BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/06 p. 8
  • Fason pou nou prepare prezantasyon peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou nou prepare prezantasyon peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Fè prezantasyon pa w pou w ofri peryodik la
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Fason pou nou sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Annou ofri peryodik nou yo ki “ rann temwayaj pou laverite ”
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Èske w akonpli ministè w konplètman ?
    Ministè Wayòm nan — 2001
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 11/06 p. 8

Fason pou nou prepare prezantasyon peryodik yo

1. Poukisa li pi bon pou nou prepare pwòp prezantasyon pa nou olye pou nou annik aprann pakè sijesyon yo bay nan Ministè Wayòm nan sou jan pou nou prezante peryodik yo ?

1 Petèt ou ka ap mande tèt ou : ‘ Poukisa nou oblije prepare prezantasyon pou peryodik yo alòske gen prezantasyon ki parèt nan chak nimewo Ministè Wayòm ? ’ Byenke anpil moun twouve prezantasyon sa yo itil, li nesesè pou nou toujou fè yon preparasyon pèsonèl. Yon prezantasyon ki efikas nan yon tèritwa kapab pa efikas nan yon lòt tèritwa. Pakonsekan, nou pa ta dwe santi nou oblije repete prezantasyon yo bay yo egzakteman mo pou mo. Menmsi nou chwazi itilize youn nan prezantasyon yo bay yo, li pi bon pou nou prezante ide ki nan prezantasyon an nan pwòp mo pa nou.

2. Ki sa pou w fè pou w chwazi ki atik w ap prezante ?

2 Chwazi yon atik : Apre nou fin li peryodik la, chwazi yon atik nou vrèman renmen, ki apwopriye pou tèritwa nou an. Si nou prezante atik la avèk konviksyon ak antouzyas, sa kapab pouse moun n ap preche a pou l anvi li l tou. Byenke li pwobab pou nou chwazi yon atik k ap enterese pifò moun nan tèritwa kongregasyon an, se pou nou byen familyarize nou ak lòt atik ki nan peryodik la tou. Sa ap pèmèt nou fè ajisteman nan prezantasyon nou an si nou ta rankontre yon moun ki ta pi enterese nan yon lòt sijè.

3. Ki kalite entwodiksyon ou kapab itilize pou w jwenn pi bon rezilta ?

3 Poze yon kesyon : Ansuit, byen prepare entwodiksyon nou pral fè a. Pawòl n ap di nan entwodiksyon an enpòtan. Li kapab itil pou nou poze moun n ap ofri peryodik la yon kesyon k ap eveye enterè l pou atik nou chwazi prezante a. Kesyon ki pouse moun nan bay opinyon l pi efikas. Evite poze kesyon k ap fè moun nan malalèz oswa k ap fè moun nan santi li oblije defann opinyon l.

4. Ki avantaj ki genyen lè nou li yon vèsè pou moun n al preche a lè sikonstans lan pèmèt sa ?

4 Li yon vèsè: Finalman, chwazi yon vèsè pou nou li ak moun nan si sikonstans lan pèmèt nou fè sa, petèt yon vèsè ki nan atik nou pral prezante a. Lè nou li yon vèsè ak moun n ap prezante peryodik la, sa ap ede l wè mesaj nou an soti nan pawòl Bondye a (1 Tes. 2:13). Vèsè a ap tou ba l temwayaj menmsi li ta refize pran peryodik. Gen moun ki eveye enterè moun y ap preche a lè yo li yon vèsè yo byen chwazi anvan yo poze yon kesyon byen presi. Nou ta kapab entwodui vèsè a konsa : “ Mwen ta renmen konn opinyon w sou sa ki di nan vèsè sa a. ” Apre sa, atire atansyon moun nan sou yon pwen nan atik la ki gen rapò ak sa ki di nan vèsè a, epi di kèk ti pawòl pou nou ogmante enterè l plis toujou anvan nou ofri peryodik la.

5. Ki règ de baz ou ta dwe sonje lè w ap prepare yon prezantasyon pou peryodik ?

5 Pa gen okenn règ fiks konsènan sa pou nou di lè n ap prezante peryodik yo. Jeneralman, li pi bon pou prezantasyon nou yo senp e pou yo kout. Sèvi ak yon prezantasyon ki konfòtab pou nou e ki bay bon rezilta. Si nou toujou sonje peryodik yo gen anpil valè, n ap montre nou antouzyas. Si nou fè bonjan preparasyon, n ap pi efikas nan plase Toudegad ak Réveillez-vous ! ak moun ki nan “ dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ” yo. — Tra. 13:48.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje