Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 desanm
“ Nan epòk sa a, anpil moun ap reflechi sou nesans Jezi. Èske w konnen gen bagay enteresan nou ka aprann lè nou li sa Labib di sou nesans Jezi ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, ale nan paj 5 lan, epi li 2 Timote 3:16.] Toudegad sa a egzamine kèk nan leson sa yo. ”
Réveillez-vous! 22 desanm
“ Jodi a, jwèt ki gen vyolans gaye toupatou. Ou pa panse manman ak papa pitit ta dwe enkyete sou efè jwèt sa yo ka genyen sou pitit yo ? [Kite moun nan reponn.] Se vèsè nou pral li la a ki sèvi gid pou anpil paran. [Li Sòm 11:5.] Réveillez-vous ! sa a ap ede fanmi yo egzamine danje ki makònen ak jwèt elektwonik yo. ”
La Tour de Garde 1ye janvye
“ Lè yon moun gen moun pa l ki mouri oswa k ap soufri anba yon maladi, li konn ap mande tèt li : ‘ Poukisa Bondye pèmèt sa rive? ’ Petèt ou menm tou ou konn poze tèt ou kesyon sa a. Bib la fè nou konnen Bondye gen konpasyon pou moun k ap soufri. [Li Izayi 63:9a.] Peryodik sa a esplike nou poukisa nou kapab sèten Bondye ap mete yon fen nan soufrans. ”
Réveillez-vous! 8 janvye
“ Dapre ou menm, èske gouvènman yo ta dwe bloke libète lapawòl ? [Kite moun nan reponn.] Èske yon moun pa ta dwe santi l lib pou l pale de relijyon l, tankou jan yo montre sa nan vèsè nou pral li la a ? [Li Travay 28:30, 31.] Sa pa gen twò lontan, gen yon ka konsa ki te parèt devan Lakou siprèm Etazini. Nou envite w li Réveillez-vous ! sa a pou w wè ki jan sa te pase. ”