BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/10 p. 5
  • Poukisa Bondye mande nou pou nou priye l?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa Bondye mande nou pou nou priye l?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Bondye vle vin zanmi nou.
  • Bondye vle ede nou.
  • Lèzòm bezwen Bondye.
  • Èske Bondye koute priyè w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche kote Bondye grasa lapriyè
    Ki sa Bondye vle nou fè?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/10 p. 5

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE L VRÈMAN ITIL POU NOU PRIYE?

Poukisa Bondye mande nou pou nou priye l?

Bondye vle vin zanmi nou.

Zanmi pale youn ak lòt pou yo ka fè amitye yo vin pi solid. Menm jan an tou, Bondye mande nou pou nou pale avè l, konsa li ban nou posiblite pou n vin bon zanmi l. Men sa l di: “Nou gen pou nou rele m, pou nou vin jwenn mwen e pou nou priye m, e mwen menm m ap koute nou.” ​(Jeremi 29:12, NW). Lè nou pale ak Bondye, n ap “pwoche bò kote [l] e l ap pwoche bò kote nou”. (Jak 4:8.) Men asirans Bib la ban nou: “Jewova toupre tout moun ki rele l.” ​(Sòm 145:18, NW). Tank nou priye Bondye, se tank n ap vin gen yon pi bèl zanmitay avè l.

“Jewova toupre tout moun ki rele l.” — Sòm 145:18, NW.

Bondye vle ede nou.

Men sa Jezi te di: “Kiyès nan nou la a, si pitit li mande l yon pen, k ap lonje yon wòch ba li? Oswa si l mande l yon pwason, k ap lonje yon sèpan ba li? Kidonk, si nou menm, [...] nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun bon bagay si yo mande l!” ​(Matye 7:9-11). Wi, Bondye mande nou pou nou priye l paske “li gen sousi pou nou” e li vle ede nou (1 Pyè 5:7). Li menm mande nou pou n pale ak li sou pwoblèm nou yo. Men sa Labib di nou: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi.” — Filipyen 4:6.

Lèzòm bezwen Bondye.

Espesyalis k ap etidye lòm yo rann yo kont gen plizyè santèn milyon moun ki santi yo bezwen priye Bondye. Pami moun sa yo, menm gen moun ki ate ak moun ki agnostika. Sa montre vrèman Bondye kreye lèzòm ak yon bezwen espirityèl. Jezi te di: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” ​(Matye 5:3). Youn nan fason nou ka konble bezwen sa a se lè nou pale souvan ak Bondye.

Si nou aksepte pou nou priye Bondye, jan l mande sa a, ki byenfè nou ka jwenn?

a Gen yon òganizasyon ki rele Pew Research Center ki te fè yon sondaj an 2012. Li te montre gen 11 pousan moun ki ate ak moun ki agnostik nan Etazini ki priye yon fwa pa mwa omwen.

Ki sa ki gen nan lapriyè?

Bib la fè nou konnen lapriyè ka anglobe tout aspè nan lavi nou:

  • Konfesyon: “Mwen te fè w konnen peche m te fè a, mwen pa t kache erè m nan.” — Sòm 32:5, NW.

  • Remèsiman: “Ala bon sa bon pou m remèsye w, o Jewova.” — Sòm 92:1, NW.

  • Louwanj: “M ap toujou louwe Jewova, m ap toujou fè louwanj pou li ak bouch mwen.” — Sòm 34:1, NW.

  • Mande direksyon: “Dirije m pou m ka suiv kòmandman w yo, paske m pran plezi ladan yo.” — Sòm 119:35, NW.

  • Mande fòs: “Vire gade m, fè m favè, bay sèvitè w la fòs.” — Sòm 86:16, NW.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje