BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/05 p. 3-5
  • Prezantasyon yo sijere pou predikasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Prezantasyon yo sijere pou predikasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Adorez le seul vrai Dieu
  • Approchez-vous de Jéhovah
  • Écoute le grand Enseignant
  • Ki sa Bondye vle nou fè ?
  • Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Kontinye veye !
  • La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ?
  • L’humanité à la recherche de Dieu
  • La Révélation : le grand dénouement est proche !
  • La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ?
  • Le plus grand homme de tous les temps
  • Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ?
  • Fason pou nou ofri liv Sa Labib anseye a
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • 1) Kesyon, 2) vèsè, e 3) chapit
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Entwodiksyon yo ban nou pou predikasyon
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • N ap ofri liv Écoute le grand Enseignant an
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 1/05 p. 3-5

Konsève yo

Prezantasyon yo sijere pou predikasyon

Sèvi ak sijesyon ki pi ba yo lè n ap prepare yon prezantasyon sou yon piblikasyon nou gen pou nou ofri pandan yon mwa.

Adorez le seul vrai Dieu

“ Dapre ou menm, ki kote nou ka jwenn èd pou nou fè fas ak presyon lavi a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Women 15:4.] Asireman ou remake Pawòl Bondye a bay enstriksyon, konsolasyon ak espwa ki pou pèmèt nou jwenn fòs pou nou andire difikilte yo. Liv sa a ban nou kèk sijesyon pratik sou fason nou ka tire pwofi o maksimòm lè n ap li Labib. ” Atire atansyon moun nan sou kat pwen yo mansyone nan paj 30 lan.

“ Depi lè Jezi te sou tè a, anpil moun ap priye pou Wayòm Bondye a vini. Èske sa konn rive ou mande lè Wayòm sa a vini ki sa sa pral vle di pou limanite ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Danyèl 2:44.] Liv sa a esplike ki sa Wayòm Bondye a ye e ki sa li pral akonpli. Li montre tou ki sa nou ka fè pou nou la anba dominasyon Wayòm nan. ” Montre l foto ki nan paj 92-3 la.

Approchez-vous de Jéhovah

“ Anpil moun ki kwè nan Bondye ta byen renmen santi yo pi pwòch ak li. Èske w te konnen Bondye envite nou pou nou pwoche bò kote l ? [Li Jak 4:8.] Yo fè liv sa a pou ede moun itilize bib pa yo yon fason pou yo vin pwòch ak Bondye. ” Li paragraf 1 nan paj 16 la.

“ Jodi a, tout kote w pase se enjistis. Sa rive egzakteman jan Bib la di sa a. [Li Eklezyas 8:9b.] Gen anpil moun k ap mande si sa pa menm di Bondye anyen. [Li de premye fraz ki nan paragraf 4 paj 119 la.] Chapit sa a esplike poukisa Bondye pèmèt enjistis pandan yon sèten tan. ”

Écoute le grand Enseignant

“ Èske w panse monn nan t ap pi bon si tout moun te mete pawòl sa a an pratik ? [Li Matye 7:12a. Apre sa, kite moun nan reponn.] Liv sa a gen anpil leson pi gran anseyan ki te janm pase sou tè a kite pou nou. ” Atire atansyon moun nan sou foto ki nan chapit 17 la ak kòmantè ki akonpaye foto sa yo.

“ Jodi a gen anpil paran k ap fè efò pou yo bay pitit yo bonjan prensip. Èske w panse se yon bagay ki enpòtan ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Pwovèb 22:6.] Remake yo ankouraje paran yo pou yo kòmanse fòme pitit yo depi yo toupiti. Yo fè liv sa a espesyalman pou ede paran yo nan efò y ap fè pou yo rive fè sa. ” Atire atansyon moun nan sou foto ki nan chapit 15 oswa chapit 18 la ak kòmantè ki akonpaye foto sa yo.

“ Souvan gen paran ki sezi tande kesyon pitit yo ap poze. Gen nan kesyon sa yo ki ka difisil pou paran yo reponn, pa vre ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Efezyen 6:4.] Liv sa a kapab ede paran yo pou yo reponn kesyon pitit yo ap poze jodi a. ” Atire atansyon moun nan sou kèk foto ki nan chapit 11 ak chapit 12 oswa chapit 34 rive nan chapit 36, ansanm ak kòmantè ki akonpaye foto sa yo.

Ki sa Bondye vle nou fè ?

“ Èske w panse Bondye te fè nou pou nou viv nan tout pwoblèm n ap rankontre jodi a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Matye 6:10.] Èske w konn mande tèt ou sa Wayòm Bondye a ye egzakteman ? ” Ale nan leson 6 la e li kesyon yo poze nan kòmansman leson an. Ou ka tou kòmanse leson an oswa ou ka pran randevou pou w fè sa nan pwochen vizit la.

“ Aktout gen pwogrè k ap fèt nan sosyete a, maladi ak lanmò kontinye ap fè lèzòm soufri. Èske w konnen ki sa Jezi pral fè pou moun ki malad, pou moun ki granmoun e menm pou moun ki mouri ? ” Kite moun nan reponn. Si l vle konn repons kesyon sa a, ale nan leson 5 lan epi li kesyon ki koresponn ak paragraf 5-6 yo. Ou ka egzamine paragraf sa yo menm moman an oswa ou ka pran randevou pou w egzamine yo nan pwochen vizit la.

Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la

“ Ann imajine ou ta resevwa envitasyon pou w al viv yon bèl kote konsa, èske w t ap aksepte ? [Montre moun nan foto ki nan paj 4-5 lan e kite l reponn.] Remake Pawòl Bondye a di sa yon moun dwe fè pou l viv nan yon kondisyon konsa nètale. [Li Jan 17:3.] Liv sa a ap ede w vin gen konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. ” Pran dispozisyon pou w egzamine senk premye paragraf chapit 1 an nan pwochen vizit la.

Ale nan foto ki nan paj 188-9 la, e sèvi ak mo ki nan kòmantè ki akonpaye foto a pou w mande moun nan : “ Èske w espere viv nan Paradi a lè konesans Bondye a ranpli tè a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Izayi 11:9.] Liv sa a la pou l ede w aprann sa Bib la di sou Paradi a e pou l ede w konnen ki sa w ka fè pou w la. ” Pran dispozisyon pou w egzamine paragraf 11-16 nan chapit 1 an nan pwochen vizit la.

Kontinye veye !

“ Anpil moun enkyè akoz pwoblèm grav ak evènman chokan ki kouran alèkile. [Site yon egzanp moun nan zòn nan konnen.] Èske w te konnen tout bagay sa yo fè pati yon siy global ki montre talè konsa gouvènman Bondye a pral kòmanse dirije tè a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li yon vèsè ki apwopriye, tankou Matye 24:3, 7, 8 ; Lik 21:7, 10, 11 ; oswa 2 Timote 3:1-5.] Bwochi sa a montre poukisa se kounye a li pi ijan pou nou enterese nan siyifikasyon evènman sa yo. ”

“ Gen anpil moun jodi a ki pa konn sa pou yo fè devan tout evènman chokan k ap rive yo e ki santi yo boulvèse lè yo fè yon gwo pèd. Genyen ki menm ap mande poukisa Bondye pa entèvni pou l anpeche bagay konsa rive. Bib la ban nou asirans talè konsa Bondye pral aji pou l mete fen nan soufrans limanite. [Li Revelasyon 14:6, 7.] Gade ki sa jijman Bondye pral vle di pou limanite. [Li 2 Pyè 3:10, 13.] Bwochi sa a bay plis enfòmasyon sou sijè enpòtan sa a. ”

La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ?

“ N ap viv nan yon epòk kote prèske chak moun gen pwoblèm grav pa yo. Gen anpil moun ki al chèche direksyon nan men tout kalite konseye. Genyen ki menm al kay divinò pou yo jwenn èd. Dapre ou menm, ki kote nou ka ale pou nou jwenn bonjan konsèy pratik ? [Kite moun nan reponn.] Bib la di yon bagay trèzenpòtan nou tout ta fèt pou nou konprann. [Li 2 Timote 3:16. Apre sa, ouvri liv la nan paj 187, epi li paragraf 9 la.] Liv sa a ap ede w wè ki jan, lè yon moun suiv sa Bib la di, sa toujou bay bon rezilta. ”

L’humanité à la recherche de Dieu

“ Avèk tout relijyon sa yo ki egziste jodi a, èske w janm chèche konnen kiyès ladan yo Bondye apwouve ? ” Lè moun nan fin reponn, ouvri liv la nan paj 377. Atire atansyon l sou pwen ki nan no 7 la, e mande l si l dakò ak sa : vrè relijyon an fèt pou l ini tout ras nan lemonnantye. Gade youn nan vèsè yo site yo e, si gen tan pou sa, egzamine kèk lòt pwen yo mansyone nan lis la. Si w santi moun nan enterese vre, ofri l liv la. Anvan w ale, ou ka mande moun nan : “ Ki efè w panse vrè relijyon ta dwe genyen sou konduit yon moun ? ” Pran randevou pou w retounen al reponn kesyon sa a.

