Yon koudèy pwogresif sou aktivite fè disip la, yon aktivite ijan
1 Anvan Jezi te kite tè a, li te bay disip li yo lòd pou yo ‘ fè disip pami moun tout nasyon. ’ Sa te mande pou yo angaje yo nan yon kokenn kanpay predikasyon ak ansèyman. Sa te mande tou pou yo gaye aktivite yo a sou tout latè abite (Matye 28: 19, 20 ; Ak 1:8). Èske yo te konsidere manda sa a tankou yon fado twò difisil pou yo pote ? Dapre lapot Jan, repons la se non. Apre li te fin pase 65 an ap fè disip, li te ekri : “ Men ki sa renmen Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. E poutan kòmandman l yo pa yon fado. ” — 1 Jan 5:3.
2 Rapò Ekriti yo fè sou aktivite premye kretyen yo pwouve yo te zele nan misyon yo te genyen pou yo fè disip pou Jezikri a (2 Timote 4:1, 2). Yo pa t senpman fè sa paske se te devwa yo, men paske lanmou te fè yo anvi bay Bondye louwanj, e sa te fè yo anvi pote yon espwa pou sove bay lòt moun (Ak 13:47-49). Etandone tout moun ki te vin disip, yo menm tou te al fè disip annapre, kongregasyon kretyen yo te gwosi vit vit o premye syèk. — Ak 5:14 ; 6:7 ; 16:5.
3 Aktivite fè disip la ap akselere : Nan ventyèm syèk sa a, aktivite fè disip la pran yon ekstansyon li pa t janm genyen oparavan ! Kon sa, plizyè milyon moun asepte Bon nouvèl la e yo aji ann amoni avèk li (Lik 8:15). Etandone sistèm de choz jodi a prèske pa rete tan ankò, “ esklav fidèl e avize ” a ekipe nou ak zouti k ap pèmèt moun ki gen kè sensè yo aprann laverite rapid. — Matye 24:45.
4 An 1995 nou te resevwa liv La Connaissance qui mène à la vie éternelle, e an 1996 bwochi Kisa Bondye Vle Nou Fè (Attend)? te vin suiv li. Apwopo de liv Connaissance la, La Tour de Garde 15 janvye 1996, nan paj 14, deklare : “ Yo kapab etidye liv 192 paj sa a, nan yon tan ki pa tèlman long. E, grasa yon etid ladan n, sila yo ‘ ki nan bon jan dispozisyon pou lavi etènèl’, ta dwe kapab pran ase konesans pou yo vwe yo bay Jewova e fè yo batize. ” — Ak 13:48.
5 Paj mitan Le Ministère du Royaume jiyè 1996 nan atik “ kouman pou n fè disip ak liv Connaissance la ”, ba nou objektif sa a : “ Tou depan de sitiyasyon an, e selon kapasite etidyan an, li ka posib pou nou kouvri pifò chapit yo nan yon sèl etid inèdtan anviwon, san nou pa rabache etid la. Etidyan yo va fè pi bon pwogrè si yo menm ak anseyan an respekte randevou etid la chak semèn. ” Atik la te kontinye kon sa : “ Lè yon moun fm etidye tout liv Connaissance la, nou atann pou li demontre senserite li ak yon gwo anvi pou l sèvi Bondye. ” Ribrik “ Repons Kesyon w yo ” nan Le ministère du Royaume oktòb 1996 te esplike : “ Nou swete, nan yon tan ki pa twò long, yon anseyan efikas va kapab ede yon etidyan sensè vin gen ase konesans pou l pwogrese e pran desizyon sèvi Jewova. ”
6 Liv Connaissance la bay bon rezilta : Gen yon jèn dam, nan moman batèm li, ki te bay enpresyon l sou etid liv Connaissance la. Pandan yon tan, li te etidye liv Vivre éternellement an. Lè yo te vin pibliye liv Connaissance la, sè ki t ap fè etid la te janbe nan liv tou nèf la. Apre yon ti tan, etidyan an te wè sa t apral mande pou l pran yon desizyon, e sa pouse l pwogrese vit depi lè sa a. Jèn dam nan, ki sè nou kounye a, deklare : “ Liv Vivre éternellement an te ede m renmen Jewova, men liv Connaissance la te ede m pran desizyon pou m sèvi li. ”
7 Gade ki jan yon lòt dam te aprann laverite rapid. Apre dezyèm etid li, li te asiste yon reyinyon nan sal Wayòm nan pandan vizit siveyan sikonskripsyon an. Nan menm semèn nan, nan twazyèm etid li, li te di siveyan an li te vwe li bay Jewova epi li te vle vin yon pwoklamatris ki poko batize. Ansyen yo te reyini avèk li, yo te apwouve l kòm pwoklamatris, e semèn annapre a, li te kòmanse preche. Etid biblik la te tèlman vin enpòtan pou li, sa te mennen l pran yon konje toutespre nan travay li pou l te ka fè etid la de fwa oubyen twa fwa chak semèn, e pou l te ka pase plis tan nan predikasyon. Pafwa, yo te konn fè de ou twa chapit yon sèl kou. Dam nan te kòmanse aplike sa l te aprann yo nan tout domèn lavi li, li te fini liv Connaissance la nan 4 semèn, e li te pwogrese jouk li batize !
8 Mari yon sè dekri tèt li kòm yon moun ki te “yon bonjan echantiyon mari non kwayan. ” Yon jou, yon frè te ofri l yon etid biblik nan liv Connaissance la, ak kondisyon pou mesye a depi l vle, ta ka kite sa aprè premye etid la oswa nenpòt lè annapre. Mari a te dakò fè yon esèy, kwak lè li te trè jèn li pa t yon elèv fò, e li pa t janm etidye okenn kalite liv sou relijyon depi plis pase ventan. Ki jan l te reyaji devan etid liv Connaissance la ? Li di : “ Se te yon reyèl plezi pou m wè nan ki pwen oksilyè biblik sa a ekri yon fason senp. Ide yo tèlman klè, yo tèlman lojik, m pa t pran anpil tan pou m te enpasyan wè jou etid la rive. Anseyan m nan te byen suiv metòd Sosyete a bay sou fason pou moun fè disip e, avèk èd lespri Jewova, apre 4 mwa m te batize. Vrèman, m kapab di, si nou aprann renmen aktivite fè disip la, si nou kontinye chèche sila yo ki gen kè sensè lè n ap preche, si nou sèvi ak liv Connaissance la ansanm ak lòt oksilyè biblik Sosyete a founi nou yo e, sa ki pi enpòtan, si nou priye pou Jewova dirije nou, nou kapab genyen privilèj toutafè espesyal sa a pou ede lòt moun al fè disip. ” An reyalite egzanp nou sot site la yo, se pa bagay ki rive souvan. Pi fò etidyan nou yo pa pran pozisyon pou laverite rapid kon sa.
9 Tout etidyan pa pwogrese nan menm vitès : Fok nou rekonèt kapasite moun k ap anseye Pawòl Bondye ak kapasite moun k ap etidye kapab pa menm ditou. Pwogrè espirityèl kapab fèt vit oubyen li ka pran tan. Pwogrè kèk etidyan fè nan kèk mwa, gen lòt etidyan ki pran plis tan pou yo fè l. Vitès pwogrè espirityèl yon moun depann de nivo enstriksyon l, de fason li apresye choz espirityèl yo, ak pwofondè atachman li pou Jewova. Se pa tout moun n ap etidye avèk yo ki egzamine Ekriti yo chak jou avèk “ pi gran anpresman ” menm jan Bereyen lontan ki te vin kwayan yo, te fè. — Ak 17:11, 12.
10 Se pou rezon sa a paj mitan Le ministère du Royaume avril 1998 ki di: “N ap chèche plis etid biblik ”, te bay enstriksyon reyalis sa a : “ Natirèlman se pa tout etidyan Labib ki pwogrese nan menm vitès. Genyen nan yo bagay espirityèl kaptive yo mwens pase lòt, e genyen ki pa konprann vit bagay yo anseye yo. Gen lòt ankò ki okipe anpil, e ki pa ka konsakre tan nesesè pou yo ta fè yon chapit ann antye chak semèn. Kon sa, gen kèk chapit, ou gen dwa pa ka fè yo nan yon sèl etid. Sa vle di, plizyè mwa an plis kapab nesesè pou w fini tout liv la. ”
11 Moun k ap fè disip bezwen kenbe yon pwennvi byen balanse : Li nesesè pou n adapte vitès etid la selon sikonstans yo e selon kapasite etidyan an. Etandone yo ankouraje nou pou nou kòmanse etid nan bwochi Sa Bondye Vle a, (Attend), sa ka pran de a twa mwa pou nou fin kouvri l anvan nou pase nan liv Connaissance la. Si nou aplike sijesyon nou jwenn nan paj mitan Le ministère du Royaume jiyè 1996 la, nou ka pran sis a nèf mwa ankò pou nou fini liv Connaissance la. Kèk frè ak sè ki te fèk kòmanse yon etid nan liv Connaissance la janbe nan bwochi Sa Bondye Vle a pou ede etidyan an aprann verite biblik de baz yo pi vit. Ansuit, yo rekòmanse etid la nan liv Connaissance la. Si nou deja kòmanse yon etid k ap pwogrese byen nan liv Connaissance la, li ta bon pou nou etidye bwochi Sa Bondye vle a, apre nou fin fè liv la. Kon sa, n ap fè yon revizyon byen rapid sou verite de baz Pawòl Bondye a. Antouka, nou pa dwe kouri avèk etid la, epi sakrifye bonjan konprann etidyan an bezwen genyen an. Chak etidyan bezwen yon bon baz pou lafwa li fèk ap genyen nan Pawòl Bondye a.
12 Etandone kote nou ye nan tan k ap avanse a, nou dwe prese, plis pase anvan, pou nou ede lòt moun aprann laverite. Tout pandan n ap kontinye lapriyè pou nou kòmanse lòt etid biblik, annou lapriyè tou pou moun yo ki deja ap etidye avèk nou. Kon sa, se va lajwa pou nou, pou n kontinye batize plis disip “ toulejou jouk nan konklizyon sistèm de choz la. ” — Matye 28:20.