Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
1. Ki lè n ap kòmanse etidye bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a? Ki jan sa pral pwofitab pou nou?
1 Apati semèn 28 oktòb, nou pral etidye bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a? nan etid biblik kongregasyon an. Bwochi sa a te parèt nan kongrè distri ki te gen tit: “Pwoteje kè nou!” Yo fè bwochi a pou nou ka ede etidyan Labib yo vin nan òganizasyon Jewova a. Lè nou egzamine bwochi sa a, nonsèlman sa ap ogmante rekonesans nou genyen paske n fè pati òganizasyon an, men tou sa ap ede nou byen konnen nouvo zouti sa a n ap itilize nan ministè a. — Sòm 48:13.
2. Ki fason yo pral kondui etid la nan bwochi nou pral etidye nan kongregasyon an?
2 Fason pou yo kondui etid la: Frè k ap kondui etid la bezwen divize tan an yon fason pou l kite menm kantite tan pou chak leson. Gen 28 leson, pou l kòmanse chak leson, l ap li kesyon yo poze nan tit la. Apre sa, l ap envite lektè a pou l li paragraf entwodiksyon an. Ansuit, kondiktè a ap poze moun ki nan oditwa a yon kesyon li te prepare sou entwodiksyon an. Lè yo fini, kondiktè a ap mande lektè a pou l li yon seksyon, chak seksyon kòmanse ak yon fraz yo ekri ak lèt fonse. Li dwe egzamine chak seksyon apa. Lè yo fin li seksyon an, kondiktè a ap mande moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason seksyon an reponn kesyon yo poze nan tit leson an. Bwochi a gen anpil foto, nou ka fè kòmantè sou yo tou. Nou dwe li vèsè kle yo, depi gen ase tan pou sa. Anvan kondiktè a ale nan leson ki vin apre a, l ap poze kesyon ki anba paj la pou l ka fè revizyon sou leson an. Si leson an gen kare ki gen tit “Chèche konn plis” la, kondiktè a ap fè lektè a li l e l ap envite moun nan oditwa a fè kòmantè sou fason sa ka pwofitab pou yon etidyan si l suiv sijesyon yo bay la. Si gen ase tan pou sa, lè kondiktè a ap fè konklizyon an, li ka sèvi ak tit leson yo kòm kesyon revizyon. Pa bliye, nou pa oblije fè menm jan an lè n ap itilize bwochi a nan etid biblik n ap fè ak moun yo.
3. Ki sa nou ka fè pou nou byen pwofite etid nou pral fè nan bwochi a?
3 Pou nou byen pwofite etid la, se pou nou vini nan reyinyon ak bwochi nou byen prepare. Fè efò pou n fè kòmantè. Pandan n ap egzamine bwochi a, reflechi sou rezon ki fè enfòmasyon sa yo ap itil moun k ap etidye Labib yo. Nou swete pou nouvo bwochi n ap etidye a ban nou fòmasyon pou n ede lòt moun vin fè volonte Bondye ansanm avèk nou yon fason pou yo menm tou yo ka gen esperans pou yo viv pou toutan. — 1 Jan 2:17.