Si moun n ap pale avè l la di li nan youn nan gwo relijyon ki egziste yo, ou ta ka di l : “ Nou byen kontan rankontre moun ki nan tout kalite relijyon. Limanite ap chèche Bondye, e rechèch sa a pran tout kalite direksyon. [Si w twouve li apwopriye, li Travay 17:26, 27.] Byen souvan, moun yo suiv relijyon yo leve jwenn paran yo ladan l. [Li paragraf 12 ki nan paj 8 la.] Lè nou aprann konnen lòt relijyon, se yon bagay ki enstriktif. Liv sa a pale de orijin gwo relijyon ki gen nan monn nan e li esplike pratik ak doktrin relijyon sa yo anseye. ” Montre moun nan yon egzanp sou sa liv la di sou relijyon l lan. Men nan ki paj n ap jwenn enfòmasyon sa yo : Sikhisme (100-101) ; Hindouisme (116-17) ; Bouddhisme (141) ; Taoïsme (164-6) ; Confucianisme (177) ; Shintoïsme (190-5) ; Judaïsme (220-1) ak Islam (289).

La Révélation : le grand dénouement est proche !

“ Siman ou te tande sa [mansyone yon nouvèl ki fè aktyalite]. Lè moun mouri yon fason trajik konsa, gen anpil moun ki konn mande ki konsolasyon ki genyen pou fanmi viktim yo. Sa w panse ou menm ? ” Kite moun nan reponn. Ansuit, ouvri liv la nan paj 299, e montre l foto sou rezirèksyon ki nan paj sa a. Lèfini, ou ka di l : “ Gen anpil moun ki sezi aprann ni moun ki jis ni moun ki enjis ap resisite nan Paradi ki pral sou tè a. [Li Travay 24:15 jan yo site l nan paragraf 9 ki nan paj 297 la, e apre sa, montre moun nan esplikasyon yo bay nan paragraf 10 la.] Liv sa bay anpil lòt detay enteresan sou objektif Bondye genyen pou lavni. ”

La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ?

“ Nou tout enkyè akoz krim ak vyolans k ap fèt nan zòn lakay nou. Dapre ou menm èske gen yon moun ki gen vrè solisyon pwoblèm sa a ? [Kite moun nan reponn.] Bondye gen yon solisyon. ” Al nan paj 196 la, li Pwovèb 2:21, 22 nan paragraf 19 la epi kòmante vèsè sa a. Montre moun nan tit chapit 16 la, epi ofri l liv la.

Ouvri liv la nan paj 6, apre sa di moun nan : “ Gen anpil moun ki panse si tè nou an ansanm ak tout sa k sou li yo egziste, se yon aza ki fè sa. Ki esplikasyon rezonab ou ta ka bay pou w montre ki jan tout bagay sa yo te fè vin egziste ? [Kite moun nan reponn.] Se pa ni de ni twa prèv nou jwenn ki montre Bib la se pawòl yon Kreyatè non sèlman ki gen anpil pisans, men tou ki renmen nou anpil. Se li menm ki vrè Dye a. Non li se Jewova. ” Li Sòm 83:18 epi, san w pa pran anpil tan, esplike moun nan objektif Bondye se pou tout tè a vin yon paradi.

Le plus grand homme de tous les temps

“ Nan epòk sa a, gen anpil moun k ap panse a Jezi. Men, akoz tout move bagay k ap pase toupatou sou tè a, gen nan yo k ap mande si Jezi gen sousi pou nou vre. Sa w panse ou menm ? ” Kite moun nan reponn. Ale nan chapit 24 la, e fè yon ti pale tou kout avè l sou rezon ki fè Jezi te vin sou tè a. Apre sa, li Jan 15:13 e atire atansyon l sou lanmou sensè Jezi genyen pou pwochen l.

“ Lè yon moun site non Jezi Kris, gen anpil moun ki panse swa se yon tibebe, swa se yon nonm k ap soufri e ki prèske trepase. Se de bagay yo gen nan tèt yo anpalan de Jezi : nesans li ak lanmò l. Trè souvan yo pa konnen bèl bagay li te di ak bèl bagay li te fè lè l t ap viv sou tè a. Poutan, sa l te akonpli yo afekte lavi tout moun ki pase sou tè a. Se sa k fè li esansyèl pou nou aprann tout sa nou kapab sou bèl bagay li te fè pou nou yo. ” Li Jan 17:3. Ale nan premye paj la, kote entwodiksyon an kòmanse a, epi li katriyèm paragraf la.

Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ?

“ Ki kote w panse nou ka jwenn pi bon konsèy sou fason pou nou rezoud pwoblèm ki pi konplike nou genyen yo ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Matye 7:28, 29.] Se yon vèsè ki dekri fason moun yo te reyaji lè Jezi te fin pwononse Sèmon sou montay la. Remake ki sa kèk lòt moun di sou sa. [Montre l kòmantè nou jwenn nan paj 152 a.] Nan chapit sa a yo egzamine lavi Jezi ak ansèyman l yo. ”

“ Èske sa konn rive ou mande : ‘ Si gen yon Bondye, èske l ap janm retire soufrans ak enjistis sou tè a ? ’ [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Revelasyon 21:3, 4.] Liv sa a esplike ki sa Bondye pral fè pou l elimine soufrans e pou l retire koz soufrans lan. ” Montre l chapit 10 la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje