BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp19 no 3 p. 12-13
  • Ki sa w ka fè pou w viv pi byen alavni?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa w ka fè pou w viv pi byen alavni?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • BONDYE PWOMÈT L AP FÈ LAVI SOU TÈ A VIN JAN L TE VLE L YE A
  • JEZI TE MONTRE BON BAGAY LI PRAL FÈ POU MOUN KI OBEYISAN YO
  • CHÈCHE JWENN WOUT K AP FÈ W VIV PI BYEN AN
  • PREMYE PA POU W FÈ NAN VWAYAJ LA
  • Yon sèl fason ki bon pou n adore Bondye
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa Bondye pral fè?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Ann kontinye “koute l”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Adorasyon Bondye apwouve
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
wp19 no 3 p. 12-13
Youn nan syantifik nou pale de li anvan sa k ap li Labib

Ki sa w ka fè pou w viv pi byen alavni?

FASON lèzòm ap viv jodi a pa menm ditou ak jan Bondye te vle pou yo viv. Tè a te dwe plen ak moun ki vle pou Kreyatè yo a dirije yo, ki vle jwenn byenfè nan konsèy Bondye bay yo e ki vle imite lanmou ak lòt bèl kalite Bondye genyen yo. Toutpandan yo t ap leve fanmi yo ansanm, Bondye te vle pou yo kolabore youn ak lòt nan kè kontan, pou yo aprann nouvo bagay epi fè tout tè a vin yon paradi.

BONDYE PWOMÈT L AP FÈ LAVI SOU TÈ A VIN JAN L TE VLE L YE A

  • “Li fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a.” — Sòm 46:9.

  • “Tan ki fikse a rive pou w [...] detwi moun k ap detwi tè a.” — Revelasyon 11:18.

  • “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” — Ezayi 33:24.

  • “Moun mwen chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo.” — Ezayi 65:22.

Ki jan pwofesi sa yo pral akonpli? Bondye mete Jezi, Pitit li a, Wa yon gouvènman ki pafè, e se gouvènman sa a ki pral dirije tè a detan l nan syèl la. Labib rele l Wayòm Bondye a (Dànyèl 2:44). Men sa Bib la di anrapò ak Jezi: ‘Bondye ap ba li twòn David la, e li va dirije antanke wa.’ — Lik 1:32, 33.

Lè Jezi te sou tè a, li te konn fè anpil gwo mirak pou l montre lè l l ap dirije antanke Wa, l ap fè lèzòm viv pi byen pase jan y ap viv jodi a.

JEZI TE MONTRE BON BAGAY LI PRAL FÈ POU MOUN KI OBEYISAN YO

  • Li te geri tout kalite maladi, sa montre jan l pral retire tout kalite domaj ak enfimite moun genyen. — Matye 9:35.

  • Li te kalme lanmè, sa montre jan l pral kontwole fòs ki gen nan lanati yo pou l ka pwoteje lèzòm. — Mak 4:36-39.

  • Li te bay plizyè milye moun manje, sa montre li pral bay moun yo sa yo bezwen pou yo viv. — Mak 6:41-44.

  • Li te fè dlo tounen diven nan yon maryaj, sa montre li pral ede lèzòm jwi lavi a. — Jan 2:7-11.

Ki sa w ka fè pou w jwenn lavi Bondye ap prepare pou moun ki renmen l yo? Gen yon wout ou dwe kòmanse mache ladan l pou w jwenn lavi sa a. Labib fè n konnen wout sa a se “wout ki mennen nan lavi a, [...] e se kèk grenn moun ki jwenn li”. — Matye 7:14.

CHÈCHE JWENN WOUT K AP FÈ W VIV PI BYEN AN

Ki sa wout lavi a ye? Men sa Bondye di: “Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a.” (Ezayi 48:17). Si w mache nan wout sa a, w ap gen pi bon lavi ki te ka genyen an.

Men sa Jezi te di: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a.” (Jan 14:6). Se si n kwè nan verite Jezi te anseye yo e nou suiv egzanp Jezi kite pou nou, n ap ka pwoche bò kote Bondye e n ap ka viv pi byen.

Ki jan w ka jwenn wout lavi a? Gen anpil relijyon, men Jezi te gentan ban nou avètisman sa a: “Se pa tout moun k ap di m: ‘Seyè, Seyè’, k ap antre nan Wayòm syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre ladan l.” (Matye 7:21). Li te di tou: “Se aksyon yo k ap fè nou rekonèt yo.” (Matye 7:16). Labib ka ede w konnen ki relijyon ki vrè relijyon an. — Jan 17:17.

Ki jan w ka kòmanse mache sou wout lavi a? Sa mande pou w aprann konnen moun ki bay tout moun lavi a. Ki moun li ye? Ki non l? Ki kalite li genyen? Ki sa l ap fè pou nou kounye a? Ki sa l vle nou fè?a

Bondye pa vle pou lèzòm annik kontante yo travay, manje, amize yo epi fonde fanmi. Nou kapab konnen kiyès Kreyatè nou an ye epi vin zanmi l. Nou kapab montre nou renmen l lè nou fè volonte l. Men sa Jezi te di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a.” — Jan 17:3.

BONDYE AP ANSEYE W “POU BYEN W” PA MWAYEN BIB LA. — EZAYI 48:17.

PREMYE PA POU W FÈ NAN VWAYAJ LA

Pou nou fè vrè Dye a plezi, sa ka mande pou n fè kèk chanjman. Sa ka parèt difisil. Men, an reyalite, se yon bèl vwayaj! Menm jan ak tout vwayaj, sa mande pou n fè premye pa a. Pou w jwenn repons pou yon seri kesyon fondamantal sou Bondye, Temwen Jewova yo ap ofri w yon etid biblik gratis yon kote ak yon lè k ap bon pou ou. Ou ka kontakte nou lè w al sou sit nou an, www.jw.org.

a Gade Toudegad No 1 2019.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje