Ann ofri tout moun liv Bonheur familial la, kèlkeswa laj yo
1 Yon tigason 11 an k ap viv Kalifòni te di apresyasyon li pou liv Le secret du bonheur familial. Li te ekri : “ Mwen kontan liv la, e m ankouraje lòt fanmi pou yo li liv sa a, paske li bon anpil. Li ede fanmi pa m jwenn lapè ak bonè nan kay la. ” Eksperyans jèn sa a ta dwe ankouraje nou ofri tout moun liv Bonheur familial la, kèlkeswa laj yo. Men kèk sijesyon nou ka eseye nan ministè nou diran mwa fevriye a.
2 Lè nou rankontre yon jèn, nou kapab di :
◼ “ Anpil jèn ki nan laj ou panse marye. Men, ki kote nou ka jwenn ransèyman serye sou kesyon sa a ? [Kite moun nan reponn.] Souvan jèn yo di yo pa sèten yo prepare pou maryaj. Annou gade ki sa liv sa a di sou kesyon an. ” Ouvri liv Bonheur familial la nan paj 14 epi li paragraf 3. Atire atansyon moun nan sou chak soutit ki nan chapit la. Ofri liv la epi pran randevou pou yon vizit.
3 Lè n ap pale avèk yon moun ki gen pitit, nou kapab di :
◼ “ N ap pataje kèk konsèy ki bay bon rezilta nan elevasyon timoun ak tout paran nou rankontre. Nou jwenn konsèy sa yo nan liv sa a : Le secret du bonheur familial. ” Ouvri liv la nan paj 55. Li paragraf 10, ansuit li Detewonòm 6:6, 7 nan paragaf 11 la. Apre sa, atire atansyon moun nan sou fraz ann italik ki nan paragraf 12 jiska paragraf 16. Ou kapab kontinye konsa : “ Liv sa a ede anpil moun ki gen pitit jwenn anpil siksè. M ap byen kontan kite l pou wou ”.
4 Lè n ap pale ak yon granmoun, nou ka di :
◼ “ M ap li yon kòmantè tou kout pou wou e apre sa, silvouplè, m ta renmen ou di m sa ou panse. ” Ouvri liv Bonheur familial la nan paj 169 epi li de premye fraz ki nan paragraf 17 la. Ansuit mande moun nan sa li panse. Selon repons li bay, ou kapab li lòt pati nan liv la anvan ou ofri li.
5 Lè nou retounen wè moun ki te asepte liv Bonheur familial la, mete nan tèt nou pou nou kòmanse yon etid biblik. Li ka apwopriye pou nou kòmanse nan leson 8 bwochi Sa Bondye vle a oubyen nan chapit 15 liv Connaissance la. Annatandan, annou fè efò pou nou ede moun yo bati yon lavi fanmi kretyen ki ere, kèlkeswa laj yo.