LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Fason pou nou fè bon kòmantè
Lè nou fè bon kòmantè, sa fòtifye kongregasyon an (Wm 14:19). Epitou, sa bon pou moun ki fè yo a (Pw 15:23, 28). Se poutèt sa, nou dwe chèche fè omwen yon kòmantè nan chak reyinyon. An reyalite, se pa chak fwa nou leve men nou y ap pran nou. Pou rezon sa a, li pi bon pou n prepare plizyè kòmantè.
Yon bon kòmantè...
senp, li klè e li kout. An jeneral, ou ka fè l nan 30 segonn oswa mwens
pi bon lè w fè l ak pwòp mo pa w
pa yon kòmantè moun fè deja ou repete san nesesite
Si yo pran w an premye...
bay yon repons ki senp e ki dirèk pou kesyon an
Si yo deja fin reponn kesyon an, ou ka...
montre fason yon vèsè yo site soutni pwen y ap egzamine a
pale sou fason sa y ap egzamine a gen efè sou lavi nou
esplike fason nou ka aplike enfòmasyon an
yon fason ki brèf, rakonte yon eksperyans ki montre enpòtans yon pwen kle