BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/99 p. 2
  • Reyinyon sèvis mwa fevriye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Reyinyon sèvis mwa fevriye
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Soutit
  • Semèn 1e fevriye
  • Semèn 8 fevriye
  • Semèn 15 fevriye
  • Semèn 22 fevriye
Ministè Wayòm nan — 1999
km 2/99 p. 2

Reyinyon sèvis mwa fevriye

Semèn 1e fevriye

Kantik 154

10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Raple tout moun pou yo remèt rapò yo pou mwa janvye.

17 min : “ Annou ofri tout moun liv Bonheur familial la, kèlkeswa laj yo. ” Yon ansyen ap egzamine atik la avèk de oubyen twa pwoklamatè kalifye. Pale sitou de objektif nou genyen pou nou ede lòt moun reyalize sekrè bonè nan lavi yon fanmi chita nan suiv konsèy Bib la (Gade nan Bonheur familial, paj 9-12). Fè yon demonstrasyon ak youn nan prezantasyon yo sijere yo. Montre ki jan nou ka jete baz pou yon vizit.

18 min : “ Ann abiye ak nouvo pèsonalite a. ” Diskou k ap analize Efezyen 4:20-24 (Gade nan La Tour de Garde 1e mas 1993, paj 14-18, paragraf 4-17). Esplike ki jan nou retire ansyen pèsonalite a e ki jan nou abiye nou ak nouvo pèsonalite a.

Kantik 4 ak priyè final.

Semèn 8 fevriye

Kantik 12

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Gran Kreyatè nou an sousye de nou ! ” Kesyon/repons. Esplike ki jan nou ka sèvi ak liv Créateur a pou nou ede moun ki gen dout oswa ki nye egzistans Bondye. Kwak liv la pa fèt pou dirije etid biblik, li ka sèvi kòm yon zouti efikas pou pouse moun yo egzamine tout sa Labib di (Gade nan liv Créateur a, paj 189-91). Envite kèk pwoklamatè pou yo di ki jan yo menm pèsonèlman yo konsidere liv la e ki eksperyans yo fè nan plase lòt moun li.

Kantik 173 ak priyè final.

Semèn 15 fevriye

Kantik 40

10 min : Anons lokal. Nouvèl teyokratik.

18 min : Ki byenfè nou jwenn dèske nou enskri nan Lekòl Ministè Teyokratik ? Siveyan Lekòl la ap prezante sijè a avèk patisipasyon oditwa a. Bay fòmasyon pou moun pale an piblik, se pa sèl objektif Lekòl la. Gen lòt fason nou benefisye dirèkteman (Gade nan Manuel pour l’École, paj 11-13). Nou aprann ki jan pou nou kominike pi byen ak lòt moun. Nou aprann pale klè, ak asirans, ak sanfwa. Nou vin abil nan reponn kesyon konsènan kwayans nou e nan esplike desizyon nou yo ki baze sou Labib. Nou vin gen plis konesans nan Bib la, e sa ede nou vin pi efikas nan bay lòt moun temwayaj. Nou aprann rekonèt defo nou e nou aprann asepte konsèy. Kòm rezilta, sa fè nou aji yon fason ki pi amikal ak lòt moun. Fòmasyon jeneral Lekòl la ba nou ede nou rete “ vrèman kalifye ” kòm minis Bondye. — 2 Korentyen 3:5, 6.

17 min : “ Ki jan pou manm fanmi yo kopere youn ak lòt : Nan etidye Labib. ” Yon fanmi ap egzamine sijè a an gwoup. Y ap analize ki jan yo aplike sijesyon yo te jwenn nan La Tour de Garde 15 me 1996, paj 14-15, ak La Tour de Garde 15 oktòb 1992, paj 16-17 konsènan fason pou fanmi yo fè lekti Labib ak etid Labib.

Kantik 57 ak priyè final.

Semèn 22 fevriye

Kantik 170

10 min : Anons lokal.

15 min : Ki jan pou nou preche nan bilding ki gen plizyè apatman. (Si pa gen anpil bilding konsa nan teritwa nou, egzamine atik “ Pourquoi prendre note des absents ” nan Le ministère du Royaume me 1995). Konvèsasyon avèk de oubyen twa pwoklamatè. Li difisil pou nou preche moun k ap viv nan apatman kote se nan entèfòn sèlman nou ka pale avèk yo. Egzamine ki jan ou ka eveye enterè moun nan. Prezante ou amikalman kòm yon vwazen. Itilize non mèt kay la si ou jwenn ni nan ànyè telefòn nan. Mansyone yon sijè apwopriye ou ta renmen pale ak moun nan, oubyen li senpman yon entwodiksyon nan liv Comment raisonner, paj 9-15. Esplike moun nan ou ta renmen kite yon feyè, yon peryodik oubyen yon bwochi ki reponn yon kesyon enpòtan, epi di li ki kesyon. Kote li pa fasil pou nou kontakte lokatè yo, ekri yo lèt oubyen preche yo nan lari lè y ap antre ak lè y ap soti. Fè yon demonstrasyon sou yon metòd yo itilize nan teritwa a e ki bay bon rezilta ak moun ki abite nan apataman yo.

20 min : Ki jan pou nou jwenn lajwa nan fè disip. Diskou baze sou La Tour de Garde 15 fevriye 1996, paj 19-22.

Kantik 91 ak priyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje