Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 8 oktòb
Kantik 109
10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou yo gade kasèt videyo Unis grâce à l’enseignement divin an, pou yo ka prepare yo pou dyalòg ki pral fèt nan reyinyon sèvis semèn 22 oktòb la. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, pou w fè de demonstrasyon tou kout. Nan youn y ap prezante La Tour de Garde 15 oktòb la, nan lòt la, y ap prezante Réveillez-vous ! 22 oktòb la.
35 min : “ Sa w te aprann nan kongrè distri ‘ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ’ a, èske w ap mete yo an pratik ? ” Kondiktè etid La Tour de Garde la ap fè yon konvèsasyon avèk oditwa a. Fè yon entwodiksyon ki dire yon minit, apresa rezève 10 a 12 minit pou chak jou kongrè a. Nan chak soutit, pale de pwen ki pi enpòtan yo, epi envite oditwa a fè kòmantè sou 1) ki jan yo te fè efò pou yo te mete sa yo te aprann nan an pratik, 2) ki avantaj yo te jwenn etan yo te aji konsa, epi 3) ki sa yo santi yo dwe fè anplis. Sèvi ak kesyon ki pouse moun reflechi, dekwa pou w chofe konvèsasyon an. Ede tout moun pou yo konprann li nesesè pou yo mete sa yo te aprann nan an pratik.
Kantik 151 ak priyè final.
Semèn 15 oktòb
Kantik 113
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : Èske w gen yon “ kè ki obeyisan ” ? (1 Wa 3:9.) Yon ansyen ap fè diskou sa a. Li baze sou La Tour de Garde 15 jiyè 1998, paj 29-31. Eksplike ki jan nou ka demontre nou obeyisan etan n ap travay avèk kongregasyon an.
20 min : Byen sèvi ak peryodik yo. Siveyan sèvis la ak frè ki responsab sèvis peryodik la ap pale de enkyetid yo genyen konsènan distribisyon peryodik nan tèritwa a. Yo di konbyen peryodik kongregasyon an resevwa chak mwa, e yo konpare kantite sa a ak kantite peryodik kongregasyon an distribye selon chif rapò yo bay. Sa klè, gen bon kou peryodik yo estoke oswa ki gaspiye. Ki jan pwoklamatè yo ka pi byen sèvi ak peryodik yo ? Frè yo ap pale sou sèt pwen ki nan reyinyon sèvis semèn 4 oktòb 1999 la, nan atik ki di : “ Se pou n gen reflèks peryodik ! ” Y ap pale de eksperyans ki nan paj 28-9 La Tour de Garde 15 fevriye 1998 la, e y ap egzamine kèk fason yo ka mete sijesyon sa yo an pratik nan kongregasyon an. Yo ankouraje tout moun pou yo eseye prezantasyon ki parèt chak mwa nan Ministè Wayòm nan.
Kantik 156 ak priyè final.
Semèn 22 oktòb
Kantik 120
10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, pou w fè de demonstrasyon tou kout. Nan youn y ap prezante La Tour de Garde 1e novanm nan, nan lòt la, y ap prezante Réveillez-vous ! 8 novanm nan.
10 min : Ki repons ou ta bay ? Atire atansyon sou paj 399 ki nan liv Comment raisonner a, kote yo reponn kesyon sa a : “ Ki jan Temwen Jewova yo fè rive eksplike Bib la jan yo eksplike l la ? ” Fè yon demonstrasyon, yo te byen prepare, ki montre kouman yon moun ka reponn kesyon sa a nan yon nouvèl vizit. Pou fini, envite moun nan nan reyinyon.
25 min : “ Kasèt videyo Unis grâce à l’enseignement divin an, se yon amòs ki montre vrè inite fratènèl la. ” Konvèsasyon avèk oditwa a. Sèvi ak premye paragraf la pou nou fè entwodiksyon an, epi ak dènye paragraf la pou nou fè konklizyon an. Poze chak kesyon ki nan atik la, pou w ka chofe oditwa a pou l patisipe nan konvèsasyon an. Mande nenpòt moun nan kongregasyon an ki deja asiste kongrè nan lòt peyi, pou yo di ki jan yo te santi yo apre yo rann yo kont jis nan ki pwen òganizasyon an se yon òganizasyon entènasyonal, ki gen inyon ladann. Si sa pa posib, pale de kèk eksperyans ki touchan ou jwenn nan Annuaire 1994 la, paj 7-9, oswa nan Annuaire 1995 lan, paj 8-11. Nan mwa desanm, nou pral gade kasèt videyo Jusqu’aux extrémités de la terre la.
Kantik 47 ak priyè final.
Semèn 29 oktòb
Kantik 164
12 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa oktòb. Pou mwa novanm, n apral ofri bwochi Bondye vle a, oswa liv Konesans lan. Fè yon demonstrasyon tou kout. Men sa w ka di : “ Nan tan di sa a, anpil moun twouve li difisil pou yo chèche lavi a. Èske w panse gouvènman lèzòm yo pral rive rezoud pwoblèm sa a yon fason pou tout moun satisfè ? [Kite moun nan reponn.] Mwen jwenn yon pwomès biblik ki rekonfòtan. ” Li Sòm 72:12-14. Annapre, sèvi ak yon kòmantè apwopriye ou jwenn anndan piblikasyon yo pou w ofri bwochi Bondye vle a, oswa liv Konesans lan.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
18 min : “ Èske w gen bonjan apeti espirityèl ? ”a Envite oditwa a fè lòt kòmantè ki sòti nan paj 28-31 La Tour de Garde 15 avril 1997 la, pou l eksplike poukisa nou dwe fè efò pou nou toujou gen bonjan apeti espirityèl, e ki jan nou ka fè sa.
Kantik 181 ak priyè final.
Semèn 5 novanm
Kantik 167
10 min : Anons lokal.
18 min : Preparasyon reyinyon an fanmi. Yon papa ap fè yon ti pale ak fanmi l sou fason pou tout moun prepare yo pou yo patisipe kòmsadwa nan reyinyon yo. Etan y ap sèvi ak sijesyon ki bay nan paj 19-20, § 9 La Tour de Garde 1e jiyè 1999 la, y ap prepare yo pou yo fè kòmantè nan etid La Tour de Garde pou semèn nan. 1) Chak manm fanmi an chwazi youn oswa de kesyon pou yo fè kòmantè pa yo. 2) Apre yo fin gade paragraf yo vle kòmante yo, yo bay repons ak pwòp mo pa yo. 3) Yo chwazi vèsè kle yo, yo gade ki rapò vèsè sa yo genyen avèk sijè y ap devlope a, e yo prepare sa y ap di pou yo fè aplikasyon avèk vèsè sa yo. Tout fanmi an chofe pou y al patisipe nan reyinyon an.
17 min : “ Ki objektif nou ? ”b Ensiste sou nesesite pou nou ede etidyan yo konprann enpòtans pou yo vini nan reyinyon. Nan yon demonstrasyon nou te byen prepare, sèvi ak paragraf 6-8 nan chapit 17 liv Konesans lan, pou nou montre ki jan pou nou fè sa.
Kantik 186 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.