Annou kontinye rann temwayaj pou travay estrawòdinè Jewova fè
1. Ki kèk nan travay estrawòdinè Jewova fè ou apresye patikilyèman ?
1 Nou pa ka konpare Jewova, Gran Dye nou an, avèk pèsonn ! Men sa David te ekri : “ Ou menm, ou fè anpil bagay, o Jewova Bondye mwen an, wi, travay estrawòdinè ou yo ak panse ou genyen pou nou yo. Nanpwen pèsonn ki ka konpare avè w. ” (Sòm 40:5). Nan travay estrawòdinè Jewova fè yo nou jwenn kreyasyon linivè a, Wayòm mesyanik la, fason li manifeste bonte ki plen lanmou anvè pèp li a ansanm ak kanpay predikasyon mondyal la (Sòm 17:7, 8 ; 139:14 ; Dan. 2:44 ; Mat. 24:14). Lanmou nou pou Jewova ansanm ak rekonesans nou pou tout sa l fè pouse nou pale de li ak lòt moun (Sòm 145:5-7). Pandan mwa mas, mwa avril ak mwa me, nou pral gen okazyon pou nou fè sa plis toujou.
2. Ki byenfè n ap jwenn pèsonèlman lè nou pyonye oksilyè ?
2 Antanke pyonye oksilyè : Èske w kapab aranje pwogram ou pou w pase 50 èdtan nan predikasyon pandan youn oswa plizyè nan mwa aktivite espesyal sa yo ? Sètènman. Sa ap pwofitab si w fè nenpòt ti ajisteman nan pwogram nòmal ou (Efe. 5:16). Pou anpil moun, sèvis pyonye oksilyè ede yo amelyore kalite ministè yo. Yo santi yo vin pi alèz pou yo prezante mesaj la e yo jwenn plis okazyon pou yo sèvi ak Bib la. Lè yo pase plis tan nan predikasyon, sa pèmèt yo kontinye ede moun ki enterese, e moun ki potko gen etid konn tou kòmanse kondui youn pandan yo pyonye oksilyè. Lefètke sèvis pyonye oksilyè pèmèt nou fè plis pou ede lòt moun, sa fè nou wè nan ki pwen se yon aktivite ki bay kè kontan. — Tra. 20:35.
3. Ki jan yon seri moun fè rive antreprann sèvis pyonye oksilyè malgre yo nan sitiyasyon difisil ?
3 Pa kouri di sitiyasyon pa w pap pèmèt ou pyonye oksilyè. Ane pase, te gen yon ansyen ki te antreprann sèvis pyonye oksilyè alòske li te gen de timoun e li te nan yon djòb a plen tan. Ki jan frè sa a te fè, malgre l se yon moun ki okipe ? Piske l t ap travay lasemèn, li te aranje l pou l preche plis nan wikenn, konsa, li te kòmanse bay temwayaj nan lari toule samdi a 7 è dimaten. Nan kongregasyon an gen plizyè pyonye ki gen menm pwoblèm nan tou, men youn sipòte lòt, youn ankouraje lòt. Nan yon lòt kongregasyon, yon sè ki gen 99 ane te deside pou l pyonye nan mwa me apre pitit fi li te di li l ap avèk li. Gen lòt moun nan kongregasyon an ki te ede sè aje sa a, yo te konn pouse chèz woulant li a pou li. Sa pèmèt li preche kay an kay oswa al fè etid. Li te preche tou nan telefòn, nan lari e li te konn ekri moun. Li kwè si se pa t èd Jewova li pa t ap ka rive fè sa ak pwòp fòs pa l. — Iza. 40:29-31.
4. Ki pwen li ta bon pou n konsidere lè n ap fè yon pwogram pou nou antreprann sèvis pyonye oksilyè ?
4 Eseye fè yon pwogram ki koresponn ak sitiyasyon pa w. Echantiyon pwogram nou jwenn nan ministè sa a kapab ede w. Èske w ap travay a plen tan oswa èske w lekòl ? Yon pwogram ki plis mete aksan sou wikenn kapab pi bon pou ou. Si w gen pwoblèm sante oswa kò w pa pèmèt ou pase tout yon jounen nan predikasyon, yon pwogram kote w ap ka pase yon ti tan ladan l chak jou kapab pi bon pou ou. Pale ak lòt moun sou dezi ou genyen pou w pyonye oksilyè. Petèt yo menm tou yo ka fikse sa kòm objektif.
5. Ki objektif jèn yo kapab fikse pou mwa mas, mwa avril ak mwa me ?
5 Fason jèn yo ka patisipe : Jewova kontan lè jèn yo pale ak lòt moun sou travay estrawòdinè li fè (Sòm 71:17 ; Mat. 21:16). Si w se yon jèn ki batize, ou kapab antreprann sèvis pyonye oksilyè nan mwa ki gen vakans yo. Si w pa ka pyonye, èske w fikse objektif pou w ogmante patisipasyon w nan predikasyon, oubyen èske w fikse objektif pou w amelyore kalite predikasyon w ? Si w ap preche ak paran w kòm pwoklamatè ki poko batize, kounye a se yon bon moman pou w ta chèche kalifye w. Ou pa bezwen santi fòk ou se yon espè nan reponn kesyon biblik oswa fòk ou konn anpil bagay tankou granmoun ki batize yo. Èske w konprann ansèyman fondamantal Bib la ? Èske w rete kole sou prensip moral Bib la ? Èske w vle yo rekonèt ou kòm yon Temwen Jewova ? Kidonk, pale sou sa ak paran w. Yo kapab pran dispozisyon pou y al kot ansyen yo avèk ou pou ansyen yo wè si w ranpli kondisyon yo. — Gade nan liv Notre ministère, paj 98-9.
6. Ki jan nou kapab ede etidyan yo pou yo vin pwoklamatè bon nouvèl la ?
6 Ede lòt yo pou yo preche : Pandan mwa aktivite espesyal k ap vini yo, etidyan ki pwogrese yo ta ka vin jwenn avèk nou pou yo sèvi antanke pwoklamatè. Si w gen yon etidyan k ap fè bonjan pwogrè, ou kapab fè siveyan etid liv la oswa siveyan sèvis la konn sa. Youn nan yo kapab akonpaye w nan etid la pou yo rann yo kont ki pwogrè etidyan an fè. Si etidyan an kalifye e li vle vin yon pwoklamatè, siveyan prezidan an ap pran dispozisyon pou de ansyen fè yon ti pale avèk ou ansanm avè l. (Gade nan La Tour de Garde 15 novanm 1988, paj 17.) Kou yo fin apwouve etidyan an, kòmanse fè pratik avè l nan predikasyon.
7. Ki jan yo ka ede pwoklamatè ki iregilye oswa ki inaktif ?
7 Siveyan etid liv yo dwe bay yon atansyon espesyal ak moun nan gwoup la ki inaktif oswa ki iregilye. Envite yo vin preche avè w. Si yo gen lontan depi yo inaktif, li bon pou de ansyen fè yon ti pale avèk yo pou wè si yo kalifye. (Gade Repons kesyon w yo ki nan Ministè Wayòm novanm 2000.) Zèl kongregasyon an pandan mwa aktivite espesyal sa yo pral ankouraje yo pou yo toujou patisipe regilyèman nan travay predikasyon an.
8, 9. Ki sa ansyen yo kapab fè pou chofe pwoklamatè yo pou peryòd aktivite espesyal la ?
8 Prepare n depi kounye a pou aktivite yo ki pral ogmante : Depi kounye a, ansyen yo kapab kòmanse chofe kongregasyon an pou sèvis pyonye oksilyè. Nou kapab fè plis toujou lè nou fè kòmantè ki ankourajan ak lè nou bay bon egzanp (1 Pyè 5:3). Ki dènye maksimòm kongregasyon an te atenn kòm pyonye oksilyè ? Èske n pa ta ka depase l ane sa a ? Siveyan etid liv yo ak adjwen yo dwe chèche fason pou yo ankouraje tout moun ki nan gwoup la pou yo ogmante aktivite yo. Siveyan sèvis la ka prevwa fè plis reyinyon predikasyon. Enfòme kongregasyon an davans sou ki aranjman ki fèt. Veye pou se pwoklamatè konpetan ki dirije reyinyon predikasyon yo, bat pou reyinyon sa yo kòmanse alè e pou yo fini alè. (Gade Repons kesyon w yo ki nan Ministè Wayòm septanm 2001.) Siveyan sèvis la dwe fè aranjman pou gen ase tèritwa, ase peryodik ak ase piblikasyon ki disponib.
