BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/5 p. 3-5
  • “Lafen” — Ki sa sa vle di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Lafen” — Ki sa sa vle di?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA LAFEN AN PA YE
  • SA LAFEN AN YE
  • Repons pou kat kesyon konsènan lafen an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Èske lafendimonn dwe fè kè w kase?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Èske monn sa a rive nan bout li?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Ki lè lafen an ap rive? Ki sa Jezi te di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/5 p. 3-5
Yon fi ki pè lafen an pandan moun ki bò kote l yo ap eseye chape anba dife, lafimen ak debri nan yon dezas

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE LAFEN AN TOUPRE?

“Lafen” — Ki sa sa vle di?

Lè w tande ekspresyon “lafen an toupre!”, ki sa k vin nan lespri w? Èske w panse ak yon gwo predikatè ki fanatik ki kanpe sou yon estrad k ap preche epi k ap fè gwo jès ak Bib la nan men l? Oubyen èske w wè yon ti granmoun ki chaje bab ki gen yon rad long sou li ak yon kòd mare nan tay li, ki kanpe nan kwen yon lari epi ki kenbe yon pankat ki gen yon mesaj ki anonse lafendimonn? Lè kèk moun annik imajine sèn sa yo sa fè yo enkyè, tandiske gen lòt moun petèt ki pa kwè nan bagay konsa oswa yo menm twouve sa rizib.

Bib la di: “Lafen an ap vini.” ​(Matye 24:14). Bib la rele menm evènman an “gran jou Bondye a”, e li rele l “Amagedòn” tou (Revelasyon 16:14, 16). Se vre, gen anpil konfizyon nan relijyon yo sou sijè sa a, gen anpil kwayans etranj e gen anpil istwa ki bay tristès sou li. Sepandan, sa Bib la di sou kesyon an byen klè, li esplike sa lafen an ye ak sa l pa ye. Anplis de sa, Pawòl Bondye a ede nou wè byen klè si wi ou non lafen an toupre. Sa k pi enpòtan ankò, sèke li di nou sa nou dwe fè pou nou chape! Pou kòmanse, ann egzamine kèk move konsepsyon moun genyen sou lafen an epi ann chèche wè kòman yo defini l. Selon Bib la, ki sa “lafen an” ye toutbonvre?

SA LAFEN AN PA YE

  1. LAFEN AN SE PA TÈ A YO PRAL DETWI NÈT NAN DIFE.

    Bib la di: “[Bondye] mete tè a sou fondasyon li yo. Li pap janm brannen, wi pou toutan.” ​(Sòm 104:5, NW). Vèsè sa a ak anpil lòt vèsè ankò ban nou asirans Bondye pap janm detwi tè a ni li pap janm kite moun detwi l! — Eklezyas 1:4; Izayi 45:18.

  2. LAFEN AN SE PA YON EVÈNMAN YO PA T PREVWA K AP RIVE SANZATANN.

    Bib la fè konnen Bondye pwograme lè pou lafen an rive. Bondye fikse yon lè byen presi pou lafen an rive. Men sa nou li: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj nan syèl la, ni Pitit la. Se sèl Papa a ki konnen yo. Kontinye veye, rete je klè, paske nou pa konnen ki lè tan ki fikse a ap rive.” ​(Mak 13:32, 33). Li klè, Bondye (“Papa a”) deja pwograme yon lè egzak pou l fè lafen an kòmanse.

  3. LAFEN AN SE PA LÈZÒM K AP PWOVOKE L NI GWO DEBRI KI SOT NAN LESPAS.

    Ki sa k pral pwovoke lafen an? Revelasyon 19:11 di: “Mwen wè syèl la ouvè, e mwen wè yon cheval blan parèt. Yo rele moun ki chita sou li a Fidèl e Veridik.” Apre sa, vèsè 19 la di: “Mwen wè bèt sovaj la ansanm ak wa latè yo ak lame yo genyen yo ki rasanble pou fè lagè ak moun ki chita sou cheval la e avèk lame l la.” ​(Revelasyon 19:11-21). Byenke pifò langaj yo itilize la a se langaj senbolik, byen fasil, nou ka konprann pwen sa a: Bondye ap voye yon lame zanj pou l detwi ènmi l yo.

Moun ki chape anba Amagedòn yo ap an sekirite apre destriksyon an, lafimen k ap monte nan yon distans

Mesaj Bib la bay konsènan lafen an se yon bon nouvèl, se pa yon move nouvèl.

SA LAFEN AN YE

  1. SE LAFEN GOUVÈNMAN LÈZÒM YO KI ECHWE.

    Men sa Bib la esplike: “Nan jou wa sa yo, Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm [gouvènman] ki pap janm kraze. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp. Wayòm nan pral kraze tout lòt wayòm sa yo, e l ap mete yon fen nan yo, e se li menm sèl k ap la pou toutan.” ​(Dànyèl 2:44, NW). Jan nou te deja wè sa nan pwen 3 a, Bondye pral detwi “wa latè yo ak lame yo genyen yo” ki pral “rasanble pou fè lagè ak moun ki chita sou cheval la e avèk lame l la”. — Revelasyon 19:19.

  2. SE LAFEN LAGÈ, VYOLANS AK ENJISTIS.

    “Se [Bondye] menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè.” ​(Sòm 46:9). “Se moun ki dwat yo ki pral abite sou tè a, e se moun ki entèg yo ki pral rete sou li. Kanta mechan yo, y ap rache yo nan tè a, e trèt yo menm, y ap derasinen yo ladan l.” ​(Pwovèb 2:21, 22, NW). “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” — Revelasyon 21:4, 5.

  3. SE LAFEN TOUT RELIJYON KI TRAYI BONDYE AK LÈZÒM.

    Se “manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen [...]. Men, kisa y’a fè lè tou sa va fini?” ​(Jeremi 5:31). “Jou sa a, anpil moun pral di m: ‘Seyè, Seyè, èske se pa nan non w nou te pwofetize? Èske se pa nan non w nou te chase demon? Èske se pa nan non w nou te fè anpil zèv pisans?’ Epoutan, lè sa a m ap di yo: ‘Mwen pa t janm konnen nou! Rale kò nou sou mwen, nou menm k ap pratike sa ki mal!’” — Matye 7:21-23.

  4. SE LAFEN TOUT MOUN KI KONTINYE SOUTNI SISTÈM SA A.

    Jezi Kris te di: “Men sou ki baz jijman an ap fèt: limyè a vin nan monn nan, men lèzòm te pi renmen fènwa pase limyè, paske aksyon yo pa t bon.” ​(Jan 3:19). Bib la esplike gen yon destriksyon ki te fèt sou tout tè a anvan sa, nan epòk Noye, yon moun ki te fidèl. Men sa Bib la di: “Monn nan epòk sa a te detwi lè l te kouvri anba dlo. Men, grasa menm pawòl la, syèl ak tè ki la kounye a, yo mete yo la pou dife e yo kenbe yo pou jis jou jijman ak destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo rive.” — 2 Pyè 3:5-7.

N ap remake, yo konpare “jou jijman ak destriksyon” k ap vini an ak destriksyon “monn” nan epòk Noye a. Ki monn Bondye te detwi lè sa a? Planèt nou an te rete la, men, Bondye te “detwi” ‘moun ki pa t gen respè pou li yo’, moun ki te ènmi l yo. Pandan “jou jijman” k ap vini an, moun ki chwazi pou yo ènmi Bondye, Bondye ap detwi yo menm jan an tou. Men moun ki zanmi Bondye yo ap chape, menm jan Noye ak fanmi l te chape. — Matye 24:37-42.

Kounye a, imajine jan tè a pral bèl apre Bondye fin elimine tout move enfliyans sou li! Sa klè, mesaj Bib la bay konsènan lafen an se yon bon nouvèl, se pa yon move nouvèl. Men ou ka toujou ap mande tèt ou: ‘Èske Bib la di nou ki lè lafen an ap rive? Èske lafen an toupre? Ki sa pou m fè pou m ka chape lè sa a?’

APRE LAFEN AN

Kòman bagay yo pral ye? Gen anpil vèsè nan Bib la ki pale konsènan bèl epòk sa a. Pa egzanp: “‘[Bondye] pral siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.’ E Moun ki chita sou twòn nan di: ‘Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.’” ​(Revelasyon 21:4, 5). Lafen an pa oblije vle di lafen lavi w. Bondye vle pou nou chape, e li di nou sa nou dwe fè pou n ka chape.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje