Repons kesyon w yo
◼ Poukisa li bon pou oditwa a chèche tèks yo nan Bib la lè yon oratè k ap fè yon diskou envite l fè sa ?
Toudepan de sijè k ap devlope a, diskou a, epi si se analiz vèsè pa vèsè yon pòsyon nan Pawòl Bondye a, tou sa ap detèmine ki kantite tèks yo kapab envite oditwa a chèche.
Li enpòtan pou n sonje youn nan rezon ki fè yo li pasaj biblik yo se pou pwouve sa ki di a soti nan Bib la (Tra. 17:11). Yon lòt objektif se pou bay oditwa a plis prèv biblik pou apiye esplikasyon y ap bay yo. Konsa, lafwa tout moun vin ranfòse. Wi, lè moun yo wè sa Bib la di pandan y ap li yon vèsè kle, sa fè yon doub efè sou lespri yo. Anplis chèche tèks yo nan Bib la, moun yo kapab tire pwofi nan pran nòt epi nan byen suiv dewoulman sijè y ap devlope a.
Alòske plan Lasosyete a kapab site yon bon valè tèks biblik pou devlope yon sijè, yo bay tèks sa yo pou ede oratè a nan preparasyon l ap fè. Tèks sa yo kapab ba li plis enfòmasyon pou ede l retni prensip biblik de baz yo byen nan lespri l, e pou ede l konprann devlòpman sijè a. Oratè a ap deside ki tèks ki esansyèl pou devlòpman diskou a, epi l ap envite oditwa a suiv yo avèk li pandan l ap li yo e pandan l ap esplike yo. Li kapab site lòt tèks ki kore diskou a epi li kapab rezime yo, men nan ka sa yo, oditwa a pa oblije chèche yo.
Lè oratè a ap li tèks biblik yo, l ap fè sa dirèkteman nan Bib la, non pa nan yon fèy enprime ki soti nan òdinatè. Lè oratè a envite oditwa a suiv lekti a avèk li, l ap di klèman liv biblik la, chapit la ak vèsè a (oswa vèsè yo). Oratè a ka fè yon pòz pou soulve yon kesyon oubyen pou l fè yon brèf kòmantè sou rezon ki fè l ap li tèks la. Konsa, li bay oditwa a tan pou l jwenn tèks la. Repete tèks la pral ede oditwa a sonje referans lan. Sepandan, li pa rekòmande pou nou site nimewo paj Bib la piske edisyon Bib moun nan oditwa a ap sèvi a kapab pa menm ak pa nou an. Lè oditwa a chèche tèks biblik yo lè yo envite l fè l, sa ede l pwofite pouvwa Pawòl Bondye a, tout pandan y ap esplike Pawòl la nan diskou a. — Ebre 4:12.