BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/8 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa Bondye vle pou nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Ki jan lavi te kòmanse?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Pou ki rezon nou sou tè a?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/8 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Èske apre lavi sa a pa gen anyen ankò?

Yon mesye ki aje ak yon tibebe k ap gade nan yon distans

Èske pafwa lavi a parèt twò kout pou ou?

Èske w konn mande tèt ou si se sèlman plezi, travay, maryaj, leve yon fanmi epi vin granmoun ki gen nan lavi sa a (Jòb 14:1, 2)? Bib la montre menm moun ki vrèman saj konn poze tèt yo kesyon sa a. — Li Eklezyas 2:11.

Èske lavi gen yon sans? Toudabò nou bezwen mande ki jan lavi te kòmanse? Gen anpil moun apre yo fin egzamine fason sèvo nou ak rès kò nou fèt ki dakò gen yon Kreyatè saj ki fè tout bagay sa yo. (Li Sòm 139:14.) Si se konsa, li dwe te kreye nou pou yon rezon! Lè n konnen rezon an, sa ka bay lavi nou anpil sans.

Poukisa Bondye kreye lèzòm?

Bondye te beni de premye moun li te kreye yo e li te ba yo yon bèl travay. Objektif Bondye se te pou yo ranpli tè a, pou yo fè l tounen yon paradi e pou yo viv pou toutan. — Li Jenèz 1:28, 31.

Lè lèzòm te rebele kont dominasyon Bondye, Bondye te mete reyalizasyon objektif li pou yon tikras pita. Men, Bondye pa t abandone nou, ni li pa t bay objektif li a vag. Bib la ban nou asirans Bondye ap travay pou l sove moun ki fidèl yo e pou l reyalize objektif li gen pou tè a! Bondye vle pou nou viv jan l te vle a! (Li Sòm 37:29.) Bib la aprann nou byenfè nou ka jwenn grasa objektif Bondye.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 3 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje