Èske nou pa ka fè avril 2000 tounen pi bèl mwa nou pase ?
1 Mèkredi 19 avril, nan aswè, se pral moman ki pi enpòtan nan ane sèvis la. Jou sa a, nan yon peyi apre lòt, tank solèy la pral kouche, tout kongregasyon ak ti gwoup Temwen Jewova nan lemonnantye pral selebre Memoryal lanmò Kris la. Kèlkeswa kote n ap viv, se komemorasyon sakrifis Jezi Kris la ki evènman ki pi enpòtan pou nou nan ane a. Yo siyale dat Memoryal la nan mwa avril nan Calendrier des Témoins de Jéhovah 2000 la.
2 Pandan tout mwa avril la, nou gen yon bèl okazyon devan nou pou nou demontre jan nou apresye ak tout nanm nou favè Jewova fè nou, nou pa merite a, pa mwayen sakrifis Pitit li a. Kòman sa ? Lapòt Pòl ekri : “ Lanmou Kris la genyen an oblije nou, paske men sa nou jije : yon sèl òm te mouri pou tout moun. Kidonk, tout moun te mouri. E li te mouri pou tout moun yon fason pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt yo ankò, men pou sila a ki te mouri pou yo a epi ki te leve a. ” (2 Kor. 5:14, 15.) Vrèmanvre, pandan mwa avril la, nou kapab demontre nou pap viv pou pwòp tèt nou, men n ap viv pou sila a ki te mouri pou nou an. N ap montre sa lè nou fè mwa avril sa a tounen pi bèl mwa nou pase kòm minis Wayòm nan !
3 Ranpli yon fich pyonye oksilyè pou avril : Lapòt Pòl kite yon egzanp ki motive nou lè l di konsa : “ Mwen pa bay nanm mwen okenn valè, kòmkwa li te presye pou mwen, depi mwen fini kous mwen an ak ministè mwen resevwa nan men Seyè Jezi a : rann temwayaj an pwofondè pou bon nouvèl favè Bondye moun pa merite a. ” (Tra. 20:24). Nou gen menm privilèj la tou pou nou bay yon temwayaj an pwofondè pou Jewova Dye. Se nan objektif sa a nou ta renmen fè mwa avril la tounen pi bèl mwa nou pase nan sèvis pyonye oksilyè !
4 Piske mwa avril 2000 la gen senk wikenn, li se yon mwa ki byen tonbe pou anpil moun pyonye. Ann fè yon ti bak pou n tonbe ann avril 1998. Se lè sa a nou te anrejistre pi gwo chif pyonye oksilyè. Se te : 1 870 ki te egal 17 pousan nan kantite pwoklamatè ki te genyen. Ennan apre, kantite pwoklamatè nou anrejistre ann avril 1999 la ogmante an total 4 pousan. Sa vle di, nou gen mwayen pou nou anvizaje pi gwo maksimòm nan sèvis pyonye oksilyè a. Met sou sa, avèk kantite lè pyonye oksilyè a ki bese kounye a, sa fè li vin posib pou plis moun pran sèvis la nan kongregasyon an. Nan lapriyè, tout pwoklamatè ki batize ta dwe etidye posibilite pou yo pyonye oksilyè ann avril.
5 Depi kounye a, sèvi ak paj mwa avril nan Calendrier 2000 la pou w bati pwogram predikasyon w pou mwa pwochen an. Deside ki jou w ap kapab al nan predikasyon. Fè total kantite lè ou santi w ap kapab bay nan predikasyon pandan mwa avril la. Antre kantite tan w ap kapab fè nan temwayaj enfòmèl tou. Èske valè tan w jwenn nan vin egal 50 è kòm kantite tan yon pyonye oksilyè bay ? Si w pa rive 50, èske w pa kapab vire pwogram nan yon jan pou ka jwenn tan pou w pyonye oksilyè ? Pou w kapab bay 50 è kòm pyonye oksilyè, sa mande pou w pase sèlman inè 40 minit nan predikasyon chak jou.
6 Piske kantite lè pyonye pèmanan yo bay la bese kounye a, èske w pa anvizaje antre nan sèvis a plen tan an ? Poukisa pou w tann jis mwa vakans yo pou w kòmanse ? Piske nou kite sezon fredi a dèyè, mwa avril la byen tonbe pou nou kòmanse sèvis la ! Si w pa kwè ou kapab bay 70 è pa mwa, poukisa w pa pyonye oksilyè ann avril, men, avèk objektif pou bay 70 è ? Yon fwa ou fin wè ou ka fè sa, sa ap fè w plis anvi ranpli yon fich pou vin jwenn pyonye pèmanan yo sito sa posib pou ou. — Gade liv Notre ministère, paj 113-14.
7 Patisipe anplen kòm pwoklamatè bon nouvèl la : Pou nou tout, pwoklamatè tankou pyonye, bonjan lanmou nou gen pou Bondye ak pou pwochen nou yo pouse nou bay tout nou menm nan sèvis Jewova a selon sa sitiyasyon nou pèmèt nou fè (Lik 10:27). Konsa, nou montre “ n ap travay di e n ap lite, paske nou mete esperans nou nan yon Bondye vivan, yon Sovè pou tout kalite moun, sitou pou sila yo ki fidèl ”. (1 Tim. 4:10.) Se poutètsa nou dwe atann nou n ap jwenn 100 % patisipasyon ann avril, kote tout pwoklamatè ap patisipe anplen nan travay Wayòm nan.
8 Annou pa bliye egzòtasyon Jezi te fè a lè l te di : “ Rekòt la anpil men gen yon tikras ouvriye. Priye Mèt rekòt la non pou l voye ouvriye nan rekòt li a. ” Imedyatman apre Jezi fin di sa, li rele 12 apòt li yo, li voye yo al preche (Mat. 9:37, 38 ; 10:1, 5, 7). Anviwon ennan apre, yon fwa Jezi te fin byen fòme 12 apòt yo nan travay predikasyon an, li “ te deziyen swasanndis lòt epi li te voye yo devan l ”, li te ba yo menm enstriksyon yo. Li te di yo : “ Wi, rekòt la anpil [...]. Priye Mèt rekòt la non pou l voye ouvriye nan rekòt li a. ” (Lik 10:1, 2). Liv biblik Travay apòt yo rapòte jan Jewova te reponn priyè disip yo. Nan Pannkòt 33 epòk nou an, kantite disip yo te ogmante rive anviwon 120. Yo te anrejistre plizyè maksimòm youn dèyè lòt soti 3 000 pase nan 5 000 disip (Tra. 1:15 ; 2:41 ; 4:4). Apre sa, “ kantite disip yo te kontinye ap miltipliye ”. (Tra. 6:7.) Menm jan an tou, nan epòk pa nou an, nou dwe kontinye mande Mèt la plis predikatè pou travay Wayòm nan ! Ann amoni avèk lapriyè n ap fè, chak pwoklamatè dwe pran dispozisyon presi pou yo patisipe nan predikasyon chak mwa.
9 Tanpri, byen gade mwa avril nan Calendrier 2000 la. Piske de premye jou nan mwa a se yon samdi ak yon dimanch, èske w kapab planifye w pou w al nan predikasyon wikenn sa a ? Sa ap tou pèmèt ou kòmanse preche byen bonè nan mwa a. Èske w ka soutni tout “ Jounen peryodik ” pandan mwa a avèk gwoup etid liv ou a ? Sa w panse si w fè inèdtan pou pi piti nan predikasyon chak dimanch ? Kòm solèy la kouche pita kounye a, èske w ka òganize w pou w bay temwayaj leswa ? Pa bliye pwofite tout okazyon ou jwenn pou w preche nan travay ou, nan lekòl ou oubyen pandan w ap fè lòt aktivite. Make jou w ap kapab al preche yo nan kalandriye a epi mete kantite lè ou fè yo ladan l.
10 Mwa avril la ap yon moman ki byen tonbe pou tout moun ki ranpli kondisyon pou yo vin pwoklamatè, pou yo kòmanse preche depi ansyen yo apwouve yo kòm pwoklamatè ki poko batize. Si w gen yon etidyan, èske li fè pwogrè ase pou w prezante l bay siveyan prezidan an pou yo ka egzamine ka l pou l vin pwoklamatè bon nouvèl la ? Si w gen timoun ki poko batize, èske w te pale ak ansyen yo sou pwogrè espirityèl yo ? Èske se pap yon moman k ap tou apwopriye pou yo kòmanse preche ? Gade liv Notre ministère, paj 98-101.
11 Nan efò n ap fè pou avril 2000 la tounen pi bèl mwa nou pase, nou tout bezwen patisipe nan predikasyon, epi nou tout bezwen bay rapò sèvis nou nan fen mwa a (gade Mak 6:30). Yo ta dwe ankouraje pwoklamatè ki poko batize ki fèk kòmanse preche yo remèt rapò sèvis yo san pèdi tan. Si nou tout bay patisipasyon pa nou, n ap kontribye pou nou gen yon bon rapò sèvis pou mwa avril la e Jewova ap resevwa yon bèl kout louwanj grasa efò n ap fè pou nou preche.
