Reyinyon sèvis mwa janvye
Semèn 4 janvye
Kantik 36
10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Si lè reyinyon yo te chanje premye janvye, raple tout moun pou yo sèvi ak fich envitasyon ki genyen nouvo orè a.
15 min : “ Fè bon izaj ak ansyen liv yo. ” Kesyon/repons. Di ki ansyen liv nou genyen nan estòk kongregasyon an. Souliye kèk pwen enteresan ladan yo epi esplike ki jan nou ka prezante yo bay lòt moun. Ankouraje tout moun ofri ansyen liv sa yo nan predikasyon òganize ak nan temwayaj enfòmèl pandan mwa janvye a. Fè yon demonstrasyon sou yon prezantasyon ki brèf e ki senp.
20 min : Annou prepare nou depi kounye a pou nou respekte lwa Bondye bay sou san. Yon ansyen kalifye ap pale de enpòtans pou nou ranpli kat “ Instructions médicales/Pas de sang ”. Pawòl enspire ki nan Sòm 19:7 la montre enstriksyon nou jwenn nan Ak 15:28 ak 29 la se yon espresyon lwa pafè Bondye bay sou san. Sèvitè fidèl li yo fè efò pou yo respekte li. Dokiman sa a fè konnen pozisyon fèm nou genyen nan domèn sa a e l ap pale nan plas nou si nou pa an mezi pou nou pale (gade Pwovèb 22:3). Nouvo kat la pèmèt nou prezante yon deklarasyon ki ajou e ki esplike poukisa nou refize pran san. Apre reyinyon an, Temwen batize ki vle yo, ap resevwa yon nouvo kat. Sa yo ki gen pitit minè ki poko batize, ap resevwa yon “ Carte d’identité ” pou chak timoun yo. Nou pa dwe ranpli kat yo tousuit. Fòk nou fè sa avèk swen, lakay nou. Men nou PAP siyen yo. Nan finisman pwochen etid liv la, frè k ap dirije etid la ap veye aske mèt kat la mete siyati li, non temwen yo ak dat la sou kat la. Se yon fason pou nou asire nou tout moun ki vle suiv enstriksyon medikal sa a resevwa èd yo bezwen. Fòk moun k ap siyen kòm temwen yo wè mèt kat la siyen li an prezans yo. Nan pwochen reyinyon sèvis la, kondiktè etid liv yo oubyen ansyen yo ap ede tout moun ki pa t prezan nan etid liv la men ki vle ranpli kat la e ki siyen li. Sa ap kontinye jiskaske tout pwoklamatè batize ranpli kat yo e yo siyen yo kòrèkteman. Pwoklamatè ki poko batize yo kapab, si yo vle, adapte tèks kat la ak sitiyasyon yo, ak konviksyon pèsonèl yo, epi ekri enstriksyon pa yo pou yo menm ak pitit yo.
Kantik 61 ak priyè final.
Semèn 11 janvye
Kantik 88
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
20 min : “ Rezolisyon nou : pousuiv chemen lavi Jewova trase a. ” Diskou. Ankouraje tout moun nan oditwa a asiste senk reyinyon kongregasyon an regilyèman.
15 min : “ Egzèse pasyans. ” Konvèsasyon ant plizyè manm nan yon fanmi. Y ap bay plizyè fason yo kapab demontre pi plis pasyans nan ministè yo. Pran kèk kòmantè apwopriye nan La Tour de Garde 15 jen 1995 paj 12.
Kantik 135 ak priyè final.
Semèn 18 janvye
Kantik 169
5 min : Anons lokal.
10 min : Bezwen kongregasyon an.
15 min : “ Siveyan k ap dirije nou yo : Kondiktè etid liv kongregasyon an. ” Yon kondiktè etid liv modèl ap pale de reskonsablite li genyen. L ap esplike ki jan yon travay konsa kontribye pou pwogrè ak byennèt espirityèl kongregasyon an. Pran kèk kòmantè kle nan liv Organisés pour bien remplir notre ministère, paj 43-5, 75-7.
15 min : “ Kòmanse etid nan bwochi Sa Bondye Vle a. ” Kesyon/repons.
Kantik 197 ak priyè final.
Semèn 25 janvye
Kantik 201
10 min : Anons lokal.
15 min : “ Ajisteman nan kantite lè pou pyonye yo bay. ” Yon ansyen ap fè diskou sa a. Felisite pyonye nan kongregasyon an e ankouraje plis pwoklamatè pran sèvis pyonye oksilyè ak sèvis pyonye pèmanan pandan y ap panse travay plis padan mwa mas, avril ak me. Pran enfòmasyon nan Le ministère du Royaume fevriye 1997 ak jiyè 1998.
20 min : Èske ou egzamine Ekriti yo chak jou ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Chak ane Lasosyete pibliye bwochi Examinons les Écritures chaque jour. Èske ou byen itilize bwochi sa a pou kont ou oubyen ak manm fanmi w ? Esplike pou ki rezon li pwofitab pou nou konsidere yon tèks biblik chak jou. Kòmante prefas Examinons les Écritures chaque jour — 1999 paj 3, 4. Envite kèk pwoklamatè pou yo di ki efò espesyal yo fè pou yo rete fidèl nan egzamine tèks pou jounen an ak kòmantè a, pou kont yo oubyen ak fanmi yo.
Kantik 225 ak priyè final.