BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/03 p. 3-6
  • Annou zele pou sa ki byen !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou zele pou sa ki byen !
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • “ Preche Pawòl Bondye a nèt ”
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • “ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl ” la
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Annou kontinye rann temwayaj pou travay estrawòdinè Jewova fè
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Èske nou pa ka fè avril 2000 tounen pi bèl mwa nou pase ?
    Ministè Wayòm nan — 2000
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 3/03 p. 3-6

Annou zele pou sa ki byen !

1 Pandan n ap antre nan epòk Memoryal 2003 a, nou gen anpil rezon pou nou “ zele pou sa ki byen ”. (1 Pyè 3:13.) Toudabò, pami rezon sa yo gen sakrifis Jezi Kris la (Mat. 20:28 ; Jan 3:16). Konsènan sakrifis sa a, men sa apot Pyè ekri : “ Se pa t avèk bagay ki ka depafini, avèk ajan oswa lò, yo te delivre nou anba konduit ki pa pwofitab nou yo [...]. Men, se te avèk yon san presye, tankou san yon ti mouton ki san tach e ki san defo, wi avèk san Kris. ” ​(1 Pyè 1:18, 19). Rekonesans nou genyen pou lanmou estrawòdinè sa a fè nou oblije okipe nan fè sa ki byen. Konsa, nou rekonèt Jezi “ te bay tèt li pou nou yon fason pou li delivre nou anba tout sa ki ilegal epi pou l pwòpte yon pèp pou li menm ki rele l pa l, yon pèp ki zele pou fè bèl travay ”. — Tit 2:14 ; 2 Kor. 5:14, 15.

2 Lè nou fè sa ki fè Bondye plezi, sa fè nou gen bonjan relasyon avèk li, e li pwoteje nou avèk amou. Men sa Pyè te di apre sa : “ Moun ki ta renmen lavi e ki ta renmen wè jou ki bon [...] se pou l vire do bay sa ki mal e se pou l fè sa ki byen. Se pou l chèche lapè e se pou l pousuiv li. Paske je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li la ap koute siplikasyon yo. ” ​(1 Pyè 3:10-12). Nan epòk danjere sa a, ala yon benediksyon sa ye lè nou konnen Jewova gen je sou nou e li tou pare pou l aji pou byen nou, ‘ l ap pwoteje nou tankou gla je l ’. — Det. 32:10 ; 2 Kwo. 16:9.

3 Malgre kretyen Pyè te ekri yo te rankontre eprèv, yo te gen yon zèl ki pa t ka refwadi, e yo te simaye bon nouvèl la tout kote yo te kapab (1 Pyè 1:6 ; 4:12). Se menm bagay tou pou pèp Bondye a jodi a. Kwak n ap viv nan yon “ tan ki di e ki difisil pou moun sipòte ”, rekonesans nou genyen pou bonte Jewova pouse nou fè volonte l avèk zèl (2 Tim. 3:1 ; Sòm 145:7). Annou egzamine kèk nan bèl travay nou gen pou nou fè pandan epòk Memoryal la.

4 Envite moun yo nan Memoryal la : Youn nan fason nou kapab montre rekonesans nou pou ranson an ki yon kado estrawòdinè, se la pou nou la nan komemorasyon lanmò Jezi ane sa a. Selebrasyon an ap fèt mèkredi 16 avril, apre solèy fin kouche (Lik 22:19, 20). Ane pase, pou 94 600 kongregasyon nan lemonnantye, te gen 15 597 746 moun ki te asiste Memoryal la. Sa te fè 220 000 moun anplis sou kantite ki te asiste ane anvan an.

5 Ki valè moun k ap vin asiste ane sa a ? Sa pral depann anpil de gwo efò nou pral fè pou n ankouraje moun yo vin asiste avèk nou. Annou kòmanse fè lis tout moun nou ta renmen envite. Nan tèt lis la annou mete fanmi k ap viv nan menm kay avèk nou. Si mari w oswa madanm ou enkwayan, di li jan w ta renmen pou l la ansanm avèk ou. Ane pase gen yon mari enkwayan ki di li te asiste Memoryal la paske l te wè prezans li t ap vle di anpil bagay pou madanm li. Lòt non pou w mete sou lis la se ta dwe paran w yo, vwazen w yo, kòlèg travay ou oswa kamarad lekòl ou. Pa bliye envite moun w ap etidye Labib avèk yo.

6 Apre w fin fè lis la, fikse moman ou pral envite chak moun. Sèvi avèk fich envitasyon Memoryal la pou w fè sa. Pou w ede moun yo sonje ki lè epi ki kote selebrasyon an ap fèt, make lè a ak kote Memoryal la ap fèt la alamachin oubyen ekri l yon fason ki lizib anba fich envitasyon an. Lè 16 avril la pre rive, fè moun ki sou lis ou a sonje sa, swa dirèkteman swa pa telefòn. Annou fè tout sa nou kapab pou nou ede plis moun posib pou yo la nan okazyon sa a, okazyon ki pi sakre a.

7 Ede moun ki vin nan Memoryal la : Sware Memoryal la se yon okazyon ki toujou atire moun. Moun ki pa abitye vin asiste reyinyon nou yo, n ap gen okazyon montre yo jan nou kontan wè yo. Pran dispozisyon pou w rive bonè epi rete plis tan ou kapab si sa posib. Pran inisyativ pou w fè konesans avèk nouvo ki vin asiste yo. Fè sa avèk chalè e montre ou gen ospitalite. — Wom. 12:13.

8 Èske gen nan moun ki te vin asiste Memoryal la nou ka fè etid avèk yo yon fason pou yo fè pi gwo pwogrè ? Fè efò pou nou pran non ak adrès nenpòt moun ki poko gen moun ki konn vizite yo yon fason pou nou kontinye ede yo. Si nou ede yo avèk amou, petèt kèk ladan yo kapab pwogrese pou yo vin pwoklamatè anvan Memoryal ane pwochèn nan. Lè n al vizite moun ki te vin nan Memoryal la, tou pwofite ba yo envitasyon pou diskou espesyal 27 avril la.

9 Èske nou kapab pyonye oksilyè an mas ak ann avril ? Chak ane, zèl nou genyen pou Jewova pouse nou bay tout nou menm nan ministè a pandan mwa aktivite teyokratik espesyal yo. Ann Ayiti, te gen 2 203 pyonye oksilyè pou mwa mas ane pase. Efò tout kongregasyon yo ap fè nan tètansanm pou preche bon nouvèl la avèk zèl nan epòk Memoryal la kapab bay bon rezilta.

10 Yon kongregasyon ki gen 107 pwoklamatè ak 9 pyonye pèmanan fè konnen mwa avril ane pase a se te yon “ mwa esepsyonèl ” pou yo nan ane a, paske yo te gen 53 pyonye oksilyè e tout ansyen ak tout asistan ministeryèl te ladan l. Ki jan ansyen yo te fè rive chofe moun yo konsa pou sèvis pyonye oksilyè nan mwa sa a ? Yo te kòmanse bay ankourajman depi byen bonè pou anpil moun pran sèvis la. Yo te òganize reyinyon predikasyon nan divès moman nan jounen an ki te bon pou tout kongregasyon an. Yo te mete aksan sou predikasyon nan telefòn, sitou pou moun ki enfim yo.

11 Yon sè ki gen 86 an, ki pa ka mache akoz pwoblèm sante, te ranpli yon fich pyonye oksilyè. Li kòmanse nan maten, li fè dezèdtan ap pale nan telefòn pandan l devan kontwa kuizin lakay li. Li pran yon ti repo pou detwa èdtan, apre sa li retounen preche nan telefòn ankò. Yon moun li te rele te fè l konnen li te pèdi mari l ak de jenn tigason li te genyen nan de ane ki sot pase yo. Li pa t ka konprann poukisa Bondye pèmèt bagay mal konsa rive. Sè a te bay dam nan yon bon temwayaj e yo te kòmanse yon etid biblik. Preche leswa ak nan lòt moman ankò nan telefòn se yon bon mwayen pou kontakte moun k ap viv nan gwo bilding oswa nan zòn ki difisil pou vizite. Se yon mwayen tou pou pwoklamatè yo kontakte moun ki pa la diran lajounen.

12 Pou fini, men sa ansyen yo di nan rapò a : “ Nou te pase yon moman ki estrawòdinè e nou chak nou gen rekonesans pou privilèj ak benediksyon Jewova pèmèt nou goute. ” Avèk bonjan planifikasyon, kongregasyon pa w la tou kapab goute benediksyon sa yo.

13 Ann fè efò pou gen san pousan patisipasyon nan ministè a : Chak mwa, lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen nou motive nou pou nou chèche tout bon okazyon pou nou pataje bon nouvèl la ak lòt moun (Mat. 22:37-39). Siveyan etid liv yo ansanm ak adjwen yo dwe fè efò pou yo ede moun nan gwoup yo a pou yo patisipe nan predikasyon chak mwa. Yon bon fason pou yo fè sa se dispozisyon pou yo pran alavans pou yo preche pèsonèlman ak chak moun ki nan gwoup la. Olye pou yo tann fen mwa a pou yo fè sa, se pou yo pran bonè nan kòmansman mwa a. Sa pral ban nou plis okazyon pou nou bay èd avèk amou.

14 Èske gen pwoklamatè enfim nan etid liv ou a ki gen pwoblèm pou yo patisipe nan predikasyon ? Si gen kèk ladan yo ki nan mezon kote yo konn pran swen moun enfim oswa ki oblije rete lakay yo, nou tou konprann li pa fasil pou yo preche. Men, lè malgre sitiyasyon yo, yo pwofite tout ti okazyon yo genyen pou yo fè limyè yo klere, sa ka fè laverite enterese moun ki wè bèl travay y ap fè (Mat. 5:16). Siveyan etid liv yo ta dwe fè moun sa yo konnen yo kapab remèt rapò aktivite yo menmsi se 15 minit yo fè. Lè pwoklamatè fidèl sa yo konnen yo kapab bay yon rapò pou tan yo pase ap preche a, sa ankouraje yo, e sa fè yo kontan. Sa ap pèmèt tou rapò aktivite pèp Bondye a nan lemonnantye vin egzak.

15 Jèn ki okipe nan fè sa ki byen ! Ala ankourajan sa ankourajan lè nou wè jèn kretyen yo ap itilize fòs yo ak enèji yo nan sèvis Jewova (Pwo. 20:29) ! Si w jèn, ki jan w kapab demontre zèl ou pandan mwa aktivite espesyal sa yo ?

16 Si w poko yon pwoklamatè nan kongregasyon an, èske w pa ka vize privilèj sa a ? Poze tèt ou kesyon sa yo : ‘Èske m gen konesans de baz sou verite ki nan Bib la ? Èske m vle al preche ? Èske m bay bon egzanp nan konduit mwen ? Èske pèsonèlman mwen kapab pale de bon nouvèl la ak lòt moun ? Èske kè m pouse m fè sa ? ’ Si ou ka reponn wi pou tout kesyon sa yo, ou mèt di paran w ou ta renmen vin yon pwoklamatè. Paran w kapab pale sou sa ak yon ansyen nan komite sèvis la.

