BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/03 p. 1
  • Èske w ka ofri kay ou ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w ka ofri kay ou ?
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Etid liv : poukisa reyinyon sa a nesesè ?
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Etid liv la : yon dispozisyon ki ede nou
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Ki sa w ka fè pou w jwenn byenfè nan gwoup predikasyon ou ye a?
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 2/03 p. 1

Èske w ka ofri kay ou ?

1 Nan premye syèk la, anpil kretyen te ofri kay yo pou reyinyon kongregasyon an (1 Kor. 16:19 ; Kol. 4:15 ; File. 1, 2). Nan kèk kongregasyon jodi a, pa gen ase kote pou yo fè etid liv ak reyinyon pou predikasyon, se sa ki fè gen gwoup etid liv ki rive gen 30 moun oswa plis ki vini nan reyinyon. Kantite sa a depase lontan sa yo rekòmande pou yon etid liv, swa 15 moun anviwon.

2 Yon gwo privilèj : Èske w te reflechi sou posiblite w genyen pou w ofri kay ou pou etid liv kongregasyon an ? Yon pyès kay ki ase gran, ki pwòp, ki byen klere e ki byen ayere se yon kote ideyal pou fè reyinyon. Etandone etid liv se yon reyinyon kongregasyon an e se yon pati nan aranjman Jewova fè pou l enstwi pèp li, si w gen yon etid liv lakay ou se yon gwo privilèj. Anpil moun fè konnen yo jwenn avantaj espirityèl dèske yo te ofri kay yo pou sa.

3 Si w panse kay ou apwopriye, pa ezite fè ansyen yo konn sa. Petèt y ap chèche lòt kote pou yo fè etid liv. Si lakay ou pa apwopriye pou etid liv, èske yo kapab fè reyinyon pou predikasyon ladan l ? Menmsi pa gen bezwen kounye a, ansyen yo ap byen kontan konnen kay ou disponib. Ou ka byen jwenn privilèj la alavni.

4 Montre nou gen lizaj : Lè nou reyini nan yon mezon prive, tout moun nan asistans lan bezwen montre yo respekte kay moun nan. Paran yo bezwen veye pou timoun yo rete kote yo bay pou etid la, pou yo pa antre kote yo pa ba yo. Nou dwe montre konsiderasyon pou vwazen yo tou yon fason pou nou pa twò deranje yo. — 2 Kor. 6:3, 4 ; 1 Pyè 2:12.

5 Ebre 13:16 ankouraje nou pou nou pa bliye “ fè lebyen epi pataje ak lòt moun, paske se nan sakrifis konsa Bondye pran plezi ”. Lè w ofri kay ou pou yon reyinyon kongregasyon an, se yon bon mwayen pou w pataje bon bagay ak lòt moun e pou w “ onore Jewova avèk bagay ou genyen ki gen valè ”. — Pwo. 3:9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje