BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 52
  • Pou ki rezon nou sou tè a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pou ki rezon nou sou tè a?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa Bondye vle pou nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ou kapab zanmi Jewova
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Annou pousuiv objektif k ap ban nou satisfaksyon nan lavi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Bondye se pi bon zanmi w ka genyen
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 52

Pou ki rezon nou sou tè a?

Repons Bib la bay

Moun konn poze tèt yo plizyè kesyon sou sans lavi a, tankou: Poukisa nou la a? Ki objektif lavi a genyen? Bib la montre objektif nou nan lavi a se chèche vin zanmi Bondye. Ann egzamine kèk verite enpòtan nan Bib la ki montre sa.

  • Se Bondye ki Kreyatè nou. Bib la di: “Se [Bondye] ki fè nou, se pa nou menm ki fè tèt nou.” — Sòm 100:3; Revelasyon 4:11.

  • Bondye gen yon objektif pou tout sa l kreye, e objektif sa a konsène nou tou. — Ezayi 45:18.

  • Bondye kreye nou yon fason pou n pran konsyans nou “bezwen” l, sa ki gen ladan l dezi nou genyen pou n chèche konn sans lavi a (Matye 5:3). Li vle pou nou konn sans lavi a genyen. — Sòm 145:16.

  • Nou montre nou bezwen Bondye lè n fè efò pou n vin zanmi l. Menmsi kèk moun panse li difisil pou yo vin zanmi Bondye, men ki ankourajman Bib la ban nou: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8; 2:23.

  • Pou nou vin zanmi Bondye, nou dwe viv ann amoni ak objektif li gen pou nou. Labib pale de objektif sa a nan Eklezyas 12:13 ki di: “Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.” — Bib la.

  • Alavni, n ap ka viv ann amoni nèt ak objektif Bondye te gen pou nou okòmansman an lè Bondye elimine soufrans e li bay zanmi l yo, sa vle di moun k ap adore l yo, lavi ki pap janm fini an. — Sòm 37:10, 11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje