Pran sèvis pyonye : Se yon fason saj pou nou sèvi ak tan nou !
1 “ Jan m deja ankonbre deja, pou di l ap vrèman saj pou mwen ta pyonye kounye a ? ” Se sa yon sè te panse pandan l t ap tande diskou : “ Annavan nan sèvis pyonye a ”, yon ansyen anmenmtan ki pyonye t ap fè nan yon kongrè sikonskripsyon. Yon jèn frè ki te nan oditwa a tou t ap mande tèt li : “ Ki jan ansyen an fè jwenn tan pou l pyonye ? Mwen menm m pa ansyen, men tan mwen deja chaje ak aktivite! ”
2 Pandan ansyen an t ap kontinye, pou l pale sou benediksyon sèvis pyonye gen ladan l, li te fè entèvyou ak detwa pyonye nan sikonskripsyon an ki te vin di ki aranjman yo te fè pou yo pran sèvis la epi ki jan Jewova te beni efò yo. Pami pyonye sa yo, youn te andikape, youn mari l te enkwayan, youn ki te gen mwayen pou pran swen tèt li, te bay yon gwo karyè nan monn nan do. Lè ni frè a ni sè a te tande kouman, grasa Jewova, pyonye sa yo te reyisi fè sèvis la, yo te kòmanse repanse sou opinyon yo ansanm ak sou sitiyasyon pa yo. Nou envite w fè menm bagay la tou, sitou ak rediksyon yo fè sou kantite lè pyonye a. Kounye a sa vin pi bon toujou pou pi plis pwoklamatè bon nouvèl la.
3 Nou konnen se Jewova ki Kreyatè a. Se li menm ki sèl Chèf Souvren, se li ki ban nou lavi (Danyèl 4:17 ; Ak 17:28). Se ak yon sèl òganizasyon Jewova sèvi, nou klè sou sa. Se yon privilèj pou nou kolabore fidèlman ak òganizasyon l lan, pou nou soutni “ esklav fidèl ki wè lwen an ”, lè nou bay temwayaj sou Wayòm nan anvan lafen an rive (Matye 24:45 ; 25:40 ; 1 Pyè 2:9). Piske nou gentan rive byen lwen nan “ dènye jou yo ”, nou konprann byen rès tan pou nou preche a se kouri l ap kouri ale (2 Timote 3:1). Anmenmtan, fòk nou okipe fanmi nou (1 Timote 5:8). Li sanble sa w te konn fè lontan ak yon kòb ou gen nan men w, jodi a ou pa kapab fè menm jan an avè l. Petèt sante nou pa rete menm jan an ankò. Epi fòk nou rekonèt tou nou bezwen yon ti tan ak ti kòb pou n fè bèl ak tèt nou (Eklezyas 3:12, 13). Tout sa ka fè nou mande tèt nou si li vrèman saj pou nou asepte envitasyon pou nou pran sèvis pyonye kounye a.
4 Se reskonsablite pa nou chak pou nou analize pwòp sitiyasyon nou ak tèt poze, pou nou deside si nou ka pyonye ou non (Women 14:12 ; Galat 6:5). Se ankourajan lè nou wè kantite moun ki reponn alapèl pou pran sèvis pyonye ap ogmante. Malgre tèt chaje ak pwoblèm ki gen nan dènye jou sa yo, rapò sèvis Annuaire 1999 la bay gen prèske 700 000 pyonye nan mitan pèp entènasyonal Jewova a k ap pedale pou pi devan nan sèvis la. Malgre yo gen gwo pwoblèm lajan, pwoblèm transpò, pwoblèm sante oswa tout lòt kalite pwoblèm ak lòt eprèv, yo pa janm bouke fè sa ki vrèman bèl, e yo merite felisitasyon (Galat 6:9). Yo asepte òf Jewova fè yo pou yo teste l (Malaki 3:10). Yo santi lè yo pyonye se yon fason saj toutbonvre pou yo sèvi ni ak tan yo ni ak mwayen yo ki pa gwo. Piske yo fè tout aranjman yo kapab pou antre nan sèvis pyonye a e pou yo kontinye ladan l, yo konstate Jewova beni yo toutbon.
5 Pyonye yo jwenn benediksyon : Men sa yon sè nan peyi Kamewoun ki gen yon vyepti pipit fi eksplike : “ Depi lè tifi m nan te fèk fèt mwen te konn mennen l al preche avè m. Menm anvan l te kòmanse mache, mwen te konn pote l byen mare sou do m ak yon bon bandaj twal. Yon jou maten, etan nou t ap preche, mwen te devan tab yon machann, tifi m nan pran kèk peryodik nan valiz mwen, li deplase bò kote m, li twote al jis devan tab apre a. Malgre l pa t ka di anpil bagay, li te rive kapte atansyon yon madanm e li te prezante l yon peryodik. Madanm nan te sezi wè yon timoun piti konsa ap preche tou. Menm kote a li te asepte peryodik la ansanm ak tout yon etid biblik ! ”
6 Nan peyi Zanbi, lè yo te mande pou gen plis pyonye oksilyè a, gen yon ansyen alatèt yon fanmi, ki te konn travay tout jounen, ki te deside pyonye oksilyè malgre li te gen yon pwogram sere sere. Li te vle sèvi modèl ni pou kongregasyon an ni pou fanmi l. Gendelè li te konn pakin machin ni sou yon twotwa, li pase kasèt liv Bonheur Familial la yon jan fò, li envite moun k ap pase vin tande. Nan konsa li te rive plase 16 liv Bonheur Familial, 13 liv Connaissance epi li te kòmanse de etid biblik.
7 Nan peyi nan alantou Zimbabwe yo, frè yo devlope yon bèl espri pyonye tou. Ann avril 1998, nan yon kongregasyon ki gen 117 pwoklamatè te gen 70 pyonye oksilyè ak 9 pyonye pèmanan. Nan yon lòt kongregasyon ki gen 94 pwoklamatè, 58 ladan yo te pyonye oksilyè. Nan yon lòt kongregasyon ankò ki gen 126 pwoklamatè, 58 te deside pyonye oksilyè pou soutni 4 pyonye pèmanan yo. Dènye ane sèvis la te yon kokenn ane pou Zimbabwe. Malgre frè yo te okipe anpil nan aktivite fanmi yo, nan aktivite kongregasyon an ak nan konstriksyon filyal la, yo te anplwaye tan yo avèk sajès nan ministè a.
8 Pyonye yo konprann kesyon kòmanse sèvis pyonye a epi pou yo kontinye ladann nan pa sou kont fòs yo senpleman. Yo menm an premye yo admèt kèlkeswa sa yo anmezi fè a vin posib paske se ‘ sou kont fòs Bondye bay la ’ yo ye. (1 Pyè 4:11.) Grasa lafwa yo, yo kapab kontinye nan sèvis la jou aprè jou. Olye y al dèyè avantaj pa yo ak konfò pa yo, pyonye ki reyisi yo konprann trè byen pou yo mache annavan, fòk petèt yo mennen “ anpil batay ”, men yo resevwa anpil benediksyon kòm rezilta. — 1 Tesalonisyen 2:2.
9 Modèl Pòl la merite imite : Bib la rapòte travay lapòt Pòl te fè nan ministè li ansanm ak bèl konkou li te bay anpil moun. Poutan, si gen moun ki te twò chaje ak aktivite, se te Pòl. Li te andire pèsekisyon ak move tretman defason pou l te ka preche bon nouvèl la e pou l te ka bay kongregasyon yo jarèt. Li te oblije goumen tou anba yon gwo pwoblèm sante (2 Korentyen 11:21-29 ; 12:7-10). Li te pran detèminasyon pou l te sèvi ak tan l avèk sajès. Li te rekonèt se grasa èd Jewova li te rive fè tout travay li te fè yo (Filipyen 4:13). Nanpwen youn nan moun Pòl t ap ede yo ki te ka gen rezon di se gaspiye Pòl t ap gaspiye tan l ak efò l nan sèvis Jewova a, oubyen ki te ka gen rezon di li te ka anplwaye tan l yon fason ki pi bon pase sa. Gade ki jan jodi a nou benefisye fason saj Pòl te sèvi ak tan l ! Ala apresye nou apresye konsèy enspire li bay ki ede nou byen klase priyorite nou yo e ki ede nou rete makònen avèk laverite nan tan difisil la !
10 ‘ Tan ki rete pou preche bon nouvèl la vin pi kout ’ pase jan l pa t janm ye anvan. (1 Korentyen 7:29 ; Matye 24:14.) Kounye a, li bon pou nou poze tèt nou kesyon sa a : ‘ Si demen m ta tonbe m mouri, èske jodi a mwen t ap ka di Jewova mwen te sèvi ak tan m avèk sajès ? ’ (Jak 4:14). Poukisa depi kounye a ou pa pale ak Jewova nan lapriyè, pou asire l se dezi w pou w sèvi ak tan w avèk sajès kòm youn nan Temwen l yo (Sòm 90:12) ? Priye Jewova pou l ede w senplifye lavi w. Menmsi anvan sa ou te panse ou pa t ka pyonye, èske w pa wè kounye a petèt sa ka posib ?
11 Fè piplis nan sa sitiyasyon w pèmèt ou fè : Nou konprann byen se pa tout moun ki vle pyonye sitiyasyon yo pral pèmèt yo rezève 70 èdtan pa mwa kòm pyonye pèmanan. Poutan, anpil pwoklamatè ka aranje yo pou yo konsakre 50 èdtan nan sèvis la kòm pyonye oksilyè pi souvan posib oubyen nètale. Si sitiyasyon w fè w pa ka ni pyonye oksilyè ni pyonye pèmanan pou lemoman, pa dekouraje. Kontinye mande Jewova pou sitiyasyon w chanje. Antretan, si pa gen okenn aranjman ou ka fè, konsole w, konnen byen kèlkeswa sa w anmezi fè ak tout nanm ou nan sèvis li, l ap byen kontan (Matye 13:23). Jewova pran nòt de ou kòm moun ki kanpe fèm bò kote l, kòm moun k ap travay di pou rete yon pwoklamatè fidèl, ki pa janm kite yon mwa pase pou w pa sote sou tout okazyon w jwenn pou bay temwayaj la. Petèt w ap anmezi fè pwogrè pou vin maton nan predikasyon etan w ap travay pou vin alafwa yon ekselan pwoklamatè e yon ekselan anseyan bon nouvèl la. — 1 Timote 4:16.
12 Avèk “ gran jou terib ” Jewova a ki sitèlman pre a, nou bezwen sèvi ak rès tan ki rete a avèk sajès si nou vle fin fè travay nou gen pou n fè a (Yowèl 2:31). Satan konnen tan li rete a vin pi kout toujou, l ap eseye fè tout sa li kapab pou l konplike lavi nou, pou l fè li difisil pou nou konsantre nou sou bagay ki vrèman enpòtan (Filipyen 1:10 ; Revelasyon 12:12). Pa janm souzestime enterè Bondye mize nan nou. Jewova kapab ede nou senplifye lavi nou. Li ka ede nou devlope talan nou genyen nan sèvis li a (Sòm 145:16). Erezman anpil pwoklamatè ki egzamine sitiyasyon yo ankò byen kontan wè yo ka antre swa nan ran pyonye oksilyè swa nan ran pyonye pèmanan. Èske w ap youn ladan yo ?