Èske w akonpli ministè w konplètman ?
1 Nan liv Travay apot yo, nou aprann lè Jezi t ap akonpli ministè l, li te bay moun yo ‘ yon temwayaj konplè ’ (Tra. 2:40 ; 8:25 ; 28:23). E nou mèt si se te menm objektif sa a Pòl te genyen (Tra. 20:24). Èske se pa objektif pa w kòm minis bon nouvèl la ? Ki jan w ka akonpli ministè sa a ?
2 Prepare prezantasyon pa w : Pou w kapab asire w ap fè yon bon predikasyon, li enpòtan pou w prepare. Sa gen tout enpòtans li lè se peryodik n ap ofri, piske se toutan sijè yo ap chanje. Nan Ministè Wayòm sa a, yo kòmanse ak yon nouvo ribrik dekwa pou nou pi byen pare pou travay sa a. Li gen prezantasyon pou La Tour de Garde ak Réveillez-vous! ki fèk parèt yo. Pou chak peryodik, y ap bay prezantasyon sou yon sijè ki ajou e ki kapab kapte atansyon moun. Ki jan w ka devlope ti prezantasyon sa yo ?
3 Pran youn nan prezantasyon ou santi ki ka byen mache nan tèritwa w la. Pran san w pou w li sijè yo mete an grann manchèt la. Note pwen presi ki ta ka fè sijè a enterese yon moun. Chèche yon vèsè yo site nan peryodik la ki tonbe daplon ak konvèsasyon w ap fè a, yon vèsè ou wè w ka li avèk moun nan. Pou w fini konvèsasyon an, prepare detwa ti mo pou ankouraje l li peryodik la, epi si sa apwopriye, fè l konnen li ka fè ofrann pou travay mondyal Temwen Jewova yo ap fè a. Lè w fini, repete prezantasyon w lan.
4 Prepare w pou w ouvri Bib la : Si w fè yon bon preparasyon pou sa, byen souvan ou kapab antre yon vèsè nan prezantasyon w ap fè a. Pa egzanp, anpil kote, gen pwoklamatè ki gen eksperyans ki al preche kay an kay avèk Bib la nan men yo ki jwenn bon rezilta. Lè yo rive, yo salye moun nan, yo di l :
◼ “ Nou ta renmen poze w yon kesyon : èske w kwè nan pawòl sa a... ” Li Jenèz 1:1. Apresa mande l : “ Èske w dakò avèk sa nou li nan vèsè sa a ? ” Si moun nan dakò, di l : “ Mwen menm tou, mwen dakò. Sepandan, èske w panse piske Bondye kreye tout bagay sa yo, se li ki responsab mechanste k ap fèt yo ? ” Lè w fin montre moun nan ou konprann sa l di a, li Eklezyas 7:29. Ouvri liv Konesans lan nan paj 71, li paragraf 2 a. Ankouraje moun nan pou l li liv la. Si moun nan pa dakò ak sa Jenèz 1:1 di a, ankouraje l li liv Création an.
5 Retounen vizite tout moun ki enterese : Ou pap kapab akonpli ministè w konplètman si w pa retounen vizite tout moun ki enterese yo. Si w fin fè yon bèl konvèsasyon biblik ak yon moun, kit ou fè plasman kit ou pa fè plasman, make non l ak adrès li. Avèk dilijans, eseye fè yon jan pou w devlope enterè moun nan. Pa pran tan pou w retounen, e lè w retounen, ofri l yon etid biblik.
6 Nan premye syèk la, disip yo te konnen Jezi bay lòd pou yo ‘ preche afon ’. (Tra. 10:42.) Menm kòmandman sa a vo pou nou jodi a, paske se sèl fason nou genyen pou nou fè disip (Mat. 28:19, 20). Annou fè tout posib nou pou nou akonpli ministè nou konplètman. — 2 Tim. 4:5.