Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 nov.
“ Nou tout nou konn tande moun k ap di : ‘ Jezi mouri pou nou. ’ [Site Jan 3:16]. Èske w janm mande tèt ou ki jan lanmò yon sèl moun ka fè sove tout moun ? [Kite moun nan reponn.] Bib la reponn kesyon sa a yon fason senp. Sijè sa a ki di : ‘ Jezi sove moun, men se ki fason ? ’, eksplike pwen sa a klè. ”
Réveillez-vous! 22 nov.
“ Daprè ou menm, èske lèzòm fè tousa yo kapab pou yo pwoteje anviwònman an ? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun ap mande tèt yo si ti ekilib ki rete nan anviwònman an, ki pèmèt lavi a posib toujou sou tè a, ap dire nètale. Erezman Bondye enterese seryezman nan kesyon sa a. [Li Neyemya 9:6.] Réveillez-vous ! fè yon rale sou ki jan lavi sou tè a ap ye demen. ”
La Tour de Garde 1ye des.
“ Semèn sa yo, se moman nan ane a kote anpil moun ap bay kado, anpil moun ap resevwa kado, epi y ap fè jantiyès. Sa fè nou sonje Règ d ò a. [Li Matye 7:12.] Èske w panse li posib pou nou kite Règ d ò a dirije nou toutan nèt ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a ap fè nou reflechi sou kesyon sa a : ‘ Règ d ò a, èske li toujou itil ? ’ ”
Réveillez-vous!! 8 des.
“ Bib la pwomèt, yon jou ap rive, pèsonn pap di ‘ yo malad ankò ’. [Li Izayi 33:24.] Réveillez-vous ! sa a ale nan menm sans ak pwomès sa a. Li pale de yon maladi ki frape moun pa milyon, jèn moun kou granmoun. Men tit li : ‘ Maladies articulaires : des raisons d’espérer. ’ Mwen sèten w ap jwenn bonjan enfòmasyon nan Réveillez-vous ! sa a. ”