BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/99 p. 1
  • “ Egzèse pasyans ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Egzèse pasyans ”
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Preche ak anseye mande pasyans
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kontinye demontre pasyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Annou aprann gen pasyans menm jan ak Jewova ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Annou imite pasyans Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 1/99 p. 1

“ Egzèse pasyans ”

1 Plis nou wè lafen ansyen sistèm Satan an ap vin pi pre, se plis li vital pou nou “ egzèse pasyans ” pandan n ap tann jou delivrans Jewova a. Espesyalman nan moman penib sa a, fòs lenmi mechan yo byen deside detounen atansyon nou sou kesyon pi enpòtan an : souvrènte Jewova. Y ap chèche mwayen tante nou, fè nou okipe sèlman nan zafè pèsonèl nou. Se konsa Satan ap bat pou nou abandone oswa ralanti nan travay predikasyon Wayòm nan (Jak 5:7, 8 ; Matye 24:13, 14). Nan ki domèn nou kapab demontre pasyans endispansab sa a ?

2 Lè nou gen metriz : Lè nou rankontre endiferans oswa opozisyon nan ministè nou, metriz pral ede nou pèsevere nan predikasyon an. Nou pap kraponnen oswa vekse fasil si moun nou rankontre yo ta brital oswa mechan (1 Pyè 2:23). Fòs sa a ki anndan nou an, ap anpeche nou di pawòl negatif sou moun nan teritwa nou an ki ta montre endiferans oswa mekontantman konsènan travay nou an. Nou reyalize pawòl konsa ka rive dekouraje ni nou menm ni sa yo ki avèk nou nan ministè a.

3 Lè nou gen pasyans ak pèseverans : Sa kapab yon eprèv pou nou rete pasyan lè nou fin gen yon bèl konvèsasyon ak yon moun ki enterese epi nou pa janm ka rive rankontre li ankò. Se menm jan an si moun n ap etidye avèk yo a mal pou fè pwogrè oswa pou pran laverite. Antouka, lè nou gen pasyans ak pèseverans, nou jwenn bon rezilta (Galat 6:9). Yon sè te oblije fè yon pakèt vizit lakay yon jèn dàm anvan li te rive kòmanse yon etid biblik. Nan senk premye vizit yo dam nan te okipe. Nan sizyèm esèy la, sè a te mouye an tranp nan lapli anplis li pa t jwenn pèsonn nan kay la. Malgre sa, li te deside bay dam nan yon dènye chans. Sè a tounen ankò, e fwa sa a li jwenn dam nan pare pou etid la. Nan yon tikras tan dam nan te fè bonjan pwogrè e li te rive dedye lavi li bay Jewova.

4 Nou konnen jou Jewova a pap anreta. Konsa n ap kontinye tann Jewova aji paske nou konnen pasyans Bondye ap bay bon rezilta (Abakouk 2:3 ; 2 Pyè 3:9-15). Nou dwe egzèse pasyans menm jan ak Jewova epi pa renonse nan ministè a. “ Grasa lafwa ak pasyans ”, annou tann Jewova rekonpanse nou poutèt nou te travay di. — Ebre 6:10-12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje