Annou youn bati lòt nan fè kòmantè nan reyinyon
1 Nan Ebre 10:24, nou jwenn egzòtasyon ‘ pou youn pouse lòt aji nan lanmou ak bèl zèv. ’ Sa mande pou youn bati lòt, lè nou fè bon kalite kòmantè nan reyinyon kongregasyon an. Poukisa nou dwe fè kòmantè ? Ki jan nou dwe fè sa ? Kiyès ki va vrèman tire pwofi ?
2 Reflechi pou w wè konbyen fwa ou te tire pwofi lè w tande lòt moun bay kòmantè senp, kòmantè klè ki te ogmante konpreyansyon w, e ki te ranfòse espirityalite w. Ou gen privilèj fè menm bagay pou yo. Lè w patisipe, ou demontre ou gen dezi “ kominike kèk don espirityèl ” pou ankourajman tout moun nan asistans la. — Women 1:11, 12.
3 Kouman pou nou fè bon kòmantè : Pa fè kòmantè ki long, kòmantè ki touche tout ide ki nan paragraf la. Lè yon kòmantè long, an jeneral li pa rive touche vrè repons la, e sa ka dekouraje lòt moun patisipe. Premye kòmantè sou yon paragraf fèt pou li kout. Li dwe reponn kesyon enprime a dirèkteman. Si gen moun ki vle fè lòt kòmantè, yo gen dwa fè aplikasyon itil ak pwen an oswa aplikasyon vèsè yo mansyone nan sijè a. Gade Manuel pour l’École, paj 90-2.
4 Si lide pou w fè kòmantè ba w kè kase, prepare yon komantè tou kout alavans, e mande kondiktè a pou li chwazi w nan paragraf ou te prepare a. Lè w fin fè sa pou plizyè reyinyon, patisipe ap vin pi fasil. Pa bliye : Moyiz ak Jeremi pa t gen konfyans nan kapasite yo pou yo pale an piblik (Egzòd 4:10 ; Jeremi 1:6, nòt anba paj). Men Jewova te ede yo pale nan non l, e l ap ede w tou.
5 Ki moun ki ap tire pwofi nan kòmantè ou fè ? Ou menm pèsonèlman w ap tire pwofi, paske lè w fè kòmantè, sa plante laverite pi fon nan lespri w ak nan kè w, e kon sa li vin pi fasil pou w sonje pwen an yon lòt lè. Epitou, lòt moun ap tire pwofi lè yo tande kòmantè edifyan ou fè. Nou jwenn ankourajman lè, nan reyinyon kongregasyon an, tout moun fè efò pou yo esprime lafwa yo, kit se moun ki gen esperyans, kit se jèn, kit se timid, oswa nouvo.
6 Sètènman n ap remake “ pawòl nou di nan moman apwopriye, o ! se pa ti bon yo bon ” lè nou sèvi ak yo pou nou youn bati lòt nan reyinyon ! — Pwovèb 15:23.