Siveyan k ap dirije nou yo : Kondiktè etid La Tour de Garde
1 La Tour de Garde annonce le Royaume de Jéhovah se prensipal dispozisyon “ esklav fidèl ki wè lwen an ” pou ba nou nouriti espirityèl “ alè ”. (Matye 24:45.) Ansyen ki kondui etid La Tour de Garde la gen yon reskonsablite vital kòm yon anseyan kalifye ki bay yon bon egzanp nan lavi kretyen. — Women 12:7; Jak 3:1.
2 Pou kondiktè etid La Tour de Garde la anseye ak efikasite, li dwe fè anpil efò pou li prepare chak semèn. Li fè sa nan lapriyè e avèk anpil swen. Enterè sensè li manifeste pou kongregasyon an reflete nan gwo efò l ap fè pou sijè n ap etidye a touche kè nou. Li konsantre li sou ide prensipal leson an e li ede nou wè ki relasyon yo genyen ak tèm atik la.
3 Fè yon preparasyon afon bò kote pa li mande pou li gade vèsè yo alavans, pou li konnen ki jan pou yo aplike yo. Li mete Pawòl Bondye a ann evidans lè li ankouraje kongregasyon an sèvi ak Bib la pandan etid la. Lè gen yon pwen enpòtan ki pa parèt nan kòmantè asistans la, oubyen lè yo pase sou aplikasyon yon vèsè kle, li poze yon kesyon presi anplis, pou li mete ide a ann evidans. Konsa, li ede nou rive nan konklizyon ki kòrèk e li ede nou konnen ki jan pou nou aplike sa nou aprann yo nan lavi nou.
4 Kondiktè etid La Tour de Garde la fè efò pou li amelyore pwòp abilte li nan fason l ap anseye. Li pa pale anpil, men li ankouraje nou fè kòmantè brèf, presi, ak pwòp mo pa nou. Pafwa, li ka raple nou premye moun k ap fè kòmantè sou yon paragraf dwe bay yon kòmantè brèf ki reponn kesyon enprime a dirèkteman. Kòmantè oditwa a ap fè anplis kapab atire atansyon nou sou aplikasyon yon vèsè, sou agiman ki soutni ide ki nan paragraf la, oubyen sou fason pratik nou ka aplike sa nou jwenn nan etid la. Nan ankouraje preparasyon pèsonèl ak preparasyon an fanmi, kondiktè etid La Tour de Garde la ap travay pou fè tout moun anvi patisipe.
5 Ankalite “ moun Jewova anseye ”, nou apresye “ lèzòm an kado ” tankou kondiktè etid La Tour de Garde yo, k ap “ travay di nan [. . .] ansèyman an. ” — Izayi 54:13; Efezyen 4:8, 11; 1 Timote 5:17.