Nouvèl teyokratik
◼ Albani : An janvye yo te anrejistre yon nouvo maksimòm 1 556 pwoklamatè, sa egal 20 pousan anplis sou mwayèn ane pase a.
◼ Belo : An desanm, yo te konte an total 73 pwoklamatè. Sa bay 20 pousan anplis sou mwayèn pwoklamatè ane ki sot pase a, e sa reprezante 22 pousan anplis sou chif yo te jwenn pou mwa desanm ane anvan an.
◼ Kanada : 1e janvye 1999 yo te nome 460 nouvo pyonye pèmanan.
◼ Etazini : Lasosyete te fè plizyè komite sekou ki anchaje pou repare dega tanpèt ki te pase nan zòn sid Etazini. Siklòn Jòj te lakòz inondasyon pase Tekzas e li te fè dega nan sid Laflorid. Moun nan vwazinaj yo te sezi wè ki dispozisyon Lasosyete te pran pou bay frè yo lamenfòt e yo te sezi wè ki jan travay sekou a te òganize.
◼ Ayiti : Soti 18 pou rive 31 janvye 1999, avèk konkou de frè ak yon sè etranje, Filyal la te òganize yon seminè pou anpil frè ak sè ki te vle aprann lang siy, dekwa pou yo ka gaye bon nouvèl la bay moun ki soud e ki bèbè. Pandan tan frè sa yo te pase nan peyi a, yo te gen chans kòmanse anviwon 35 etid biblik ak moun ki soud e ki bèbè, e te gen anpil lòt ki te anvi kòmanse etidye Bib la. Yo te tou pwofite òganize yon reyinyon pou moun ki enterese. Selon rapò ofisyèl la, te gen 77 moun ki te asiste reyinyon sa a. Majorite moun ki te la yo se te moun ki soud e ki bèbè, moun ki enterese. E anpil nan yo t ap mande ki lè ap gen yon reyinyon konsa ankò.
San pousan pwoklamatè nan kongregasyon sa yo ann Ayiti te remèt rapò sèvis yo pandan 6 mwa ki sot pase yo : Ansavo, Sat, Titwoudenip, Lakolin, ak Kotdefè.