17 Si w se yon pwoklamatè bon nouvèl la deja, èske w ka pwofite peryòd vakans ou pou w patisipe pi plis nan ministè a ? Gen yon bann jèn ki rive pyonye oksilyè grasa yon bon pwogram ansanm ak èd yo jwenn nan men paran yo ak lòt moun ankò. Si sa pa posib, ou kapab vize pou w preche pi plis. Ou kapab fikse objektif pa w. Non sèlman ou bezwen fikse kantite lè w ap fè nan predikasyon, ou bezwen fikse tou lòt objektif pou w amelyore fason w ap preche. Petèt ou kapab fè efò pou w li yon tèks biblik nan chak kay, ou kapab amelyore fason w fè vizit ou yo. Ou kapab fè efò pou w kòmanse yon etid biblik, ou kapab preche plis lè w itilize telefòn, oswa lòt mwayen ankò. Ki sa w panse de objektif pou w mennen yon vwazen w, yon kamarad lekòl ou oswa yon fanmi w nan Memoryal la ane sa a ? Sa vo lapèn lè w patisipe o maksimòm nan aktivite teyokratik yo, e sètènman gen lòt moun nan kongregasyon an k ap jwenn ankourajman. — 1 Tes. 5:11.

18 Ede nouvo yo pou yo fè pwogrè : Ann Ayiti, diran ane sèvis ki sot pase a, te gen an mwayèn 17 421 etid biblik yo te kondui chak mwa. Rive yon lè, anpil nan etidyan sa yo pral pwogrese pou yo vwe vi yo bay Jewova e pou yo batize. Sepandan, anvan yo rive fè sa, nou bezwen ede yo pou yo kalifye kòm pwoklamatè. Sa a se yon etap enpòtan nan ansèyman n ap ba yon moun ki nouvo pou l vin suiv Jezi Kris (Mat. 9:9 ; Lik 6:40). Èske w gen yon moun w ap etidye Labib avèk li ki pare pou l fè pa sa a ?

19 Si w pa ka detèmine ki pwogrè etidyan w lan fè, mande siveyan etid liv la oswa siveyan sèvis la pou l ede w. Petèt ou kapab mande l pou l akonpaye w lè w pral fè etid la. Frè sa yo gen bonjan eksperyans ki kapab ede w wè nan ki degre etidyan an pwogrese. Petèt yo ka gen sijesyon ki pral ede etidyan an kontinye fè pwogrè.

20 Lè w gen yon etidyan ki montre li ta renmen vin yon pwoklamatè e ou santi l pare pou sa, pale sa ak siveyan prezidan an. L ap pran dispozisyon pou de ansyen reyini ak etidyan an ansanm avè w pou yo egzamine si l kalifye. Y ap sèvi ak enfòmasyon ki nan liv Notre ministère la, nan paj 98-100. (Gade La Tour de Garde 15 novanm 1988, paj 17.) Si ansyen yo dakò pou etidyan an vin yon pwoklamatè, ou kapab kòmanse ba l fòmasyon tousuit. Kou l remèt yon rapò, y ap fè kongregasyon an konnen li se yon nouvo pwoklamatè. Nou swete pou gen plizyè milye nouvo pwoklamatè, timoun kou granmoun, ki rive franchi etap enpòtan sa a pandan mwa aktivite espesyal sa yo.

21 Planifikasyon ap ede nou fè yon pi bon travay : Lè nou planifye alavans, sa jwe yon wòl enpòtan pou fè nou reyisi nan aktivite teyokratik nou yo nan peryòd Memoryal la (Pwo. 21:5). Gen anpil bagay ki mande pou ansyen yo konsantre atansyon yo sou yo.

22 Pou ansyen yo ede kongregasyon an fè tout sa l kapab nan predikasyon, fòk yo òganize reyinyon predikasyon pandan tout semèn nan e nan wikenn nan tou. Siveyan sèvis la dwe pran latèt nan dispozisyon sa yo. Èske yo kapab òganize lòt randevou predikasyon nan maten, nan aprèmidi oswa nan aswè ? Yo dwe mete kongregasyon an okouran de dispozisyon yo pran. Sa kapab itil tou si yo mete enfòmasyon yo sou tablo afichaj la.

23 Byennanvan 16 avril la rive, ansyen yo dwe asire yo tout dispozisyon deja an plas pou Memoryal la. Pami dispozisyon sa yo, yo bezwen planifye ki kongregasyon k ap itilize Sal Wayòm nan anvan e kiyès k ap itilize l apre, si gen lòt kongregasyon ki reyini nan menm Sal la. Yo dwe planifye netwayaj Sal la, chèche gen anblèm yo, chwazi manm sèvis akèy ak moun k ap pase anblèm yo. Yo dwe anonse kongregasyon an a ki lè Memoryal la ap fèt e ki kote. Yo dwe di ki chanjman ki genyen nan orè reyinyon semèn nan. Lè yo okipe tout bagay sa yo avèk dilijans, sa pral pèmèt selebrasyon an “ fèt avèk respè e nan lòd ”. — 1 Kor. 14:40.

24 Moun ki alatèt fanmi yo kapab pran yon pati nan tan etid familyal la pou yo pale sou fason fanmi an kapab patisipe nan gwo aktivite ki genyen pandan peryòd Memoryal la. Èske tout fanmi pa w nèt kapab pyonye oksilyè ? Oubyen èske fanmi an ta ka soutni youn oswa plizyè manm pou yo fè sa ? Si sa pa posib, fikse objektif pou tout fanmi an pase plis tan nan predikasyon. Èske gen yon ti jèn nan fanmi an, si l ta jwenn yon ti ankourajman ak yon ti èd, ki ta kapab kalifye pou l vin yon pwoklamatè ? Ki kantite moun fanmi w kapab envite nan Memoryal la ane sa a ? Lè nou fè bonjan planifikasyon, sa pral pote plis benediksyon ak kè kontan nan fanmi an.

25 Byen pwofite tan ki rete a : Lè apot Pyè te ekri kretyen premye syèk yo, li te fè yo sonje tan an ijan, paske fen sistèm de choz juif la te prèt pou rive (1 Pyè 4:7). Jounen jodi a, tout sa n ap wè yo fè nou konnen fen sistèm de choz mondyal la fin rive sou nou. Fason n ap viv chak jou ta dwe montre nou gen konviksyon sa a. Antanke sèvitè Jewova ki zele, se pou n fikse atansyon nou sou travay predikasyon bon nouvèl la, yon travay ki ijan. — Tit 2:13, 14.

26 Kounye la a, se moman pou nou montre nou zele e se moman pou nou aji. Medite sou sa Jewova fè pou ou, sou sa l fè pou fanmi w e sou sa l fè pou kongregasyon an. Menmsi nou pap janm ka peye Jewova pou tout sa l fè pou nou, nou kapab adore l ak tout nanm nou (Sòm 116:12-14). Jewova ap rekonpanse nou pou efò n ap fè avèk dilijans (Pwo. 10:22). Nou tout, annou montre nou “ zele pou sa ki byen ” nan peryòd aktivite espesyal sa a. “ Konsa, se nan tout bagay Bondye ap jwenn glwa pa mwayen Jezi Kris. ” — 1 Pyè 3:13 ; 4:11.

[Kare nan paj 3]

Asistans Memoryal nan lemonnantye

1999 14 088 751

2000 14 872 086

2001 15 374 986

2002 15 597 746

[Kare nan paj 4]

Ki moun w ap envite nan Memoryal la ?

□ Fanmi pwòch nou ak paran nou.

□ Vwazen nou ak moun nou konnen.

□ Kòlèg travay nou, kamarad lekòl nou.

□ Moun n ap vizite ak etidyan nou yo.

[Kare nan paj 5]

Ede moun ki vin asiste Memoryal la

□ Montre yo nou kontan wè yo.

□ Kontinye vizite yo.

□ Ofri yo yon etid biblik.

□ Envite yo nan diskou espesyal la.

[Kare nan paj 6]

Ki objektif ou genyen pou epòk Memoryal la ?

□ Envite omwen yon moun vin asiste Memoryal la.

□ Chèche kalifye w pou w vin yon pwoklamatè bon nouvèl la.

□ Fikse kantite lè w ap pase nan predikasyon.

□ Fikse nan ki domèn ou vle amelyore w nan ministè a.

□ Pran sèvis pyonye oksilyè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje