ATIK ETID 36
KANTIK 103 Bèje yo se kado Bondye bay
“Rele ansyen yo”
“Se pou l rele ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l.” — JAK 5:14.
PWEN KLE
Nou pral wè rezon ki fè li enpòtan pou n mande ansyen yo ede nou lè nou bezwen sa.
1. Ki fason Jewova montre mouton l yo gen anpil valè pou li?
JEWOVA bay mouton l yo anpil valè. Li te achte yo ak san Jezi e li bay ansyen yo nan kongregasyon an responsablite pou yo pran swen twoupo l la (Tra. 20:28). Bondye vle pou ansyen yo aji ak mouton l yo avèk jantiyès. Ansyen yo suiv direksyon Jezi bay lè yo ankouraje frè ak sè yo e yo ede yo rete fidèl ak Jewova. — Eza. 32:1, 2.
2. Kiyès Jewova bay yon atansyon espesyal? (Ezekyèl 34:15, 16).
2 Jewova gen anpil sousi pou tout mouton l yo, men li bay sa k ap soufri yo yon atansyon espesyal. Li sèvi ak ansyen yo pou ede mouton k ap soufri yo akoz yo te fè erè. (Li Ezekyèl 34:15, 16.) Men, li vle pou nou chèche èd lè nou bezwen sa. Nan moman sa yo, nonsèlman nou priye Bondye ak tout kè nou pou l ede nou, men tou, nou chèche èd “bèje ak anseyan” yo nan kongregasyon an. — Efe. 4:11, 12.
3. Ki jan sa ka bon pou nou tout lè n egzamine wòl ansyen yo?
3 Nan atik sa a, nou pral pale sou fason Jewova sèvi ak ansyen yo pou ede moun ki fèb yo retounen vin gen yon relasyon sere avè l ankò. Nou pral reponn kesyon ki vin annapre yo: Ki lè nou dwe mande ansyen yo pou yo ede nou? Poukisa nou dwe fè sa? Epi, ki fason yo ede nou? Menmsi nou pa gen yon pwoblèm kounye a, repons kesyon sa yo pral ede n gen plis rekonesans pou dispozisyon Bondye pran an, e petèt yon jou, sa ka sove lavi nou.
KI LÈ NOU DWE “RELE ANSYEN YO”?
4. Ki jan nou fè konnen Jak 5:14-16, 19, 20 ap pale konsènan moun relasyon yo ak Jewova vin fèb? (Gade foto yo tou.)
4 Disip Jak te pale sou fason Jewova sèvi ak ansyen yo pou ede nou. Men sa l te ekri: “Èske gen yon moun pami nou ki malad? Se pou l rele ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l.” (Li Jak 5:14-16, 19, 20.) Kontèks la montre Jak t ap pale konsènan yon moun ki bezwen retounen gen bon relasyon ak Jewova ankò. Se sa k fè, se pa yon doktè Jak di moun ki malad la pou l rele, men pito, se ansyen yo nan kongregasyon an pou l rele pou l mande èd. Epitou, Jak esplike moun ki malad la ap vin anfòm lè peche l jwenn padon. Lè yon moun malad vle vin anfòm, li bezwen al wè yon doktè, li bezwen esplike l ki sa k fè l malad la, epi li bezwen obeyi enstriksyon doktè a ba li. Menm jan an tou, si nou bezwen èd pou n ka vin gen yon relasyon sere ak Jewova ankò, nou dwe pale ak ansyen yo, esplike yo pwoblèm nou epi suiv konsèy yo ban nou nan Bib la.
Lè nou malad, n al wè yon doktè. Lè nou santi lafwa nou ap febli, nou dwe mande ansyen yo ede nou. (Gade paragraf 4.)
5. Ki jan n ap fè konnen si relasyon nou gen ak Jewova a kòmanse vin fèb?
5 Nan Jak chapit 5, Jak ankouraje nou pale ak ansyen yo nenpòt lè nou santi nou kòmanse pèdi relasyon sere sere nou gen ak Jewova a. Men, li vrèman enpòtan pou nou fè sa anvan nou pèdi apwobasyon Jewova. Nou dwe onèt ak tèt nou. Bib la montre nou ka twonpe tèt nou lè n panse nou gen bon relasyon ak Bondye alòske se pa vre (Jak 1:22). Gen kèk kretyen ki t ap viv Sad nan premye syèk la ki te fè erè sa a, men Jezi te di yo Jewova pa t pran plezi nan yo ankò (Rev. 3:1, 2). Ki jan nou ka verifye si nou toujou gen bon relasyon ak Jewova? Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou konpare fason nou te santi nou nan sèvis nou t ap bay Jewova lè nou te fèk batize ak fason nou santi nou kounye a (Rev. 2:4, 5). Nou ka mande tèt nou: ‘Èske m pran plezi nan li Bib la epi medite sou sa m li yo jan m te konn fè sa anvan? Èske m prepare epi m asiste tout reyinyon yo oswa èske se pou kèk reyinyon sèlman m fè sa? Èske m pran plezi patisipe nan travay predikasyon an jan m te pran plezi fè sa anvan? Oswa èske m prefere pase tan m nan fè lòt bagay?’ Si w reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, sa ka montre relasyon w gen ak Jewova a pa solid jan l te ye anvan sa e sa ka vin pi mal toujou si w pa fè anyen pou sa. Si nou pa kapab ranfòse relasyon nou gen ak Jewova a poukont nou oswa si nou deja fè yon bagay nou konnen Jewova pa dakò, nou ta dwe chèche èd nan men ansyen yo.
6. Ki sa moun ki fè peche ki grav yo ta dwe fè?
6 Gen kèk peche ki tèlman grav ki konn fè yo retire yon moun nan kongregasyon an si l pa repanti. Si nou fè yon peche konsa, nou ta dwe pale ak youn nan ansyen yo (1 Kor. 5:11-13). Kèlkeswa moun ki fè yon peche ki grav bezwen èd pou l retounen gen bon relasyon ak Jewova ankò. Pou Jewova padone nou sou baz ranson an, nou dwe “fè aksyon ki mache ak repantans”. (Tra. 26:20.) E youn nan aksyon nou ka fè k ap montre nou repanti se lè nou chèche èd nan men ansyen yo si nou fè yon peche ki grav.
7. Ki lòt moun ki bezwen èd nan men ansyen yo?
7 Ansyen yo pa sèlman ede moun ki fè yon peche ki grav, men tou, yo ede moun ki santi li difisil anpil pou yo goumen ak move dezi yo genyen (Tra. 20:35). Pa egzanp, li ka pi difisil pou w lite ak dezi sa yo si anvan w te vin kretyen ou te esklav dwòg, ou te konn gade pònografi oswa w te konn fè imoralite seksyèl. Ou pa bezwen pè mande ansyen yo èd. Ou ka chwazi pale ak yon ansyen ou santi w alèz avè l, l ap pran tan l pou l koute w, l ap ba w bonjan konsèy e l ap ba w asirans ou ka fè Jewova plezi lè w kontinye lite ak move dezi sa yo (Ekl. 4:12). Si w santi w dekouraje paske w kontinye gen move dezi sa yo, ansyen yo ka ede w sonje Jewova pran plezi nan ou paske w chèche èd. Sa montre ou bay relasyon w gen ak Jewova a anpil valè e w pa twò kwè nan tèt ou. — 1 Kor. 10:12.
8. Èske nou oblije al pale ak ansyen yo konsènan kèlkeswa ti erè nou fè? Esplike.
8 Nou pa oblije al pale ak ansyen yo konsènan nenpòt ti erè nou fè. Pa egzanp, ann imajine ou te di yon frè oswa yon sè yon bagay ki fè l mal, petèt ou te menm pèdi metriz ou. Olye w al pale ak yon ansyen, ou ta ka suiv konsèy Jezi te bay sou fason pou w fè lapè ant ou menm ak frè w oswa sè w la (Mat. 5:23, 24). Ou ta kapab fè rechèch sou yon seri sijè tankou dousè, pasyans ak metriz, yon fason pou w kapab demontre bèl kalite sa yo pi plis toujou alavni. Natirèlman, si w toujou pa kapab rive rezoud pwoblèm nan, ou ka pale ak yon ansyen pou ede w. Nan lèt apot Pòl te ekri pou kretyen ki t ap viv nan vil Filip yo, Pòl te mande yon frè Bib la pa bay non l pou l ede Evodi ak Sentich rezoud yon pwoblèm yo te gen youn ak lòt. Yon ansyen nan kongregasyon w lan ta kapab ede w nan fason sa a tou. — Flp. 4:2, 3.
POUKISA NOU DWE RELE ANSYEN YO?
9. Poukisa nou pa dwe wont al pale ak ansyen yo pou yo ede nou? (Pwovèb 28:13).
9 Nou bezwen gen lafwa ak kouraj pou n mande ansyen yo ede nou lè nou fè yon peche ki grav oswa lè nou santi nou sou wout pou n pèdi konba n ap mennen kont move dezi nou genyen yo. Nou pa dwe wont rele ansyen yo pou yo ede nou. Poukisa? Se paske Jewova ban nou ansyen yo pou ede nou kontinye gen yon relasyon ki solid ansanm avè l. Kidonk lè n pale ak ansyen yo, nou montre nou fè Jewova konfyans e nou obeyi l. Nou montre nou rekonèt nou bezwen èd li pou n kontinye fè sa ki dwat (Sòm 94:18). Epitou, si nou fè peche, Bondye ap fè nou mizèrikòd akondisyon nou konfese peche sa yo epi nou pa fè yo ankò. — Li Pwovèb 28:13.
10. Ki sa k kapab rive si n ap eseye kache peche nou?
10 Lè nou pale ak ansyen yo konsènan peche nou fè, Jewova kapab padone nou e nou kapab vin gen yon bon relasyon avè l ankò. Men, si nou pa pale ak ansyen yo, n ap soufri plis toujou. Lè wa David te eseye kache peche l te fè yo, sa te fè l fè depresyon e l te santi l malad paske li te konnen li pa t gen favè Jewova ankò (Sòm 32:3-5). Lè nou malad oswa nou blese, plis nou tann pou nou chèche èd, se plis n ap soufri. Menm jan an tou, si nou te fè yon peche grav, plis nou tann pou n chèche èd ansyen yo, se plis n ap soufri. Jewova konprann sa, se sa k fè li mande nou pou n vin “ranje bagay yo” ansanm avèk li pa mwayen dispozisyon li pran pou nou jwenn gerizon an. — Eza. 1:5, 6, 18.
11. Si n ta eseye kache peche grav ki fèt yo, ki konsekans sa ka genyen sou lòt moun?
11 Si n ta eseye kache peche grav nou fè, sa kapab gen efè sou lòt moun. Nou kapab anpeche lespri sen Bondye kontinye aji sou kongregasyon an e nou ka anpeche frè n ak sè n yo gen lapè nan mitan yo (Efe. 4:30). Menm jan an tou, si nou aprann yon moun nan kongregasyon an fè yon peche ki grav, nou dwe ankouraje moun sa a pou l al pale ak ansyen yo sou sa.a Si nou pa fè sa, n ap montre nou koupab menm jan ak moun sa a (Lev. 5:1). Lanmou nou gen pou Jewova dwe pouse nou al pale ak ansyen yo epi fè yo konnen sa k pase a. Konsa, n ap ede kongregasyon an rete pwòp e n ap ede moun ki peche yo retounen vin gen bon relasyon ak Jewova ankò.
KI FASON ANSYEN YO EDE NOU?
12. Ki fason ansyen yo ede moun lafwa yo vin febli yo?
12 Bib la mande ansyen yo pou yo ede moun lafwa yo vin fèb yo (1 Tes. 5:14). Si w te fè yon peche, ansyen yo gendwa poze w yon seri kesyon pou “rale” lide ak panse w gen nan kè w yo met deyò (Pwo. 20:5). Ou kapab ede yo lè w ouvri kè w ba yo, menm lè sa ka difisil pou ou akoz kilti w, pèsonalite w oswa akoz ou wont pou sa w te fè a. Ou pa bezwen pè si sa w ap di yo ta sanble ak yon bann “vye pawòl”. (Jòb 6:3.) Olye ansyen yo kouri tire yon konklizyon, y ap fè tout sa yo kapab pou yo byen koute w e pou yo ka byen konprann sa k pase a anvan yo ba w kèlkeswa konsèy la (Pwo. 18:13). Ansyen yo konnen sa pran tan pou yo kapab ede twoupo a. Se sa k fè, yo pa atann y ap rezoud pwoblèm yo nan yon sèl konvèsasyon yo gen ak moun nan.
13. Lè ansyen yo priye pou nou e yo ban nou konsèy ki soti nan Bib la, ki fason sa kapab ede nou? (Gade foto yo tou.)
13 Lè w rele ansyen yo vin kote w, ansyen yo ap fè tout sa yo kapab pou yo pa fè w santi w koupab pi plis. Okontrè, y ap priye pou ou. Ou ka sezi wè jan lapriyè yo fè pou ou a “gen anpil fòs e sa efikas”. Mete sou sa, y ap ede w tou lè yo “pase luil sou [ou] nan non Jewova”. (Jak 5:14-16.) “Luil” y ap pale la a reprezante verite ki nan Pawòl Bondye a. Ansyen yo ap byen sèvi avèk Bib la pou yo kapab ankouraje w epi rekonfòte w, y ap ede w retounen vin gen bon relasyon ak Jewova ankò (Eza. 57:18). Konsèy ki soti nan Bib la y ap ba w yo ap fè w gen plis detèminasyon pou w kontinye fè sa ki dwat. Pa mwayen ansyen yo, ou kapab tande vwa Jewova k ap di w: “Men chemen an. Mache ladan l.” — Eza. 30:21.
Ansyen yo sèvi ak Bib la pou yo ankouraje nou e pou yo rekonfòte nou. (Gade paragraf 13-14.)
14. Selon Galat 6:1, ki fason ansyen yo ede yon moun ki fè “yon fo pa”? (Gade foto yo tou.)
14 Li Galat 6:1. Yon kretyen ki fè “yon fo pa” se yon kretyen ki pa kontinye mache ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis. Fo pa y ap pale la a kapab vle di yon move desizyon oswa yon peche ki grav. Lanmou pouse ansyen yo pou yo “eseye redrese moun sa a avèk dousè”. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “redrese” pou li a kapab vle di tou mete yon zo ki debwate nan plas li pou anpeche moun nan vin domaje. Menm jan yon doktè ki gen eksperyans fè tout sa l kapab pou l mete yon zo ki kase nan plas li san moun nan pa santi doulè otank posib, se menm jan an tou, objektif ansyen yo se ede moun ki peche a retounen vin gen bon relasyon ak Jewova san yo pa fè l soufri pi plis. Anplis de sa, Bib la fè yo sonje pou yo “veye tèt [yo]”. Lè ansyen yo ap ede yon moun aplike konsèy ki nan Bib la, ansyen yo rekonèt yo menm tou yo konn fè erè e yo ka fè yon fo pa. Se sa k fè, y ap pran anpil prekosyon pou yo pa panse yo pi bon pase moun y ap eseye ede a. Okontrè, y ap montre yo gen imilite ak konpasyon. — 1 Pyè 3:8.
15. Ki sa nou ka fè si nou gen yon pwoblèm?
15 Nou kapab fè ansyen yo konfyans. Yo jwenn fòmasyon pou yo pa mete afè frè ak sè yo nan lari, pou yo bay konsèy ki soti nan Bib la olye pou yo di nou ki sa yo panse ki bon, e pou yo kontinye ede nou lè nou gen pwoblèm (Pwo. 11:13; Gal. 6:2). Se vre, yo pa gen menm pèsonalite e yo pa gen menm eksperyans, men, nou kapab santi n alèz pou n al kote kèlkeswa ansyen an pou n pale avè l sou yon pwoblèm nou genyen. Natirèlman, nou pa pral mache mande chak ansyen konsèy nan objektif pou n jwenn youn k ap di nou sa n ta renmen tande a. Si n ta fè sa, nou t ap sanble ak moun ki prefere yo “fè zòrèy yo dous” olye yo aprann “ansèyman ki pwofitab” ki nan Pawòl Bondye a (2 Tim. 4:3). Lè n al pale ak yon ansyen sou yon pwoblèm nou genyen, petèt li ka mande nou si n te pale ak lòt ansyen sou sa deja e ki konsèy yo te ban nou. Epitou, piske l konn limit li, petèt li ka al mande yon lòt ansyen konsèy anvan l reponn nou. — Pwo. 13:10.
SE RESPONSABLITE NOU CHAK
16. Ki responsablite nou chak genyen?
16 Se vre ansyen yo ban nou konsèy e yo ede nou lè nou gen pwoblèm, men, yo pap di nou ki sa nou dwe fè. Se responsablite nou chak pou nou viv yon fason ki fè Bondye plezi. Nou tout ap gen pou n rann Bondye kont pou sa n di ak sa nou fè. Grasa èd Bondye, n ap kapab rive rete fidèl (Wom. 14:12). Se rezon sa a ki fè ansyen yo pap di nou ki sa pou nou fè, okontrè, y ap sèvi ak Bib la pou yo ede nou konprann fason Jewova panse epi y ap kite nou pran pwòp desizyon nou. Lè nou suiv konsèy yo bay ki baze sou Bib la, n ap rive “antrene kapasite [nou] genyen pou [nou] konprann” nan pou n ka pran bon desizyon. — Ebre 5:14.
17. Ki detèminasyon nou tout dwe pran?
17 Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou fè pati mouton Jewova yo! Jewova te voye Jezi ki se “Bon bèje a” pou peye ranson an pou nou yon fason pou nou ka gen posiblite gen lavi ki pap janm fini an (Jan 10:11). Epitou, pa mwayen ansyen yo nan kongregasyon an, Jewova reyalize pwomès ki vin annapre a: “M ap ban nou bèje ki fè kè m kontan, e y ap ban nou konesans ak bon konprann.” (Jer. 3:15). Kidonk, lè nou santi lafwa nou ap febli oswa nou bezwen retounen vin gen bon relasyon ak Jewova, nou pa dwe pè rele ansyen yo vin kote n pou yo kapab ede nou. Annou tout pran detèminasyon pou n byen pwofite dispozisyon Jewova pran pou gen ansyen nan kongregasyon an.
KANTIK 31 Mache avèk Bondye
a Si w bay moun ki peche a ase tan pou l al pale ak ansyen yo, men li pa fè sa, ou menm ou gen responsablite pou w al pale ak ansyen yo pou w di sa w konnen paske ou vle fidèl ak Jewova.