9 Ane pase, byen bonè, ansyen nan yon kongregasyon te kòmanse ankouraje pwoklamatè yo avèk antouzyas pou yo pran sèvis pyonye oksilyè e plizyè nan yo te ranpli yon demann. Yo te fè aranjman pou gen plis reyinyon predikasyon ki òganize. Te gen youn nan maten, a 5 è edmi pou predikasyon nan lari, te gen yon lòt a 3 è nan aprèmidi pou moun ki sot lekòl, e te gen yon twazyèm randevou ki te fèt a 6 è nan aprèmidi pou moun ki sot travay. Anplis de sa, yo te fè twa reyinyon predikasyon toule samdi. Kongregasyon an te byen reyaji nan mwa avril, kote te gen 66 pwoklamatè ki te enskri kòm pyonye oksilyè.
10. Ki jan fanmi yo ka prepare yo pou yo ogmante aktivite yo ?
10 Poukisa nou pa pran yon ti tan nan pwochen etid familyal la pou nou pale sou objektif ki rezonab nou ka fikse pou mwa k ap vini yo ? Si gen bon planifikasyon ak bon kowoperasyon, kèk moun nan fanmi an oswa yo tout ka pran sèvis pyonye oksilyè. Si sa pa posib, nou ka fikse objektif pou n ogmante aktivite nou lè nou pwolonje tan nou te konn pase nan predikasyon oswa lè nou soti preche pi souvan. Fanmi an ka priye sou sa. Nou mèt sèten Jewova ap beni efò nou yo. — 1 Jan 3:22.
11. a) Ki bèl bagay sakrifis Kris la reyalize ? b) Ki dat Memoryal la ap fèt, epi ki kote ?
11 Travay ki pi estrawòdinè Bondye fè a : Pi gwo ekspresyon lanmou Jewova se lè li bay pitit li a kòm ranson pou nou (1 Jan 4:9, 10). Sakrifis la ki sèvi kòm ranson an se baz legal pou sove limanite anba peche ak lanmò (Wom. 3:23, 24). San Jezi ki koule a rann nouvèl alyans lan posib, li pèmèt moun enpafè gen posiblite pou yo adopte yo kòm pitit Bondye avèk espwa pou y al dirije nan Wayòm syèl la (Jer. 31:31-34 ; Mak 14:24). Sa ki pi enpòtan an, obeyisans san fay Jezi a te sangtifye non Jewova (Det. 32:4 ; Pwo. 27:11). Dimanch 4 avril, apre solèy la fin kouche, yo pral komemore Memoryal lanmò Kris la nan lemonnantye.
12. Ki jan prezans nou nan selebrasyon Soupe Seyè a kapab pwofitab pou moun ki enterese yo ?
12 Selebrasyon Soupe Seyè a glorifye Jewova pou travay estrawòdinè li fè. Diskou a pral ogmante konpreyansyon nou e l ap ogmante rekonesans nou pou sa Jewova fè pou l ban nou ranson an. Moun ki enterese ki vin asiste yo pral gen posiblite pou yo wè yon lòt travay estrawòdinè Bondye fè. Yo pral gen posiblite wè pèp Jewova a k ap pratike inite ak lanmou sensè, jan Jewova anseye l sa (Efe. 4:16, 22-24 ; Jak 3:17, 18). Lè yon moun prezan nan yon okazyon enpòtan konsa, sa kapab fè gwo efè sou li. Poutèt sa, n ap fè tout posib nou pou nou la. — 2 Kor. 5:14, 15.
13, 14. Kiyès nou ta dwe envite nan Memoryal la, e ki jan n ap fè sa ?
13 Ann envite moun vin asiste : Kòmanse prepare w depi kounye a. Fè lis moun w ap envite yo. Mete nan lis la moun nan fanmi w ki pa kwayan, vwazen, kòlèg travay, kamarad lekòl, ansyen etidyan, moun k ap etidye kounye a ansanm ak tout moun w ap retounen vizite. Nan lis pa yo a, siveyan etid liv yo dwe mete pwoklamatè ki inaktif yo.
14 Sèvi ak fich envitasyon yo, ekri sou yo lè Memoryal la ap fèt epi ki kote. Ou kapab sèvi tou ak envitasyon ki parèt nan do La Tour de Garde 15 mas 2004 oubyen Réveillez-vous ! 22 mas 2004. Lè 4 avril la prèske rive, fè moun ki nan lis nou yo sonje Memoryal la. Nou kapab swa al vizite yo oswa rele yo nan telefòn.
15. Ki jan nou ka montre nou se moun ki gen ospitalite nan sware Memoryal la ?
15 Jou Memoryal la : Fè efò pou nou rive bonè nan Memoryal la. Montre nouvo yo nou gen ospitalite, montre yo nou kontan wè yo (Wom. 12:13). Nou gen yon responsablite espesyal anvè moun nou envite yo. Fè moun yo santi yo alèz. Fè yo fè konesans ak lòt moun nan kongregasyon an. Petèt, nou kapab fè yo jwenn yon plas pou yo chita bò kote nou. Si yon moun pa gen Bib oswa kantik, nou kapab suiv avèk li oubyen nou ka fè yon lòt moun ede l. Apre selebrasyon an, se pou nou disponib pou n reponn kesyon yo ta ka poze nou. Si gen moun ki vini pou premye fwa, mande yo si yo pa ta renmen konnen plis bagay sou Pawòl Bondye a ak sou pwogram li. Ofri yo pou nou etidye Labib avèk yo lakay yo.
16. Ki sa k ka fèt pou ede moun ki te asiste Memoryal la kontinye pwogrese nan domèn espirityèl ?
16 Kontinye ede moun ki te asiste yo : Apre Memoryal la nou bezwen bay moun ki te vin asiste yo plis èd. Nou bezwen ede tou, moun ki te konn asiste reyinyon regilyèman avèk nou men ki prèske pa fè sa ankò. Ansyen yo ap veye pou yo pa bliye moun sa yo lè yo chèche konnen poukisa moun sa yo pa fè plis pwogrè nan domèn espirityèl. Ede yo konprann tan an ijan (1 Pyè 4:7). Ede tout moun wè byenfè y ap jwenn lè yo obeyi egzòtasyon Bib la, kote li ankouraje nou pou nou reyini regilyèman ansanm ak pèp Bondye a. — Ebre 10:24, 25.
17. Poukisa nou dwe kontinye rann temwayaj pou travay estrawòdinè Jewova fè ?
17 Menmsi nou viv pou toutan nou pap fin rive konprann tout travay estrawòdinè Jewova fè (Jòb 42:2, 3 ; Ekl. 3:11). Pakonsekan, ap toujou gen bagay ki pou fè nou chante louwanj Jewova. Epòk Memoryal la se yon bon okazyon pou nou demontre rekonesans nou pou travay estrawòdinè Jewova fè. N ap fè sa lè nou fè yon efò espesyal pou n ogmante patisipasyon nou nan travay predikasyon an.
[Tablo nan paj 5]
Èske si w sèvi ak youn nan pwogram sa yo ou pa ta ka pyonye oksilyè ?
Mas D L* M* M* J V S Mwa Total
Chak jou 2 1 1 1 1 1 5 51
De jou 0 5 0 5 0 0 0 50
Wikenn sèlman 5 0 0 0 0 0 8 52
Wikenn ak
de jou lasemèn 2 0 0 2 0 2 6 50
Avril D L M M J* V* S Mwa Total
Chak jou 2 1 1 1 1 1 5 50
De jou 0 0 0 0 5 5 0 50
Wikenn sèlman 5 0 0 0 0 0 8 52
Wikenn ak
de jou lasemèn 2 0 0 2 0 2 6 50
Me D* L* M M J V S* Mwa Total
Chak jou 2 1 1 1 1 1 4 51
De jou 0 5 0 0 0 0 5 50
Wikenn sèlman 3 0 0 0 0 0 7 50
Wikenn ak
de jou lasemèn 2 0 0 2 0 2 5 51
* Gen senk nan mwa a