12 Mennen moun nan Memoryal avè w : Èske sa pap fè kè nou kontan anpil pou nou wè nou gen yon nouvo maksimòm nan Memoryal lanmò Kris la pou ane 2000 la ? Wi n ap kontan ! Sa t ap vle di nou t ap rasanble yon valè moun nou pa t janm rasanble avan, ki vle vin demontre jan yo apresye pi bèl fason Jewova ak Jezi Kris montre yo renmen nou (Jan 3:16 ; 15:13) ! Pran tout dispozisyon ki nesesè dekwa pou anyen pa anpeche ou menm ak fanmi w vin nan Memoryal.
13 Kounye a, se moman pou nou kòmanse envite moun nan Memoryal. Fè lis tout moun ou ta renmen wè ki vin nan Memoryal. Mete non etidyan ou te genyen yo, ni sa w gen kounye a, san wete moun w ap vizite. Mete non kòlèg travay ou, kondisip ou, vwazen w ak pratik ou yo. Pa bliye mete non tout lòt moun ou konnen ak non fanmi w yo. Lè w fini, envite chak moun pèsonèlman. Fè sa ak tout kè w. Fè yo byen konnen ki lè, ki kote Memoryal la ap fèt. Tank 19 avril la ap pwoche, fè yo sonje sa, swa fasafas oubyen pa telefòn. Ofri yo pou yo akonpaye w nan Memoryal la jou swa sa a.
14 Ann amoni avèk dispozisyon Sosyete a te deja pran, kolèj ansyen an ap fè yon efò espesyal pou y al ankouraje tout pwoklamatè ki inaktif nan tèritwa a vin nan Memoryal (Mat. 18:12-14). Ansyen yo ap rewè lèt 2 fevriye 1999 la. Sekretè yo ap fè lis tout pwoklamatè ki inaktif. Siveyan sèvis la ap di ki ansyen ki pral vizite chak pwoklamatè inaktif kote y ap envite yo nan Memoryal. Petèt si pwoklamatè inaktif yo jwenn yon vizit pastoral ki ankourajan byen bonè, y ap kapab vin aktif ankò nan predikasyon menm pandan mwa avril la. Sa ap edifye yo si yo envite yo preche avèk yon pwoklamatè ki gen eksperyans.
15 Ankouraje moun yo pou yo byen kopere pandan mwa avril la ! Sa ap mande pou ansyen yo, asistan ministeryèl yo ak alatèt fanmi yo byen kopere ansanm pou nou ka fè mwa avril la tounen pi bèl mwa nou pase. Ansyen yo ap bat pou tout bagay byen òganize epi y ap pran latèt avèk dilijans (Ebre 13:7). Y ap pran dispozisyon ki pratik pou yo fè reyinyon predikasyon lasemèn ak nan wikenn. Y ap òganize reyinyon predikasyon apremidi. Yo ta dwe mete pwogram predikasyon pou tout mwa avril la sou tablo afichaj la. Y ap prevwa ase tèritwa pou chak gwoup k ap soti ka preche nòmalman.
16 Pandan mwa avril la, n ap ofri La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Piske n ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik, n ap ofri tout moun ki enterese bwochi Sa Bondye vle a (oubyen Attend). Kidonk, ap gen bezwen yon bon valè peryodik ak bwochi pou mwa avril la.
17 Lè fen mwa a rive, tout kondiktè etid liv yo ak adjwen yo byen dispoze ankouraje chak moun nan gwoup yo a pou yo remèt rapò sèvis yo kou mwa a fini. Petèt yo ka tou kòmanse fè sa depi nan dimanch 30 avril. Sa ap fè, lè sekretè a ap konpile rapò yo, si li remake gen pwoklamatè ki pa t ko remèt rapò, jantiman, li ka fè yo sonje pou yo remèt rapò a avan 6 me ki delè pou yo voye rapò kongregasyon an bay Lasosyete. Li ka mande kondiktè etid liv yo pou yo ede l kontakte pwoklamatè yo.
18 Nan ane a, se epòk Memoryal la ki epòk ki pi enpòtan pou pèp Jewova a. Li ta dwe yon epòk kote nou gen anpil okipasyon pou nou fè nan sèvis Jewova a. Sa ap posib, si tout moun patisipe plis yo kapab antanke pwoklamatè bon nouvèl la, si pwoklamatè ki kapab pran sèvis pyonye oksilyè yo pran l, e si nou dilijan pou nou mennen moun nan Memoryal lanmò Kris la. Annou priye Jewova toutbon pou nou jwenn benediksyon l pandan n ap chofe pou nou fè mwa avril 2000 la tounen pi bèl mwa nou pase, tou sa pou glwa ak louwanj al jwenn Bondye ! — Ebre 13:15.
[Kare nan paj 3]
Pyonye oksilyè
Pi gwo maksimòm : 1 870
(avril 1998)
[Kare nan paj 4]
Pwoklamatè
Pi gwo maksimòm : 12 070
(out 1999)
[Kare nan paj 5]
Assistans Memoryal
Pi gwo maksimòm : 67 269
(1997)