwa kòb sa a lè l mouri selon sa bank lan egzije.

Aksyon ak bon: Nou ka fè yon asosyasyon Temwen Jewova kado aksyon ak bon oswa nou ka ekri yon lèt pou n di nou dakò pou asosyasyon an benefisye yo lè n mouri.

Byen imobilye: Si nou gen byen imobilye, tè oswa kay ki ka vann, nou ka fè yon asosyasyon Temwen Jewova kado l. Si se yon mezon rezidansyèl, nou ka fè kado l toutpandan nou kontinye ret ladan l pandan tout vi nou.

Testaman ak lajan oswa byen yon moun bay lòt moun jere: Yon moun ka fè yon testaman legal pou lè l mouri youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo ka resevwa byen oswa lajan li te genyen, oswa li ka fè bonjan aranjman pou youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo resevwa lajan sa a oswa byen sa a lè l mouri. Aranjman sa a ka fè moun ki fè l la jwenn kèk avantaj lè l ap peye taks.

Jan ekspresyon “planifikasyon pou fè ofrann” nan montre sa, lè yon moun ap fè ofrann fason sa yo li oblije planifye pou sa. Gen yon bwochi ki disponib ann anglè ak ann espayòl ki la pou ede moun ki ta renmen fè ofrann nan fason sa yo pou ede Temwen Jewova yo nan travay mondyal la. Men tit li ann anglè: Charitable Planning to Benefit Kingdom Service Worldwide. Yo te ekri bwochi sa a pou bay enfòmasyon sou diferan fason yon moun ka bay òganizasyon an ofrann kounye a oswa alavni ak fason li ka planifye sa pou si l mouri. Nou gendwa pa ka aplike tout enfòmasyon nou jwenn nan bwochi a akoz taks oswa lòt lwa ki gen nan peyi n ap viv la. Gen anpil moun ki ede òganizasyon an nan travay predikasyon ak nan travay sekou l ap fè sou tout tè a lè yo itilize metòd sa yo pou yo fè ofrann. Moun sa yo jwenn anpil avantaj lè y ap peye taks. Si bwochi a disponib nan peyi n ap viv la, nou ka mande sekretè kongregasyon an youn.

Pou n jwenn plis enfòmasyon, klike sou lyen “Fè yon ofrann pou travay mondyal nou an” ki parèt anba nenpòt paj sou sit jw.org/ht, oswa kontakte biwo filyal la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje