BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 novanm p. 9
  • Ki fason sè yo ka travay plis?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki fason sè yo ka travay plis?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Ann ankouraje sè nou yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Èske w aji ak medam yo menm jan Jewova aji avè yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • “ Medam k ap travay di nan sèvis Seyè a ”
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Fason nou kapab fè plis nan sèvis n ap bay Bondye a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 novanm p. 9
Foto ki ansanm: Kèk sè k ap travay ak kè kontan nan diferan asiyasyon. 1. Yon sè ki nan travay predikasyon an. 2. Yon sè k ap travay nan yon pwojè konstriksyon. 3.Yon sè k ap fè netwayaj nan yon Sal Wayòm. 4. Yon sè k ap montre yon sè aje fason pou l sèvi ak yon tablèt. 5. Yon sè k ap ede pitit fi l fè yon kòmantè nan yon reyinyon. 6. De sè k ap preche yon kote ki fè frèt.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ki fason sè yo ka travay plis?

Sè yo bay gwo koutmen nan travay Wayòm nan (Sm 68:11). Yo kondui pifò nan etid biblik nou fè ak moun yo e yo reprezante yon gwo pousantaj nan kantite pyonye pèmanan yo. Gen plizyè milye sè k ap travay di antanke Betelit, misyonè, sèvitè oswa volontè nan konstriksyon, oswa kòm tradiktè. Sè ki gen matirite yo fè fanmi yo ak kongregasyon yo djanm (Pw 14:1). Byenke sè yo pa ka sèvi kòm ansyen oswa sèvitè ministeryèl, yo ka toujou fikse kèk objektif pou yo atenn nan kongregasyon an. Si w se yon sè, ki kèk fason w ka travay plis?

  • Kiltive kalite espirityèl. — 1Ti 3:11; 1P 3:3-6

  • Ede sè ki pa gen anpil eksperyans nan kongregasyon an. — Tt 2:3-5

  • Amelyore kalite ak kantite travay ou fè nan predikasyon

  • Aprann yon lòt lang

  • Al sèvi kote ki gen plis bezwen

  • Ranpli yon fòmilè pou w al travay nan betèl oswa pou w ede nan konstwi lokal òganizasyon an itilize yo

  • Ranpli yon fòmilè pou Lekòl evanjelizatè Wayòm nan

GADE VIDEYO KI GEN TIT “MEDAM K AP TRAVAY DI NAN SÈVIS SEYÈ A”, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE A:

  • Ki jan kòmantè chak sè sa yo ankouraje w?

Twa sè ki parèt nan videyo “medam k ap travay di nan sèvis seyè a.”
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje