“ Ann abiye ak nouvo pèsonalite a ”
1 Kretyen yo apresye dèske yo konnen laverite ! Nou aprann ki jan pou nou viv, dekwa pou nou pa viv menm jan ak moun ki nan monn nan. Piske yo “ lwen ak lavi pa Bondye a ”, sa fè “ mantalman yo nan fènwa ” (Efezyen 4:18). Se aprann nou aprann renouvle panse nou anrapò ak fason monn nan panse lè nou retire ansyen pèsonalite a sou nou, pou nou abiye nou ak nouvo pèsonalite a. — Efezyen 4:22-24.
2 Ansyen pèsonalite a mennen moun nan devègonday nèt ale, e rezilta a se koripsyon ak lanmò. Se poutèt sa nou sipliye moun ki tande mesaj Wayòm nan pou yo voye tout move tandans jete : rankin, kòlè, mechanste, pawòl blesan ak pawòl sal. Moun ki vle gen favè Bondye dwe retire ansyen pèsonalite a nèt, san ezite, menm jan yo ta fè ak yon rad sal. — Kolosyen 3:8, 9.
3 Yon nouvo fòs ki anime entelijans nou : Pou nou abiye nou ak nouvo pèsonalite a, sa mande pou nou renouvle fòs ki anime entelijans nou an (Efezyen 4:23). Ki jan yon moun ka renouvle fòs, oswa mantalite sa a, yon fason pou li panche entelijans li nan yon bon direksyon ? L ap fè sa lè li etidye pawòl Bondye regilyèman, avèk dilijans, lè li medite sou siyifikasyon pawòl la. Konsa gen yon nouvo modèl panse ki devlope nan li, e moun nan vin wè bagay yo menm jan ak Bondye, menm jan ak Kris. Lavi yon moun transfòme antan li abiye ak tout yon seri kalite ki fè l sanble ak Kris, sitou pou konpasyon, byenveyans, imilite, ladousè, pasyans ak lanmou. — Kolosyen 3:10, 12-14.
4 Lè nou abiye ak nouvo pèsonalite a, nou rete apa nan monn nan. Fason nou viv fè nou diferan. Nou pale laverite e nou sèvi ak bon kalite pawòl pou ankouraje lòt moun. Nou kontwole kòlè nou, rankin, kri, pawòl blesan ansanm ak tout kalite mechanste e nou ranplase yo ak kalite ki dwat, ki demontre nou atache ak Bondye. Nou fè plis pase sa jeneralman yo reklame nan domèn padon. Tout bagay sa yo nou fè yo ak tout kè nou. — Efezyen 4:25-32.
5 Nou pa dwe janm retire nouvo pèsonalite a sou nou. San li, nou pa kapab sèvi Jewova yon fason aseptab. Kite l ede nou atire moun nan laverite e pèmèt li glorifye Jewova, Kreyatè bèl bèl pèsonalite nouvo nou an. — Efezyen 4:24.