Kasèt videyo Unis grâce à l’enseignement divin an, se yon amòs ki montre vrè inite fratènèl la
Yon siveyan sikonskripsyon te al asiste etid biblik yon fi ki potko janm kòmanse vini nan reyinyon. Siveyan an te envite fi a gade kasèt videyo Unis grâce à l’enseignement divin an. Nan menm semèn nan, fi a te vin nan reyinyon, e li di li te kontan li te la. Poukisa kasèt videyo sa a te fè yon efè rapid sou li konsa ? Fi a di, sa k te frape l, se jan kasèt la dekri bèl inite fratènèl nou rive demontre, alòske nou nan mitan yon monn ki vyolan, yon monn k ap preche rayisman. — Jan 13:35.
Gade kasèt videyo sa a pou w ka wè e pou w ka viv anbyans lapè ak lanmou nou jwenn pami Temwen Jewova yo nan lemonnantye. Annapre, medite sou kesyon sa yo :
1) Poukisa tèm kongrè sa a : “ L’enseignement divin ”, se te yon tèm ki te byen tonbe nan ane 1993-1994 ? — Mika 4:2.
2) Ki efè verite ki nan Bib la te fè sou kèk fanmi ? Ki efè li te fè sou fanmi pa w ?
3) Poukisa li enpòtan pou se Jewova ki anseye nou ? — Sòm 143:10.
4) Ki kalite difikilte yo dwe rezoud pou yo prepare kongrè entènasyonal yo ?
5) Ki jan w fè wè sa ki di nan Sòm 133:1 ak sa ki nan Matye 5:3 reyalize nan kongrè w deja asiste yo ?
6) Ki prèv piblik ki montre ansèyman Bondye a fè gwo efè sou moun ? — Rev. 7:9.
7) Ki pi gwo kantite moun ki te batize kòm vrè kretyen ?
8) Ki pawòl ni Mika, ni Pyè, ni Jezi te di, ki reyalize sou Temwen Jewova yo ?
9) Pèsonèlman, ki prèv ou genyen ki montre se pa reve n ap reve lè nou imajine lèzòm k ap viv ak kè kontan, k ap viv nan tèt ansanm ?
10) Ki moun ou pral fè wè kasèt videyo sa a, e poukisa ?
Yon sè ki te fin gade kasèt videyo a, te byen rezime sa l te santi apre sa. Li di : “ Videyo a ede m plis pou m toujou sonje, nan moman n ap pale la a, gen anpil frè ak sè nan lemonnantye k ap sèvi Jewova fidèlman. [...] Ala bèl, inite fratènèl nou an bèl ! ” — Efe. 4:3.