Repons kesyon w yo
◼ Ki lè yon kongregasyon ta dwe fè yon lòt fwoup etid liv ?
Kongregasyon yo ta dwe egzamine posiblite pou fè yon lòt gwoup etid liv lè sa nesesè defason pou yo ka toujou kenbe yon asistans 15 moun anviwon oswa mwens nan chak randevou, li te mèt randevou etid ki fèt nan Sal Wayòm nan. Poukisa ?
Lè pa gen anpil moun nan yon gwoup etid liv, kondiktè a kapab pote plis atansyon sou chak moun ki vini nan randevou etid la. Yon lòt bò, tout moun ap jwenn kont okazyon pou yo fè kòmantè. Sa ap tou prepare yo pou yo deklare lafwa yo an piblik (Ebre 10:23; 13:15). Lè gen ti gwoup ki simaye divès kote nan tèritwa kongregasyon an, li pi fasil pou moun yo vin asiste etid liv la. Li pi fasil tou pou yo reyini pou y al nan predikasyon. Kongregasyon ki ogmante kantite kote etid liv yo fèt, rann yo kont gen plis moun ki vin asiste etid liv yo.
Gen sikonstans espesyal ki konn fè li apwopriye pou yo fè yon nouvo gwoup, menmsi se yon ti ponyen pwoklamatè ki pral nan gwoup sa a. Sa konn rive nan ka gen yon tèritwa izole, oswa gen twòp moun ki reyini nan randevou yo, oswa randevou yo manke plas. Epitou lè sa nesesè, yo ka fè yon lòt gwoup etid liv ki reyni lajounen anvan l fè nwa. Sa ap fasilite moun ki granmoun anpil yo, mou k ap travay lannuit yo, oswa sè ki gen mari yo ki pa Temwen.
Chak gwoup etid liv ta dwe genyen plizyè pwoklamatè ki espirityèl e ki aktif. Yo ta dwe genyen yon kondiktè kalifye ak yon bon lektè. Frè nan kongregasyon an ta dwe chèche ranpli kondisyon sa yo.
Ansyen yo ka ankouraje pwogrè nan kongregasyon an lè yo asire yo kantite moun ki nan etid liv yo nòmal. Y ap ankouraje pwogrè tou lè yo asire yo gwoup la jwenn bonjan swen espirityèl, e kote yo reyini an bon pou moun yo. Lè sa pratik, yo ta dwe fè lòt gwoup pou yo ka tire yon pwofi totalkapital nan aranjman espirityèl san parèy sa a. Èske w pa ta ka ofri kay ou pou yo fè yon etid liv ? Anpil moun ki fè sa jwenn benediksyon esprityèl.