BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/00 p. 8
  • Mande pou yo ede w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mande pou yo ede w
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan ansyen yo ede n nan kongregasyon an?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • “Rele ansyen yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • “Pran swen twoupo Bondye ki sou kont nou an”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ki jan kongregasyon an òganize
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 3/00 p. 8

Mande pou yo ede w

1 Ala pawòl Labib “ difisil pou sipòte ” a byen tonbe pou tan kritik n ap viv kounye la a (2 Tim. 3 :1) ! Ki sa pou w fè lè w nan yon sitiyasyon espirityèl ki difisil kote w santi w pa gen zam pou w konbat avè l ?

2 Èske w dispoze pale ak yon frè oubyen yon sè ki gen matirite nan kongregasyon an ? Gen moun ki ka ezite pou yo fè sa, swa paske yo santi yo jennen, swa yo pa vle pran tan moun, swa yo pa fin kwè yon moun kapab ede yo vre. Nou rekonèt nou dwe fè tout efò nou kapab pou nou pote reskonsablite nou sou do nou. Men, nou dwe toujou santi nou alèz pou nou chèche èd pou nou ka rete anfòm espirityèlman. — Gal. 6:2, 5.

3 Kote pou w kòmanse : Ou kapab al mande kondiktè etid liv ou a si li ka preche avè w. Sa ap tou ba w yon okazyon pou w di l jan w ta renmen fè pwogrè espirityèlman. Si se yon asistan ministeryèl li ye, ou mèt fè l konnen sa w bezwen espirityèlman, l ap mande ansyen yo pou yo ede w. Oubyen, ou kapab al pale sou sa k ap trakase w la avèk nenpòt nan ansyen yo.

4 Ki kalite èd ou bezwen ? Èske gen yon bagay ki refwadi zèl ou ? Èske se ou sèl ki alafwa manman ak papa nan kay la, epi k ap bat pou leve timoun ou yo nan laverite pou kont ou ? Èske w se yon moun aje ki bezwen èd ? Oubyen, èske gen yon pwoblèm ki fè w dekouraje ? Li kapab difisil pou w debat anba tan kritik sa a, se vre, men sa pa enposib. Gen èd ki disponib.

5 Jan ansyen yo kapab ède w : Ansyen yo se moun ki pran ka moun byen. Y ap tande sa w gen pou di. Si gen lòt pwoklamatè ki rankontre menm pwoblèm avè w, ansyen yo ap pran sa an konsiderasyon lè y ap fè travay yo kòm ansyen ak lè y ap anseye nan kongregasyon an. Kòm se ‘ egzanp yo ye pou twoupo a ’, yo toujou pare pou yo travay bò kote w ak kè kontan (1 Pyè 5:3). Lè w tande frè sa yo kòm moun ki gen eksperyans pou jan y ap rezone avè w sou prensip biblik yo, sa ap fè ministè w amelyore e sa ap ede w tou nan lavi prive w. — 2 Tim. 3:16, 17.

6 Jezi ban nou anpil “ òm an kado ”. (Efe. 4:8, nòt nan anba paj.) Sa vle di ansyen yo la pou sèvi w. Yo disponib pou yo ede w. Pou n di byen, moun sa yo “ se pa nou yo ye ”. (1 Kor. 3:21-23.) Konsa, olye pou w ta rale bak, li pi bon pou pale. Mande èd ou bezwen an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje