Se Jewova k ap anseye nou
1 Gen yon pwogram edikasyon ki an mach kounye a nan 233 peyi anba direksyon Bondye. Nanpwen anyen monn sa a ofri ki kapab konpare avè l. Jewova Gran Pwofesè nou an, ap anseye nou pou byen nou depi kounye a, anmenmtan l ap ban nou yon edikasyon pou lavi etènèl. — Izayi 30:20 ; 48:17.
2 Yon seri lekòl ki la pou bay edikasyon Bondye a : Annou fè yon pale sou yon seri lekòl k ap fonksyone kounye a pou byen pèp Jewova a. Lekòl ministè teyokratik la fèt chak semèn nan 87 000 kongregasyon konsa. Li fòme plizyè milyon pwoklamatè Wayòm nan sou fason pou yo vin minis efikas bon nouvèl la. Èske w enskri ladan l ? Èske w fè pati plizyè milye pyonye ki te asiste pandan de semèn kou Lekòl pyonye a ? Petèt rediksyon yo fè sou lè pyonye pèmanan yo pral kapab fè pi plis moun pran sèvis la, epi sa ap tou kalifye yo pou lekòl la. Kou Lekòl fòmasyon ministeryèl la, ki dire de mwa, ap fèt jodi a nan prensipal lang yo pale sou tout kò tè a. Li prepare ansyen ak asistan ministeryèl ki pa marye pou yo pran pi gwo reskonsablite nan teyokrasi a. Tanzantan, tout ansyen ak tout asistan ministeryèl resevwa enstriksyon ki fèt espesyalman pou yo nan Lekòl ministè Wayòm nan.
3 Yo sèvi ak bilding Sant edikasyon Wachtawè a, ki chita Patèsonn nan Nouyòk, pou yo mete twa lekòl espesyal k ap bay yon fòmasyon pouse nan teyokrasi a. Senk mwa kou Lekòl biblik Gileyad la prepare minis ki pou fè travay misyonè a nan tèritwa aletranje. Manm komite filyal nan tout peyi asiste yon kou ki dire de mwa sou fason filyal òganize. An me 1999, gen yon nouvo kou de mwa yo te kòmanse pou siveyan itineran yo avèk yon klas ki gen 48 elèv ladan l. Elèv sa yo soti Etazini ak Kanada. Anfennkont, tout sèvitè Jewova yo tire bonjan pwofi nan fòmasyon Jewova ap bay nan divès lekòl sa yo.
4 Yo anseye yo pou fè ki sa ? Men sa yon manm Kò dirijan santral la te di : “ Pwogram edikasyon nou an k ap fonksyone la a fèt yon fason pou mete pèp Jewova gen toupatou a nan bon kondisyon pou l nan nivo matirite Pwovèb 1:1-4 pale a. Nou swete pou Jewova kontinye ba nou chak ‘ lang moun li anseye yo ’ ” ! — Izayi 50:4.