“Bati fanmi nou”
1. Poukisa li enpòtan pou nou bati fanmi nou e pou nou ede lòt moun fè menm jan an?
1 Pa gen dout nan sa, toupatou sou tè a lavi fanmi ap deteryore. Monn Satan an pran plezi nan twonpe moun e l ap benyen nan imoralite (1 Jan 5:19). Se sa k fè, li vin pi ijan toujou pou nou ‘bati fanmi nou’ e pou n aprann lòt moun fè menm jan an pou fanmi pa yo. — Pwo. 24:27.
2, 3. a) Ki liv nou pral etidye nan etid biblik kongregasyon an apati semèn 14 mas 2011? b) Ki diferan aspè nou jwenn nan liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an?
2 Prensip biblik yo se yon pwoteksyon: Lè nou aplike prensip ki nan Bib la n ap jwenn sekrè pou gen kè kontan nan fanmi nou. Kokenn verite ki ladan l yo pwofitab pou tout moun nan fanmi an e l ap itil yo nan tout aspè nan lavi a. Fanmi ki suiv prensip sa yo ap jwenn vrè bonè a e y ap gen lapè Bondye bay la. — Konpare ak Izayi 32:17, 18.
3 Apati semèn 14 mas 2011, nou pral etidye liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an nan etid biblik kongregasyon an. Nan liv sa a n ap jwenn prensip k ap ede n bati fanmi nou. Nan fen chak chapit gen yon kare ki vrèman itil ki mete aksan sou prensip moun nan fanmi an bezwen sonje. Pifò nan kare sa yo kòmanse ak kesyon sa a: “Ki jan prensip biblik sa yo kapab ede...?” Kesyon sa a atire atansyon sou panse Bondye genyen sou sijè y ap egzamine a dekwa pou nou ka gen menm pwennvi avè l sou sijè sa a. — Iza. 48:17.
4. Site kèk sijè yo egzamine nan liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an.
4 Liv la egzamine sijè tankou: Sa yon moun dwe chèche lakay moun li envizaje marye avè l la (chapit 2), kle ki ka ede yon moun jwenn vre bonè nan maryaj li (chapit 3), fason paran yo ka leve pitit yo ki adolesan pou yo vin adilt ki gen sans responsablite e ki gen lakrentif pou Bondye (chapit 6), fason pou nou pwoteje fanmi nou kont enfliyans ki ka detwi l (chapit 8), prensip k ap ede yon fanmi reyisi lè se yon sèl paran k ap leve pitit li (chapit 9), èd espirityèl pou fanmi ki gen moun ki alkolik e k ap fè vyolans (chapit 12), sa moun ka fè si maryaj yo sou wout kraze (chapit 13), sa pou nou fè pou nou onore paran nou ki aje (chapit 15), ak fason pou nou asire nou fanmi nou ap gen yon avni ki dirab (chapit 16).
5. Apa nan etid biblik kongregasyon an, nan ki lòt okazyon nou kapab egzamine liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an?
5 Byen sèvi ak liv la: Poukisa nou pa etidye liv Kè kontan nan fanmi an ansanm ak fanmi pa nou si nou poko fè sa? Anplis de sa, si fanmi nou ap fè fas ak yon pwoblèm oubyen ak yon difikilte, li ta bon pou nou reegzamine chapit nan liv la ki gen rapò ak pwoblèm sa a. Reflechi sou fason pou nou aplike konsèy yo bay yo epi lapriyè sou sa.
6. Ki byenfè n ap jwenn si nou pratike atachman pou Bondye nan fanmi nou?
6 Fanmi ki gen atachman pou Bondye yo ap solid espirityèlman, y ap ini e y ap byen prepare pou yo fè fas ak atak Satan yo (1 Tim. 4:7, 8; 1 Pyè 5:8, 9). Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou enstriksyon nou jwenn nan men Bondye, li menm ki pran dispozisyon pou gen fanmi an.