BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/99 p. 1
  • Èske se sou aparans sèlman ou gade ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske se sou aparans sèlman ou gade ?
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Tout kalite moun ap sove
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Pa jije sou aparans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Annou imite jistis Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Se pou w gen yon bon aparans
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 6/99 p. 1

Èske se sou aparans sèlman ou gade ?

1 Lè nou nan predikasyon, premye enpresyon nou konn genyen sou sèten moun kapab fè nou ezite pataje bon nouvèl la avèk yo. Si tankou la a ou ta wè yon mesye byen move rete ap gade w yon jan sispèk pandan w ap vizite yon moun bò lakay li ki montre laverite a enterese l, sa w t ap fè ? Se sa ki te pase yon sè pyonye. Li te deside mache sou mesye a pou l al pale avè l. Lè sè a te abòde l, li rape sè a. Men sa te etonan pou wè li te tande mesaj biblik la byen pwòp e jan li te twò kontan dakò pou l etidye. Piske sè a pa t jije sou aparans, rezilta sa te pote, se yon chemen ki te louvri pou mesye a ansanm ak tout madanm ni aprann laverite a.

2 Yon lòt sè te kraponnen okòmansman akòz aparans yon jèn gason ki te gen cheve long, men li te pèsiste fè ti pale avè l kanmenm chak fwa misye te vin achte nan magazen kote l ap travay la. Efò sè a te pote bon rezilta paske kounye a jèn gason an se yon Temwen batize. Ki sa ki pral ede nou pa kouri konkli tèl moun pap tande nou ?

3 Annou imite egzanp Jezi a : Jezi te konnen li t apral bay lavi li pou tout moun. Kidonk, li pa t kite aparans lòt moun dewoute l. Li te konprann byen menm si yon moun ta gen move repitasyon, li kapab dispoze pou l chanje si li jwenn bonjan èd ak bonjan ankourajman (Matye 9:9-13). Li te eseye ede ni moun ki pòv ni moun ki rich menm jan an (Matye 11:5 ; Mak 10:17-22). Annou pa jije moun n ap rankontre nan predikasyon sou aparans yo, sa ap bouche je nou pou n pa wè moun ki petèt gen bon kè (Matye 7:1 ; Jan 7:24). Ki sa ki kapab ede nou imite kalite bèl egzanp sa a Jezi bay la ?

4 Grasa etid nou fè nan Bib la, nou vin konsyan Pawòl Bondye a gen pouvwa pou chanje mantalite, kondwit ak tanperaman moun (Efezyen 4:22-24 ; Ebre 4:12). Se sa k fè, nou bezwen kenbe yon atitid pozitif pandan n ap montre nou pridan epi lage rès la nan men Jewova, Sila a ki li nan kè moun. — 1 Samyèl 16:7 ; Ak 10:34, 35.

5 Nou swete jan n ap pataje bon nouvèl la avèk tout kalite moun, san gade sou aparans yo, ap bay travay rekòt la yon koutpous nan dènye jou sa yo ! — 1 Timote 2:3, 4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje