Èske w kapab bay yon koutmen ?
1 Lapòt Pòl te egzòte manm kongregasyon yo “ pou yo gen menm sousi youn pou lòt ”. (1 Korentyen 12:25.) Kidonk, nou dwe montre nou gen yon enterè pèsonèl youn pou lòt epi nou dwe montre tou nou prèt pou rann youn lòt sèvis lè sa nesesè. Pou bay yon egzanp, genyen nan sè espirityèl nou yo k ap leve pitit yo nan laverite a pou kont yo. Sè sa yo pote tout chay reskonsabilite a pou bay pitit yo fòmasyon espirityèl. Se sèten yo merite bonjan ankourajman ak koutmen pratik “ selon bezwen yo ”. (Women 12:13a.) Èske w kapab ba yo yon koutmen ?
2 Fason ou kapab bay koutmen : Lè w ofri moun ki oblije pran machin piblik woulib pou yo al nan reyinyon oubyen nan kongrè, sa ap ede fanmi sa a fè yon bon ti ekonomi. Lè w ede yon manman pran swen timoun piti li yo nan reyinyon, sa ap ede l benefisye pwogram nan plis toujou. Menm jan an tou, si w ba li yon koutmen lè l mennen timoun li yo nan predikasyon, sa kapab ba li yon soulajman. Si nou montre yon enterè pou timoun yo toutbonvre lè nou fè nou zanmi yo, sa kapab gen yon bon enfliyans sou jèn nou yo. Si pafwa ou envite yon fanmi kote se yon papa oswa yon manman k ap leve pitit li pou kont li nan etid familyal lakay ou sa ap yon ankourajman espirityèl pou yo.
3 Aji ak pridans : Nou pa dwe ensiste pou nou ede yon moun ki pa santi li bezwen sa. Nitou nou pa ta vle antre nan vi prive yon fanmi pandan n ap rann li sèvis. Natirèlman, sè yo ansanm ak koup marye yo ta pi byen plase pou ede yon sè ki bezwen èd.
4 Tout kretyen jwenn ankourajman pou yo “ swiv chemen ospitalite a ” youn ak lòt (Women 12:13b). Bay frè ak sè espirityèl nou yo yon koutmen. Lè nou fè sa se youn nan pakèt fason nou montre nou genyen menm lanmou Kris la pami nou. — Jan 13:35.