Èske kounye a pòt sèvis pyonye a ouvè pou ou ?
1 Tèks pou ane 1999 la fè nou sonje nou toujou nan “ jou delivrans ” Jewova a (2 Korentyen 6:2). Men jou delivrans li a pral fini talè konsa. Lè sa a, “ jou jijman ” l lan pral kòmanse (2 Pyè 2:9). Pandan Jewova kontinye ap ouvri posiblite bay lèzòm pou yo jwenn delivrans lan, se pa ti cho sa fè kè nou cho lè nou wè chak jou gen piplis moun k ap vini !
2 Pèp Jewova a ap leve defi pou yo rive jwenn moun ki byen dispoze yo anvan li twò ta. Pou anpil pwoklamatè Wayòm nan, sa vle di antre nan sèvis pyonye a. Èske kounye a, pòt sèvis pyonye a ouvè pou ou ? Poukisa nou poze kesyon sa a ?
3 Jan yo di yo kontan : Tankou jan Ministè Wayòm janvye 1999 la te anonse sa, yo redwi kantite lè a ni pou pyonye pèmanan, ni pou pyonye oksilyè. Pou atenn nouvo kantite lè a, pyonye pèmanan yo bezwen konsakre 70 èdtan nan predikasyon chak mwa, sa ki fè yon total 840 èdtan pou chak ane sèvis. Pyonye oksilyè yo ap bay 50 èdtan chak mwa. Men kèk nan pami anpil pawòl moun te voye di pou montre jan yo apresye rediksyon sa a :
“ Se yon gwo kado Papa nou ki nan syèl la ban nou kòm benediksyon ! ”
“ Mwen pa gen mo pou m di jan dispozisyon sa a fè m gen plis lajwa, plis lanmou ak plis larekonesans lakay mwen ! ”
“ Sa pral fè nou respekte pwogram nou pi fasil ! ”
“ Nou priye pou plis moun toujou kapab pran sèvis a plen tan an kounye a, epi pou yo goute benediksyon moun jwenn lè yo fè anpil travay nan sèvis Jewova a. ”
4 Sa parèt klè, tank n ap pwoche nan bout jou delivrans lan, se tank Jewova ta vle pou pèp li a pouse yon dènye kri lwanj byen fò. Mesaj Jewova a ap vin anplifye pi plis : 1) grasa kantite pwoklamatè Wayòm nan k ap ogmante toutan, 2) grasa chak moun k ap chèche ogmante sa yo kapab fè nan predikasyon Wayòm nan. Jewova, sila a ki fè grenn “ pouse a ” fè travay la reyisi nan de fason ki mansyonnen nan paragraf la. Lè li beni bèl dispozisyon tout moun ki asepte jwenn delivrans lan. — 1 Korentyen 3:6, 7 ; Sòm 110:3.
5 Pa rate bi a : Se anrapò ak jou delivrans Jewova a Pòl te egzòte kretyen yo lè l te di yo konsa : “ Piske n ap travay avèk [Jewova], nou priye nou tou pou nou pa fin asepte favè Bondye nou pa merite a epi pou nou rate bi a. ” Nou pa pral “ rate bi a ” si nou wè sa tankou “ se espesyalman tan favorab la ” (2 Korentyen 6:1, 2). Jodi a, sa Pòl te di a vin yon bagay pi ijan. Pou tout kretyen ki manifeste lanmou yo genyen nan kè yo pou Jewova, se yon privilèj pou yo patisipe plis yo kapab nan ministè li anchaje yo a. Èske kounye a ou kapab patisipe piplis nan ministè a kòm pyonye pèmanan ?
6 Se yon objektif ki rezonab : Ann Ayiti, objektif nou se pou nou derape mwa septanm k ap vini la a ak 1000 pyonye pèmanan. Nou kwè se yon objektif ki rezonab, yon objektif nou kapab atenn. Sa k fè nou konfyan konsa a ? An mas 1997, nou te gen 1847 pyonye oksilyè. An avril 1998, 1870 frè ak sè te pran sèvis la. Pifò ladan yo te bay 60 èdtan. Sa vle di, yo te manke 10 èdtan sèlman pou rive jwenn kantite lè pyonye pèmanan yo bay kounye a ! Si 20 pousan sèlman nan moun ki pyonye oksilyè yo pran sèvis pyonye pèmanan anvan ane sèvis sa a fini, n ap kapab kòmanse mwa septanm nan ak 1000 pyonye pèmanan pou pi piti.
7 Ou bezwen yon pwogram : Èske sa parèt twòp pou ou pou w ta bay 70 èdtan pa mwa ? Petèt si w panse pito pou w bay 17 èdtan pa semèn, sa ap ede w. Sèvi ak modèl pwogram predikasyon ki nan lòt paj la. Eseye bati yon pwogram pou preche kòm pyonye pèmanan ki ale ak sitiyasyon ou. Pandan w ap bati pwogram sa a, pale avèk pyonye ki gen eksperyans pou tande yo sou jan yo fè pou kenbe ekilib yo ant sèvis la ak reskonsablite yo gen nan fanmi yo. Mande siveyan sikonskripsyon an ki jan pyonye yo òganize aktivite sèvis pyonye a chak semèn nan sikonskripsyon an. Epi, konte sou Jewova pou beni dispozisyon ou pran pou w kapab vin pyonye. — Pwovèb 16:3.
8 Fè sa tounen yon pwojè pou tout fanmi an : Èske nou konn pale ansanm nan kay la sou pwojè nou pou nou pyonye ? Nou ta kapab chita an fanmi epi pale ansanm sou fason pou nou byen planifye e kolabore ansanm dekwa pou youn oubyen de manm nan fanmi an kapab pran sèvis la. Nou konprann byen, gen moun, apre yo fin analize sitiyasyon yo, ki pral wè onètman yo pa kapab pyonye pèmanan pou kounye a. Si se ta sa, ou kabab gen objektif pou pran sèvis pyonye pèmanan an yon lòt lè. Men, pran dispozisyon pou kòmanse sèvis pyonye a nan yon dat fiks. Pètèt ou kapab pyonye oksilyè plizyè fwa nan ane a, sa ap fè w avanse pazapa sou sèvis pyonye pèmanan an.
9 Ann Ayiti, gen plis pase 600 pyonye pèmanan k ap kenbe nan sèvis la. Sitiyasyon yo tout pa menm. Se pa tout ki gen yon sante anfòm. Pifò ladan yo gen fanmi sou kont yo ak depans pou yo fè. Gen anviwon 100 pyonye ki depase 50 an. Gen anviwon 40 ki deja gen 65 an. Pifò nan yo se selibatè, epi apeprè 45 poko depase 20 tan. Plis pase mwatye nan pyonye sa yo se frè. Anpil ladan yo gen fanmi sou kont yo san konte reskonsablite yo genyen nan kongregasyon yo. Yo tout y ap “ rachte moman ki pi bon an ” pou fè sèvis pyonye a. Sa vle di, nan anpil domèn, pyonye sa yo viv yon vi ki pi senp, yon vi kote yo jwenn anpil satisfaksyon. — Kolosyen 4:5.
10 Èske w bezwen rann lavi w senp ? Rann lavi w senp kapab se kle k ap ouvri pòt sèvis pyonye a pou ou. Èske lavi w sanble ak yon gwo kay ki gen ladan l chanm ak mèb yo pa menm bezwen, kote sa mande anpil tan, anpil lajan ak anpil travay pou kenbe yo pwòp ? Si se sa, si w adapte w ak yon sitiyasyon ki pi senp, sa ta kapab pèmèt ou pran sèvis pyonye a. Èske w kapab redwi sou kantite tan ou fè nan travay ou ? Èske ou kapab rachte tan ou pase nan aktivite ki pa esansyèl ? Oubyen èske w kapab montre w pi ekilibre nan kantite tan ou pase pou detann ou ?
11 Nan 1 Timote 6:8, Labib egzòte nou : “ Se sa k fè, piske nou gen manje ak rad, n ap kontante nou avèk bagay sa yo. ” Si nou kontante nou viv ak pi piti bagay, sa ap jwe yon wòl enpòtan nan fè n ap fè tout posib nou nan sèvis Jewova a epi sa ap fè li pi fasil pou nou bay enterè espirityèl yo premye plas la (Matye 6:22, 33). Nan paj 104 nan Annuaire 1998 la, nan rapò yo fè sou Japon, yo bay plizyè sijesyon ki montre poukisa gen yon bèl espri pyonye konsa kote sa a. Ann analize youn landan yo : “ An jeneral Japonè yo abite nan kay ki kont pou yo, se vre, men tou, yo pa bezwen pase anpil tan pou netwaye kay la. Epi, pifò nan Japonè yo viv senp, se yon bagay ki antre nan tradisyon yo. ” Èske se pa sa ki baz la nan 1 Timote 6:8 ?
12 Sou tout kò planèt la, sèvitè Bondye yo ap preche bon nouvèl la avèk yon entansite k ap ogmante pi plis toujou anvan jou delivrans Jewova a rive nan bout li. Sa se bèl bagay ! Ane pase te gen apeprè 700 000 an mwayèn ki te patisipe nan youn oubyen nan yon lòt fòm sèvis pyonye a chak mwa. Èske w kapab ranje vi w yon fason pou w vin jwenn yo nan sèvis la ? Nou envite w pou analize sitiyasyon w byen analize nan lapriyè pandan w ap reponn kesyon sa a : Èske kounye a pòt sèvis pyonye a ouvè pou ou ?
[Antrefilè nan paj 3]
OBJEKTIF : 1000 PYONYE PÈMANAN !
[Kare nan paj 4]
Modèl pwogram predikasyon pou pyonye pèmanan
Pou fè 17 èdtan pa semèn
Yon jou lasemèn plis wikenn
Jou Lè
Vandredi 8
Samdi 6
Dimanch 3
Total lè: 17
De jou lasemèn plis samdi
Jou Lè
Madi 7
Jedi 7
Samdi 3
Total lè: 17
Twa jou lasemèn plis dimanch
Jou Lè
Lendi 5
Mèkredi 5
Vandredi 5
Dimanch 2
Total lè: 17
Twa apremidi plis wikenn
Jou Lè
Lendi 3
Mèkredi 3
Samdi 8
Dimanch 3
Total lè: 17
Pwòp pwogram predikasyon w kòm pyonye pèmanan
Jou Lè
Lendi
Madi
Mèkredi
Jedi
Vandredi
Samdi
Dimanch
Total lè: 17