Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
Youn nan definisyon yo bay pou lakrentif, sitou lakrentif pou Bondye, se yon “ kokenn lareverans ”. Definisyon sa a tonbe daplon ak bonjan lakrentif yo dekri nan Bib la kòm “ kòmansman lasajès ”. (Sòm 111:10.) Yon lòt bò, gen yon lòt kalite lakrentif ki domine monn Satan ki antoure nou an. Ki jan nou ka evite gen vye lakrentif sa a, tout pandan n ap devlope lakrentif pou Jewova ? Nouvo pwogram asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2002 a ap reponn kesyon sa a. Men tèm asanble a : “ Gen lakrentif pou Bondye epi ba li laglwa. ” (Rev. 14:7). Grasa asanble a n ap vin konprann divès fason lakrentif pou Jewova itil nou pèsonèlman, e fason li itil òganizasyon nou an.
Menmsi lakrentif gen dwa enplike kè kase oswa yon mank kouraj, menmsi li ka fè w santi w renka renka devan sitiyasyon ki difisil, Bib la di bò kote pa l : “ Byennere tout moun ki gen lakrentif pou Jewova. ” (Sòm 128:1). Pwogram asanble a pral montre nou ki jan nou ka fè fas kòrèkteman ak difikilte nou rankontre nan vrè adorasyon an. Nou pral aprann ki jan pou nou ede nouvo yo pou yo devlope bonjan lakrentif sa a pou Bondye. Sa pral motive yo pou yo anvi sèvi l ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ak tout lespri yo e ak tout fòs yo (Mak 12:30). Siveyan distri a ap bay dènye diskou premye jou asanble a. Men tèm diskou sa a : “ Pwoche pi plis toujou bò kote moun ou renmen ”. Li pral eksplike nou ki jan pou nou veyatif pou Dyab la pa rive fè nou bay Jewova do, oswa bay fanmi nou ak frè kretyen nou yo do.
Dezyèm jounen asanble a, ap gen yon senpozyòm an kat pati. Men tit senpozyòm nan : “ Se pou w gen lakrentif pou Jewova, olye w gen lakrentif pou lòm ”. L ap eksplike poukisa e ki jan nou dwe rive venk nenpòt krent ki ta ka anpeche nou akonpli ministè nou an kòmsadwa, oswa anpeche nou rete fidèl ak tout bon konsyans nou, kit se lekòl, kit se nan travay. Diskou piblik la, gen tit sa a : “ Gen lakrentif pou Bondye e obsève kòmandman l yo ”. Li baze sou evènman yo dekri nan Revelasyon chapit 14 la. Asanble sikonskripsyon an ap fini avèk yon ankourajman pou nou “ kontinye mache nan lakrentif pou Jewova ”.
Nou pa gen dwa rate yon pwogram enteresan konsa k ap genyen Lekòl ministè teyokratik, yon modèl reyinyon sèvis, yon diskou batèm ak rezime La Tour de Garde pou semèn nan. Envite moun w ap etidye Bib la avèk yo, pou yo vin asiste asanble a avèk ou. Nenpòt moun ki ta renmen batize ta dwe pale ak siveyan prezidan kongregasyon yo a kou sa posib. Nou tout, n ap kontan demontre yon bonjan lakrentif pou Jewova e n ap rekonèt laglwa a se pou li li ye, lè nou pa rate yon yota nan kokenn pwogram sa a !