BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/00 p. 1
  • Se pou nou gen lakrentif pou Jewova 24 sou 24

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou gen lakrentif pou Jewova 24 sou 24
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Annou viv ak kè kontan nan lakrentif pou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Montre nou saj : krenn Bondye !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Ministè Wayòm nan — 2000
km 12/00 p. 1

Se pou nou gen lakrentif pou Jewova 24 sou 24

1 “ Lakrentif pou Jewova se kòmansman lasajès. ” ​(Sòm 111:10). Li chofe nou pou nou fè bèl zèv epi li ede nou rejte sa ki pa bon (Pwo. 16:6). Lakrentif sa a se yon gwo gwo respè nou genyen pou Kreyatè ki fè nou an. Li pouse nou evite pou nou pa deplè li e pou nou pa dezobeyi li. Lakrentif sa a se bagay nou bezwen devlope nan nou e nou bezwen demontre nou genyen li 24 sou 24. — Pwo. 8:13.

2 Chak jou mantalite monn Satan an ap fè kokenn presyon sou nou pou fè nou konfòme nou ak vye metòd li yo (Efe. 6:11, 12). Kò nou ki fèt nan peche a renmen peche, e tou natirèlman sa ki pa bon atire li (Gal. 5:17). Pakonsekan, pou nou obeyi kòmandman Jewova yo, pou nou gen lakontantman, pou nou jwenn lavi a, fòk nou gen lakrentif pou li 24 sou 24. — Det. 10:12, 13.

3 Nan Ebre 10:24, 25, yo egzòte nou pou nou reyini nou ansanm, dekwa pou youn ankouraje lòt, ‘ sitou ’ nan tan sa yo n ap viv la. Li esansyèl pou nou asiste reyinyon yo regilyèman si nou vle chape vivan nan dènye jou sa yo. Se lakrentif nou genyen pou nou pa deplè Bondye ki pouse nou asiste reyinyon yo epi ki pouse nou ba yo anpil valè. Moun ki gen lakrentif pou Bondye konsidere patisipasyon pa yo nan reyinyon yo kòm yon privilèj sakre.

4 Lè nou obeyi kòmandman pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan, se yon lòt fason pou nou demontre lakrentif nou genyen pou Bondye (Mat. 28:19, 20 ; Travay 10:42). Yon premye bi predikasyon nou an genyen se ede lòt moun devlope lakrentif pou Jewova, epi pou yo soumèt yo pou yo fè volonte l. Nou reyalize bi sa a nan fè vizit, nan fè efò pou nou kòmanse etid biblik, e ansuit nan aprann lòt moun tout kòmandman Bondye yo. Se nan fè konsa n ap demontre lakrentif nou genyen pou Jewova ak lanmou nou genyen pou pwochen nou. — Mat. 22:37-39.

5 Sila yo ki pa gen lakrentif pou Bondye pa rive devlope atitid moun ki apresye bagay espirityèl, e yo viktim anba lè mòtèl oswa konsepsyon monn nan (Efe. 2:2). Annou kenbe fèm nan rezolisyon nou pran pou nou “ bay Bondye yon sèvis sakre [...] avèk lakrentif ak respè pou li. ” ​(Ebre 12:28.) Konsa, n ap rekòlte benediksyon ki rezève pou moun ki gen lakrentif pou Jewova 24 sou 24.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje