“ Medam k ap travay di nan sèvis Seyè a ”
1 Se avèk pawòl sa yo Pòl te pale de Trifèn ak Trifoz, de sè ki t ap travay di nan kongregasyon Wòm nan. Men sa l te di de yon lòt sè ki te rele Pèsid : “ Li te fè anpil travay nan sèvis Seyè a ”. Se menm jan an li te pale anbyen de Febe kòm yon “ defansè pou anpil moun ”. (Wom. 16:2, 12.) Dapre Bib la, yo te mete Dòka apa kòm yon moun ki ‘ te rich ak bèl zèv ak anpil don mizèrikòd li te konn fè ’. (Travay 9:36.) Ala yon benediksyon medam espirityèl sa yo te ye pou kongregasyon an !
2 Èske nou apresye sè k ap travay di nan kongregasyon an ? Sè yo pote pifò travay predikasyon an sou do yo, yo kondi pifò etid biblik yo epi yo ede anpil nan nouvo yo. Yo pase yon bon valè tan ap ede timoun yo pwogrese espirityèlman. Medam kretyèn yo potekole pou yo favorize yon anbyans lanmou, lajwa, lapè ak zèl nan kongregasyon an. Se sipò yo bay nan anpil domèn ki pèmèt mari yo ak lòt manm fanmi yo kapab fè plis nan sèvis Jewova a.
3 Sè ki nan sèvis a plen tan yo : Pami moun k ap travay di nan sèvis Seyè a genyen sè misyonè yo. Anpil ladan yo patisipe nan devlòpman travay predikasyon an aletranje. Lè siveyan distri ak siveyan sikonskripsyon yo ap desèvi kongregasyon, madanm yo fè anpil travay nan predikasyon e yo ankouraje anpil sè. Nou pap bliye sè betelit yo ki zele nan sèvis sakre y ap fè pou soutni òganizasyon Jewova a. Epitou, gen sè nou yo ki pyonye pèmanan k ap fè efò kinalaganach nan louwanj y ap bay Bondye pou yo ede dè milye moun aprann laverite a.
4 Medam fidèl sa yo jwenn anpil satisfaksyon nan lavi sakrifis y ap mennen an (1 Tim. 6:6, 8). Yo merite pou nou felisite yo, pou nou fè sa nou kapab pou ankouraje yo e pou nou soutni yo.
5 Medam kretyèn yo se yon gwo atou pou òganizasyon Jewova a paske sèvis fidèl y ap akonpli a se yon benediksyon pou tout moun. Annou kontinye apresye medam sa yo. Annou priye pou yo ka toujou gen benediksyon Jewova toupandan y ap kontinye “ travay di nan sèvis Seyè a ”.