“ Tout bagay posib pou Bondye ”
1 Premye travay kongregasyon kretyen an se preche mesaj Wayòm nan nan lemonnantye (Mat. 24:14). Se yon kokennchenn aktivite. Anpil obsèvatè panse nou pa gen ekipman pou nou fè yon travay konsa. Pou lòt ankò, yo pa ka konprann ki jan yon moun ta ka aksepte patisipe nan yon travay kote lòt moun ap pase l nan rizib, gen lòt ki kont li, e gen lòt k ap pèsekite l (Mat. 24:9 ; 2 Tim. 3:12). Mal pou kwè yo met nan tèt yo yon travay konsa pa ka fèt. Epoutan, se Jezi ki di : “ Tout bagay posib pou Bondye. ” — Mat. 19:26.
2 Annou imite egzanp pozitif : Lè Jezi te derape ministè li a, li t ap afwonte lemonn pou kont li. Pou lènmi yo te ka anpeche l reyisi, yo pase l anba tout kalte imilyasyon, alafen yo touye l apre yo fin fè l soufri anpil anpil. Atousa, Jezi te rive deklare nan finisman lavi li : “ Mwen venk monn nan. ” (Jan 16:33). Sa reyèlman estwòdinè !
3 Disip Jezi yo te demontre yo gen menm detèminasyon sa a. Yo te chofe menm jan an nan ministè kretyen an. Atout yo te filange anpil ladan yo anba kout fwèt, atout yo te bat yo, yo te jete yo nan prizon, yo te touye ladan yo, ‘ yo te rejwi dèske yo te jije yo merite pou yo avili yo akòz non li ’. (Tra. 5:41.) Malgre te gen sikonstans ki pa t anfavè yo, yo te preche bon nouvèl la “ rive jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a ”. Se yon travay ki te parèt enposib pou moun reyalize. — Tra. 1:8 ; Kol. 1:23.
4 Fason nou fè pou nou reyisi jodi a : Nou menm tou, nou pran responsablite pou nou preche mesaj Wayòm nan avèk zèl, malgre n ap fè fas ak pwoblèm ki parèt twòp pou nou. Entèdiksyon, pèsekisyon, prizon, ak lòt atak vyolan yo fè sou nou pa anpeche nou reyisi kanmenm. Kouman sa fè posib ? “ ‘ Se pa ak konkou fòs militè, ni pa mwayen pisans, men se grasa lespri mwen ’, se sa Jewova chèf lame yo di. ” (Zek. 4:6). Piske Jewova ap kore nou, anyen pa ka anpeche travay nou an fèt ! — Wom. 8:31.
5 Lè n ap preche, nou pa gen okenn rezon pou nou timid, pou nou gen laperèz oswa pou nou santi nou pa alawotè (2 Kor. 2:16, 17). Nou gen twòp rezon pou nou kontinye akselere nan travay simaye bon nouvèl Wayòm nan. Avèk èd Jewova, n ap rive fè sa k “ enposib ” la ! — Lik 18:27.