Annou aprann nan kasèt videyo La Bible : Un récit historique exact, des prophéties dignes de foi
Apre w fin gade kasèt videyo sa a, èske w kapab reponn kesyon sa yo ? 1) Kilès ki sous bonjan enfòmasyon nou jwenn nan Bib la (Dan. 2:28)? 2) Ki jan Bib la dekri ak presizyon Ejip tan lontan an, e ki jan pwofesi nou jwenn nan Izayi 19: 3, 4 la te reyalize ? 3) Ki jan akeyoloji konfime deskripsyon Bib la fè sou Asiryen yo, sou wa yo te genyen ak jan Asiri depafini (Naw. 3:1, 7, 13.)? 4) Ki pwofesi sou Babilòn ki tonbe daplon ? 5) Ki enfliyans lanpi Medi Pès la te egzèse sou pèp Bondye a ? 6) Ki jan Danyèl 8:5, 8 te reyalize, e konbyen tan alavans sa te predi ? 7) Ki jan Jezi te bay prèv se li ki te vrè Mesi a ? 8) Sou ki pisans politik jodi a pwofesi nou jwenn nan Revelasyon 13:11 ak nan Revelasyon 17:11 la reyalize ? 9) Ki pati nan kasèt videyo a ki pwouve sa Eklezyas 8:9 di a se laverite ? 10) Ki jan prezantasyon sa a fòtifye konfyans ou nan pwomès biblik yo pou lavni an ? 11) Ki jan w kapab sèvi ak zouti sa a pou w konvenk lòt moun Bib la se Bondye ki sous li ?